Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 10 April 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Jistis: DCPJ transfere nan pakè Pòtoprens dosye Magalie Habitant, ansyen depite Victor pou konivans yo ak gwoup ame
Apre twa mwa finalman Lapolis jidisyè te transfere nan biwo pakè Pòtoprens dosye militan politik Magalie Habitant, ansyen depite Victor Prophane ak ansyen direktè CAS Eliaonor Devalon ak 10 lòt moun yo te arete lakay ansyen depite yo la Jedi sa a , yo te akize yo ta nan konivans ak gwoup ame.
Magalie Habitant ,Prophane Victor ak lòt akize te dwe reponn kesyon Komisè Gouvènman jodi 10 Avril 2025 lan men Komisè Gouvènman Pòtoprens Frantz Monclair dekalre li te jis pran konesans de dosye sa a:"se yon premye odisyon ki fèt men pa gen okenn desizyon ki pran e mwen voye yo nan gadavi nan prizon Delmas 33.
"Lendi 14 Avril mwen pral komanse tande sou fè DCPJ repwoche yo tankou swadizan patisipasyon yo nan aktivite kriminèl nan peyi a.
Avoka akize rejte tout akizasyon yo e denonse detansyon pwolonje kliyan yo te viktim dapre Mèt Arnel Rémy jij yo te pran twop tan pou tande previni yo .Mèt Palvin, Avoka ansyen depite Prophane Victor denonse sou bo pa li move tretman li di kliyan li yo ap resevwa nan men DCPJ. Yon fè 3 mwa nan men yo, menm fanmi yo paka wè .
Se ankèt sou koneksyon Magalie Habitant ak gang koalisyon VIV ANSANM yo ki te mennen nan arestasyon ansyen depite Tiriv Latibonit, Prophane Victor ak ansyen direktè CAS Elionord Dévalon daprè yon sous pwòch DCPJ la.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com