Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

CIDH kondane deteryorasyon sekirite ann Ayiti

CIDH kondane deteryorasyon sekirite ann Ayiti
Publicité

Washington DC,Etazini ,13 mas 2025 -Tinouvel.com

CIDH kondane deteryorasyon sekirite ann Ayiti

Komisyon Entè-Ameriken pou Dwa Moun (CIDH)  ,yon ògàn prensipal ak otonòm nan OEA, eksprime gwo enkyetid li devan deteryorasyon alarmant sitiyasyon sekirite ann Ayiti, ki karakterize ak nouvo eskalad vyolans ekstrèm gwoup ame yo ap fè nan peyi sa a , ki kontinye ap fè viktim yo e ki lakòz gwo deplasman popilasyon an.

Ant 27 ak 30 janvye, manm ame nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm touye  plis pase 50 moun nan Kenscoff . CIDH kondane tou asasina yon ti bebe de mwa 14 fevriye ak lanmò manman l, ki te mouri anba doulè asasinay ti bebe a yon jou apre, daprè enfòmasyon ofisyèl yo. Dapre enfòmasyon piblik yo,gwoup kriminèl la te lage yon tibebe tou vivan yon dife an  prezans manman l , ki te blese mòtèlman , CIDH te raple nan not li an. 

Nan lannwit 16 pou rive 17 fevriye 2025, yon masak nan zòn Château Blond ak Petit-Roupeau, sou wout Frères, fè omwen 20 moun mouri, pami yo 5 manm nan yon menm fanmi . Jou ki te 12 fevriye, nan Montrouis, yon atak kont Polis Nasyonal Dayiti (PNH) te fè kat moun blese e youn mouri.25 fevriye, de sòlda Fòs Lame ayisyen yo te mouri nan Delmas 30,apre atak gang ame yo  sa ki montre menas k ap grandi sou do enstitisyon sekirite yo ak popilasyon an an jeneral.

CIDH fè konnnen se pa premye fwa yo  prezante  rapò denonse  atak gang ame yo e li  mete tou  aksan sou kapasite letal gang kriminèl yo ak mank yon repons efikas responsab yo pou mete fen nan aksyon gang yo. Vyolans nan peyi a menase seryezman lavi ak sekirite popilasyon sivil la e reflete mank kontwòl leta sou gwoup ame sa yo. Kontèks sa a mennen nan deplasman fòse plizyè milye moun akòz vyolans. Nan mwens pase yon mwa, plis pase 6,000 moun te oblije kite kay yo, dapre yon rapò Nasyonzini pibliye fevriye pase a.

Ayiti ap sibi yon kriz imanitè san parèy, ak atak san rete gwoup ame yo e lap  kontinye ap ogmante akoz feblès enstitisyonèl yo. CIDH reitere apèl ijan li bay kominote entènasyonal la ak otorite ayisyen yo pou yo adopte mezi imedyat ak efikas pou pwoteje popilasyon sivil la, ranfòse eta de dwa epi garanti sekirite ak dwa fondamantal pèp ayisyen an.
 

CIDH reyafime angajman l pou l kontwole sitiyasyon ann Ayiti e pou l deplwaye tout mekanis li yo pou  restore ak garanti dwa moun nan peyi a.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article