Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Amnisti Entènasyonal mande pou gouvènman dominiken an sispann depòtasyon ayisyen ki al pran swen nan lopital yo.

Santo Domingo,Repiblik Dominikèn 24 Avril  2025 -Tinouvel.com

Amnisti Entènasyonal mande pou gouvènman dominiken an sispann depòtasyon ayisyen ki al pran swen nan lopital yo.

Tinouvel ak Somos Pueblo Media

Amnisti Entènasyonal (AI)  mande gouvènman Dominiken an  Mèkredi pou sispann imedyatman ekspilsyon an mas sitwayen ayisyen yo, apre aplikasyon  nouvo  pwotokòl imigrasyon ki lye sèvis sante ak pwosesi depòtasyon.

Mezi a, ki te kòmanse aplike lendi sa a nan 33 lopital atravè peyi a,kote enspektè ak ajan imigrasyon gen dwa pou verifye dokiman tankou pyès idantite valab, dokiman travay, prèv rezidans nan Repiblik Dominikèn, ak kapasite pou peye  sèvis medikal. Si kondisyon sa yo pa ranpli , pasyan yo ap trete epi, yon fwa estabilize, yo depòte yo.Videyo kap sikile sou rezo sosyal ,montre otrite dominiken yo fè egzateman le kontrè.

Nan premye jou aplikasyon pwotokòl la, omwen 87 fanm ayisyèn ki te ansent oswa ki t ap akouche te jwenn arestasyon yo nan sant sante, dapre òganizasyon an.

Sa a se youn nan 15 aksyon prezidan Luis Abinader te anonse nan dat 6 avril la pou ranfòse kontwòl imigrasyon an fas ak ogmantasyon imigrasyon iregilye soti ann Ayiti. Nan diskou li a, prezidan an te egzije pou sitwayen ayisyen ki pa gen estati legal pou kite peyi a volontèman, e li avèti  , "yo pral chache yo epi yo pral rapatriye".

Amnisti Entènasyonal te kalifye politik la "imimen" ak kontrè ak nom entènasyonal dwa moun, sitou lap kriminalize aksè a swen sante. Li te mande tou  anilasyon pwotokòl ospitalye sa a ki   mete an danje lavi  ak diyite moun vilnerab yo .

 Jiska prezan KPT nèf manm lan ak Gouvènman Alix Didier Fils pa janm reaji  pou denonse atitid rasis responsab dominiken yo  kap vyole dwa fanm ansent ak lòt sitwayen ayisyen ki al pran swen nan sant sante kay vwazen dominiken .

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article