Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Manifestasyon kont ensekirite nan Pòtoprens

Manifestasyon kont ensekirite nan Pòtoprens
Manifestasyon kont ensekirite nan Pòtoprens
Manifestasyon kont ensekirite nan Pòtoprens

Pòtoprens,Ayiti, 20 Mas 2025 -Tinouvel.com


Manifestasyon kont ensekirite nan Pòtoprens


Plizyè milye rezidan Kanape-Vèt , Juvenat ak Bourdon  te manifeste nan lari Pòtoprens mèkredi 19 mas 2025,pou denonse vyolans ame ak enkapasite otorite an plas yo pou rezoud kriz sekirite a. 


Manifestan yo te  denonse  vyolans gwoup kriminèl kowalisyon Viv ansanm  òganize nan peyi a.Yo te mande tou pou otorite yo adopte mezi pou kwape  kriminèl yo.

 
Manifestan te fache kou konn tap denonse bouda lou  Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an ak chèf gouvènman an ki pa efikas nan batay kont gang yo.Yo di yo bouke viv nan laterè sa a bandi kowalisyon kriminèl "viv ansanm" enpoze yo,yo mande otorite yo pou yo travay pou retabli sekirite nan peyi a.


Sèten nan yo tap manifeste ak manchèt ak baton e egzije otorite yo chita pale ak yo pou rezoud kriz sekirite.Manifestan yo te sou beton ak pankat, megafòn, branch bwa e yo voye pawòl piman bouk kont otorite tranzisyon yo."Kanape-Vèt pap gen menm sò ak Solino," yo tap  chante.


"Si otorite yo pa ka pran mezi konkrè ak ijan pou netralize bandi yo, yo dwe demisyone," manifestan yo eksprime dezi yo pou  retounen lakay yo.


"Nou konnen sa nou vle. Nou bezwen sekirite retabli"."Nou pare pou nou mouri pou defann katye nou yo, fanmi nou ak kay nou yo. Nou pare pou nou pran responsabilite."Si nou dwe mouri, nou pral mouri kanpe, san rann tèt," dapre yon manifestan.

 

Manifestan yo chante slogan ki denonse nazyonzini epi blame peyi manm li yo ki pa fè anyen pou amelyore  sitiyasyon sekirite Ayiti kap deteryorede jou an jou.Yo te mache tou foto Prezidan Ris Vladimir Putin, yo te mande èd li pou rekipere peritwa pèdi nan peyi a.


Polis Nasyonal Dayiti te pran gwo mezi  devan Vila Dakèy pou dispèse manifestan yo.Yo te tire gaz lakrimojèn sou foul moun yo, manifestatan yo te reponn ak kouwòch.Polisye yo te itilize zam yo tou.

 

Le Nouvelliste te aprann  omwen senk manifestan te blese. Pami viktim yo te gen yon manm brigad vijilans Kanape-Vèt ki te pran yon bal nan vant.Kounye a li ap resevwa tretman nan yon lopital.

 Sous Le Nouvelliste, endijen enfo,Rezo sosyo
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article