Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Washington DC,Etazini ,13 mas 2025 -Tinouvel.com
Etazini-Imigrasyon
ki moun ki deja anrejistre?e Kiyès ki poko enskri nouvo fòm, G-325R UUCIS la ?
20 Janvye 2025, Prezidan Trump te pibliye Dekrè Prezidansèyl 14159," Pwoteje Pèp Ameriken kont Envazyon ", mande Depatman Sekirite Enteryè a pou asire etranje yo respekte devwa yo pou yo anrejistre ak gouvènman an dapre seksyon 262 lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite (INA) (8 U.S.C.1302.), epi veye pou trete dosye tout moun ki pa enskri yo tankou yon priyorite nan zafè sivil ak kriminèl.
Sou sit USCIS ,Depatman Sekirite Enteryè defini tout kondisyon pou moun enskri , koman pou yo anrejistre e Kijan pou w detèmine si w deja anrejistre? ,Kiyès ki deja anrejistre? E Kiyès ki poko enskri ?
Kiyès ki deja anrejistre?
Yo konsidere ou deja anrejistre :
Tout moun yo te bay yon dokiman kòm prèv lè yo tap rantre ki te anrejistre anba 8 CFR 264.1(b).
Tout moun ki te soumèt youn nan fòm ki deziyen nan 8 CFR 264.1(a) epi ki te bay anprent dijital yo (sòf si yo pa te mande ou ) epi ki pa te bay youn nan prèv ki deziyen nan 8 CFR 264.1(b), te respekte egzijans enskripsyon INA 262.
Etranje ki deja anrejistre yo enkli tou :
Rezidan pèmanan legal;
Etranje ki antre sou "Parole" Ozetazini dapre INA 212(d)(5), menm si peryòd parole ekspire;
Etranje yo admèt Ozetazini kòm non imigran yo te bay Fòm I-94 oswa I-94W (papye oswa elektwonik), menm si peryòd admisyon an ekspire;
Tout etranje ki prezan Ozetazini ki te rantre ak viza imigran oswa non imigran anvan dènye dat yo te rive;
Etranje DHS te mete nan pwosesis pou depòte;
Etranje yo te bay yon dokiman otorizasyon travay;
Etranje ki te aplike pou rezidans pèmanan legal lè l te sèvi avèk Fòm I-485, I-687, I-691, I-698, I-700, epi ki te bay anprent digital (sòf si yo pat mande ou ), menm si yo te refize aplikasyon yo; epi
Etranje yo te bay dokiman pasaj sou fwontyè .
Kiyès ki poko enskri ?
Dapre USCIS tout moun ki pa antre ak yon viza e bat yon dokiman sou fontye a pandan yo tap rantre Ozetazini sa vle di :
Tout moun ki pa te aplike pou yon viza nan Depatman Deta(konsila Etazini) , moun yo pa t ba yo youn nan dokiman ki se prèv enresjistreman yo dapre 8 CFR 264.1(b), oswa ki pa te soumèt youn nan fòm yo deziyen nan 8 CFR 264.1 (a) epi yo pa te bay anprent didital yo (sòf si yo pat mande ou) USCIS konsidere yo pa anrejistre.
Pami etranje ki pa anrejistre nou jwenn tou :
Etranje ki prezan Ozetazini san yo pase nan enspeksyon ak admisyon oswa enspeksyon ak Parole ki pa te anrejistre otreman (sa vle di, etranje ki janbe fwontyè a ilegalman).
Vizitè Kanadyen ki te antre Ozetazini nan pò antre yo epi yo pa te bay prèv anrejistraman yo; epi
Etranje ki te soumèt youn oswa plis demann bay USCIS ki pa nan lis 8 CFR 264.1(a), ki gen ladan aplikasyon pou aksyon difere oswa Estati TPS ki pa te bay prèv enskripsyon ki nan lis 8 CFR 264.1(b).
Si yon etranje ki gen 14 an ak tout paran ou gadyen legal ki rete Ozetazini pou 30 jou oy plis e ki pa anrejistre e pa respekte obligasyon legal sa ap tonbe anba sanksyon kriminèl ak sivil, tankou pouswit pou deli, amann, ak anprizònman.
Dapre USCIS yon fwa yon etranje ranpli nouvo fòm, G-325R pou l anrejistre epi pran anprent (sòf si yo pa mande ou), DHS pral bay moun sa yon prèv enskripsyon.USCIS egzije pou etranje ki gen plis pase 18 an dwe mache ak li sou yo tout tan.
Anrejistrieman sa a se pa yon estati imigrasyon, epi dokiman anrejistreman pa yon estati imigrasyon, ni pa yon otorizasyon travay, li pa bay okenn lòt dwa oswa avantaj INA oubyen lòt lwa Etazini yo.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com