Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 25 Mas 2025 -Tinouvel.com
Ayiti: PNH ak Primati yon seyans foto"Pou lagalri" Nan mitan yon kawo san non
Rezo sosyo anflame apre Primati pibliye plizyè foto ki prezante yon sanblan nòmalite enstitisyonèl .Premye Minis, Alix Didier Fils-Aimè ak Direktè Jeneral PNH Rameau Normil kòtakòt kap enspekte ansanm yon echantiyon nan nouvo ekipman tankou dron yo ta dwe remèt PNH la pou sipòte operasyon sou teren an e ranfòse kapasite operasyonèl PNH .
Dapre piblikasyon primati a ,seyans foto gen pou objektif montre "Gouvènman an ap aji ak detèminasyon pou konbat ensekirite a ,men eske foto sa yo montre vre relasyon ant chèf primati a ak chèf polis la .
Imaj sa yo, ki emèt sou rezo sosyal yo ak nan laprès ofisyèl la, montre yon diferans tèt chaje ant vre nati relasyon ant 2 chèf sa yo.Anpil moun denonse l tankou yon senp operasyon kominikasyon yon kanpay de cham yo konsidere kòm "dekonekte" ak "sinik".Ki la pou anjolive relasyon PNH ak Biwo Premye Minis , yon relasyon ki konfliktyèl kap anpire 2 jou an jou, selon Rudy Sanon nan emisyon Se sa nou vle 25 mas la.
Foto yo, ki te pran andedan biwo Premye Minis la nan Pòtoprens, montre ofisye PNH yo ak bèl inifòm yo , poze ansanm ak PM Alix Dedier Fils aime an prezans Minis Jistis la, Di ak enspektè anchèf PNH kap gade yon imaj dron sou yon ekran televisyon ki montre yon Potoprens bidonvilize ki toujou kontwole pa gang viv ansam yo , dapre sous lokal yo, 90 pousan teritwa pedi nan Kapital la.
Entènòt yo reaji ak anpil "humour" anba foto sa a "Nèg yo ap gade yon film ki rele: Haïti sans issue." e youn pi komik toujou montre yon pa pran oserye imaj Primati a poste yo "Ki film nap gade la ti mesye????
Demanti lapolis
Kritik yo ak demanti yo te vini byen vit .Kowòdinasyon Laprès ak Relasyon Piblik anonse sou paj ofisyèl li :"Pa gen okenn livrezon dron primati te fè pou PNH pou kanpe rimè kap sikile sou rezo sosyal yo ki anonse Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ta resevwa nouvo ekipman ak materyèl dron lendi 24 mas 2025 la, li ajoute nan piblikasyon demanti sa a:"Enstitisyon Lapolis la vle fè piblik la,Laprès an patikilye,Direktè Jeneral Enterimè PNH la,Mesye Rameau, pa resevwa okenn dron.
Lè imaj yo vle ranplase aksyon yo
Analis sou seyans foto a montre se yon pati nan yon estrateji dezespere pou lejitimize yon pouvwa ki febli. Depi demisyon kontwovèse Ariel Henry nan mwa mas 2024, gouvènman pwovizwa yo ak CPT enpoze pa kominoite entènasyonal la a ap lite pou konvenk popilasyon an ak patwon li yo kapasite yo genyen pou jere kriz la.
PNH la, limenm ak defeksyon nan mitan l mete sou akizasyon konplisite ak gang yo, sanble bay kominikasyon plis priyorite olye yo mennen operasyon reyèl sou teren an.
Nou te li sou nan nòt CPRP a :"Sou lidèchip Kòmandan an Chèf, Mesye Rameau NORMIL, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) poutan ap kontinye fè operasyon kont gang ak resous ki genyen yo".Yo chak (Primati ou swa PNH) ap rale drap sou yo pou kache peye yo.
Kanpay piblisite politik sa yo ap fèt nan menn moman peyi a plonje pi fon nan vyolans ak anachi chak jou kontinye soulve kòlè polilasyon ki denonse 2 chèf yo kap souri ,bay lanmen , kap ri ,bo , pandansetan bandi viv ansanm sou yon tèt kay touye 5 moun ak blese 29 lot sou wout Delmas menn jou seyans foto yo gang teyoris atake Kenskoff.
