Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Dwon eksplozif Polis Nasyonal Dayiti yo lage gwo panik nan mitan gang ame yo

Dwon eksplozif Polis Nasyonal Dayiti yo lage gwo panik nan mitan gang ame yo
Dwon eksplozif Polis Nasyonal Dayiti yo lage gwo panik nan mitan gang ame yo
Publicité

Pòtoprens,Ayiti, 9 mas 2025 -Tinouvel.com


Ayiti-Operasyon Lapolis


Dwon eksplozif Polis Nasyonal Dayiti yo lage gwo panik nan mitan gang ame yo


Delmas 6, Wharf Jérémie ak Bel-Air ki anba kontwòl gang ame, ta pral sèn nan yon nouvo fòm represyon teknolojik, ki lakòz panik nan mitan gang ame « Viv Ansanm » yo. Selon Le Nouvelliste Pierre Espérance, direktè egzekitif Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH), ta pral konfime rimè alamant yo kap sikile sou rezo sosyal yo ak nan kèk medya lokal, Polis Nasyonal Dayiti (PNH) ap  itilize dwòn eksplozif  nan katye sansib nan Pòtoprens .


Dapre jounal la defansè dwa moun nan te di yo. « Atak sa yo fè 20 moun mouri ak plis pase trant blese, pami yo anviwon 16 nan yo se gwo chèf nan gwoup teworis  « Viv Ansanm » (Jimmy Chérizier alyas Barbecue, ap dirije ). "Nou poko konnen si gen sivil nan mitan viktim yo," li te ajoute.

Pierre Espérance bat bravo pou estrateji sa a ki, daprè li, kòmanse bay fwi. "Depi samdi 1ye mas, laperèz ap tabli  nan mitan gwoup kriminèl yo," li te obsève.

Malis popile a kreye yon nouvo slogan" men li anlè a, lap vini " an referans ak estrateji  PNH ta sèvi ak "dwon militè" pou vize katye ki  men gang yo.

 Gen videyo anonim yo kap sikile sou platfòm tankou WhatsApp ak Facebook ki ta montre eksplozyon toudenkou dwon sa yo , gen lòt ki dekri  aparèy sa yo kap vole anlè  lannwit kou lajounen . Gen kèk abitan ki fè konnen se lapolis ap pilote aparèy sa yo pou "frape kachèt gang" men tou pou entimide yo. Gen lòt ki wè li kòm yon eskalad teknolojik nan lagè ant otorite yo ak gwoup kriminèl yo.

Sepandan, PNH pa konfime  atak aeryen sa yo ,ni yo pa  lage imaj, videyo, ni yo pa fè okenn deklarasyon ofisyèl pou konfime itilizasyon dwon eksplozif malgre biwo premye minis la te konfime, 1ye mas sou paj Facebook yo, lapolis te fè  operasyon nan Delmas 6, dapre Le Nouvelliste. 

Taktik PNH ak dwon kamikaz yo  kreye yon gwo panik nan mitan chèf gang  Viv ansann yo, yon panik preske jeneral tèlman yo plenyen sou rezo sosyal yo,gen sa ki tkouri kite kay yo paske yo te pè eksplozyon yo.Anpil nan manm  gang sa yo plenyen e ap  ap poze  kesyon etik ak legal nan itilizasyon drwn sa yo.Yon sitwayen ki te vle rete anonim deklare "Nou pa konnen pou ki moun sa yo ,bandi sa yo ap plenyen konsa yo gentan bliye konbyen yo touye, vyole ak kidnape, yo pa sonje konbyen kay yo boule ,piye chak lè yap  pran yon katye" ."Kounye a lakwa al lakay yo,asasen pè san" ,li te ajoute pou redaksyon nou.


"Lè lapolis ap sèvi ak bonm sa yo , evite erè sèlman ak vyolasyon dwa moun, apre plim ne bouj" , rezidan anomin sa a  te  di nou . 

Nap raple gang yo pafwa itilize dron komèsyal pou kontwole teritwa yo ak siveye lapolis pandan e apre operasyon krinimèl yo.Depi kèk tan laplolis konn fè patwouy ak dwon yo sou tèt plizyè katye nan zon metwopoliten lan men Itilizasyon yo kòm zam eksplozif ,te ra anpil .

Daprè ekspè sekirite yo pratik sa a mande anpil lojistik  nesesè (fòmasyon, antretyen, rezèv eksplozif). Li te fè konnen strateji sa dwe rete pèmanan e li dwe akonpaye ak lòt mwayen pou anpeche gang ame kontinye aktivite kriminèl yo.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous lenouvelliste.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article