Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Dajabón,Repiblik Dominikèn ,21 Mas 2025 -Tinouvel.com
Cesfront anpeche Andre Michel pran bwa kale nan Dajabón
Yon foul ayisyen an kolè te ansèkle André Michel yon manm enfliyan nan SDP jedi 20 mas pandan li t ap eseye kite Ayiti pou Repiblik Dominikèn sou pon Dajabón nan fwontyè a ,dapre jounal Dominiken Diaro Libre.
Manifestan yo tap eseye ba li bwa kale(lynchaj), yo akize l de patisipasyon nan lanmò ansyen prezidan ayisyen an Jovenel Moïse 7 jiyè 2021.
Entèvansyon rapid Kò Espesyalize pou Sekirite Fwontyè Tè (CESFront) te ede evite mèt la pase yon moman trajik nan pòs fwontyè a, kote klima tansyon an te ogmante lè ayisyen nan rejyon an te vin konnen Andre Michel nan lokalite a,daprè jounal la .
Akizasyon kont li
Daprè manifestan yo, André Michel te yon pèsonaj kle nan destabilizasyon peyi Dayiti pandan manda Jovenel Moïse. Yo chwazi li kòm youn nan premye moun ki kesyone lejitimite defen prezidan an e yo menm di li te pouse l an piblik pou atake l.
Anplis de sa, manifestan yo akize li kòm yon avoka ak defann gwoup kriminèl ann Ayiti, tankou selèb chèf gang Vitel'Homme Innocent. Li patisipe tou nan founi gang k ap travay nan Pòtoprens zam , dapre konfesyon manm òganizasyon sa yo te fè nan mikro jounalis Diaro Libre yo.
Reyaksyon otorite yo
Jiska prezan, otorite dominiken yo pa fè okenn deklarasyon ofisyèl sou avni Michel apre tantativ lenchaj la. Sepandan, Cesfront te ranfòse sekirite nan fwontyè a pou anpeche plis ensidan konsa .
Sous Diaro Libre
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com