Rezo sosyal ayisyen yo chaje ak kòmantè komik , yo rele inisyativ la "teyat pou maske echèk leta a".
"Nou pa bezwen wè foto materyèl kap itilize, se jis rezilta nou bezwen…
Kenbe materyèl yo an prive svp!"
yon lòt entènòt ekri anba foto Primati a
"Frèzesè Edem di de kout béniswa letenèl paske rameau antann li ak pm nan .
Rezilta pa lwen ti souri de oufff ,
Ti materiel de ouffff oh waaaaw"
Yon popilasyon abandone
Pandan Biwo Premye Minis la ak PNH ap fè foto youn ak lòt, Ayisyen ap kouri kite katye yo, lopital yo manke medikaman, timoun yo pa ale lekòl ankò paske yo pè vyolans. Reyalite seyans foto diferan ak lavi chak jou sitwayen yo:
- Nan Pòtoprens, prèske 200 000 moun fèmen lakay yo akoz atak gang.
- Sèlman 30% komisarya PNH yo ap fonksyone nòmalman, daprè yon rapò entèn laprès lokal la konsilte.
-Prèske 60,000 moun te kouri kite Pòtoprens nan espas yon mwa, dapre yon rapò Òganizasyon Entènasyonal Migrasyon an (OIM) pibliye 18 mas 2025.
-Travayè imanitè yo gen enkyetid pou yon dezas sante iminan, paske enfrastrikti sante yo deja debòde e anpil wout rete enfranchisab akòz blokaj gang yo mete.
- Apèl pou èd nan men òganizasyon imanitè yo, tankou Medsen San Fwontyè, rete san repons.
Fas ak sitiyasyon sa a, kominote entènasyonal la rete pasif, pandan Ayisyen ap tann entèvansyon desizif pou bloke desann nan lanfè sa a.
Misyon sipò miltinasyonal Kenya ap dirije, toujou ap tann deplwaman, montre limit repons entènasyonal la.Lèzetazini ,LONI ak Kanada, pandan y ap jele byen plizyè chèf gang ak kravat tankou a sapat , ap evite plis patisipasyon nan batay kont bandi yo paske yo ta di yo pè plis echèk.
Yon diplomat ewopeyen, ki vle rete anonim, deklare: "Foto sa yo pa asire pèsonn. Si gouvènman an te espere rasire patnè etranje li yo , inisyativ la sanble gen efè opoze a.
Donatè yo ap tann aksyon konkrè: dezame gang, òganize eleksyon, sekirize wout pou èd imanitè. "Pou donatè yo se eleksyon ak referandom ki solisyon ak kriz sa a ,epi ,epi anyen menn...
Kominikasyon pa bay moun ki grangou manje ni pwoteje yo
An Ayiti, kote plis pase yon ka popilasyon an depann de èd manje "sinistre" ann ijans,kote plis pase yon mwatye ap viv e depann de transfè dyaspora , yon seyans foto pa p sove lavi yo. Pou anpil moun, operasyon sa a senbolize diferans ki genyen ant chèf nan CPT/Primati ak pèp la. Kòm yon aktivis dwa moun te rezime sou Twitter: "Yo gen tan pou yo souri pou kamera a, men yo pap koute rèl ak detrès poliplasyon an ." Ayiti merite pli pase yon seyans fotochòp ilizyonis. "
Pandan bato peyi a ap koule, priyorite a ta dwe retabli sekirite, kwape enpinite ak relanse ekonomi an. Men, toutotan zam pale pi fò pase mobilizasyon sosyal yo epi kominikasyon an ranplase aksyon, Ayiti ap rete prizonye pwòp ilisyon li yo ,pwòp manti li yo.
Konbyen tan popilasyon an ka reziste ankò ?
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous: Rapò ekspè lokal ak entènasyonal yo, medya ayisyen (AyiboPost, Le Nouvelliste, metronomehaiti ,Lefacteur info, Radio Metropole)