Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Ekspilsyon fanm ansent  ayisyen an Repiblik Dominikèn: yon politik inimen , yon zak san mounite anba kritik defansè dwa moun yo 

Ekspilsyon fanm ansent  ayisyen an Repiblik Dominikèn: yon politik inimen , yon zak san mounite anba kritik defansè dwa moun yo 
Ekspilsyon fanm ansent  ayisyen an Repiblik Dominikèn: yon politik inimen , yon zak san mounite anba kritik defansè dwa moun yo 
Ekspilsyon fanm ansent  ayisyen an Repiblik Dominikèn: yon politik inimen , yon zak san mounite anba kritik defansè dwa moun yo 
Publicité


Santo Domingo,Repiblik Dominikèn 22 April 2025 -Tinouvel.com

 Repiblik Dominikèn- Vyolasyon dwa moun


Ekspilsyon fanm ansent  ayisyen an Repiblik Dominikèn: yon politik inimen , yon zak san mounite


Repiblik Dominikèn, ki pataje zile Ispanyola ak Ayiti, anba gwo kritik pou fason li trete migran ayisyen an.Dènyèman,temwayaj akablan montre yon pratik patikilyèman chokan kote  Direksyon Jeneral Migrasyon  (DGM)  te arete omwen twa fanm ayisyen ansent Lendi sa a toupre Lopital Matènite San Lorenzo de Los Mina, apre arestasyon sa yo polisye yo ekspilse kit sa ki te finn akouche  kit sa ki te toujou  gen tanche .


Direksyon Jeneral Migrasyon an te kòmanse mwa sa a aplike yon pwotokòl ki mande pou verifye sitiyasyon imigrasyon sitwayen etranje ki ap vizite lopital piblik yo. Mezi sa a fè pati yon estrateji Prezidan Luis Abinader anonse pou ranfòse kontwòl fwontyè yo epi limite   sitwayen ayisyen ilegal yo sou teritwa dominiken an.


Otorite dominiken yo jistifye aksyon sa yo apati yon nouvo pwotokòl verifikasyon migrasyon ki fèk kòmanse  aplike nan lopital piblik peyi panyòl .


Operasyon an te pwovoke deba piblik toupatou ak enkyetid k ap grandi nan mitan òganizasyon sosyal,sitwayen yo ak defansè dwa moun yo, ki ap kesyone enpòtans yon mezi konsa  ak detansyon moun sa yo nan kondisyon sante delika san tretman apwopwiye. 


Nan imaj medya yo pran, nou wè plizyè fanm, vizibman afebli apre akouchman yo ki pral monte machin depòtasyon an, nou wè imaj fanm ki gen tranche ou byen ki ap akouche  men imigrasyon deside kanmenn  transfere nan yon kamyon imigrasyon san èd medikal.


Dapre pwotokòl la, moun ki san papye yo dwe jwenn tretman anvan tout pwosedi ekspilsyon ,yo ta dwe rapatriye yon fwa eta sante yo estabilize .Sepandan, ka fanm ki te gen tranche a kote yo fòse l monte manchin lan san li pa jwenn swen mete dout sou konpòtman pèsonèl lopital  ki fè nou poze kesyon sou absans imanite nan aplikasyon dispozisyon sa yo.


Depòte yon fanm ansent  nan mitan tranche li se  yon vyolasyon flagran dwa yo.


Nouvo politik kontwòl migrasyon sa a soulve anpil kesyon sou respè dwa moun .Temwayaj ONG lokal ak entènasyonal yo kolekte sou plas dekri yon seri sèn ensipòtab:


Imaj kap sikile sou  rezo sosyal yo montre yon sòlda dominiken arete yon fanm ki te gen tranche yo  te transpòte nan fwontyè a nan yon kamyon militè, li akouche nan yon jaden, san asistans medikal, anvan yo te abandone sou bò ayisyen.Yon lòt temway sou Rosa yon tifi 19 lane (non li chanje ),yo depòte pandan li te gen uit mwa ansent, li pèdi pitit li apre yon mach fòse anba yon gwo chalè .Yon lòt videyo montre yon fanm ki ka  25 lane konsa ap akouche sou lakou lopital la san asitans malgre moun ki te akompaye tap reklame èd pou vinn koupe kòd lombrik tibebe a.


Pami moun ki te arete yo te gen yon fanm ki te ansent , ki gen sè, ki te bay jounalis yo yon entèvyouve sou sèn nan, te di fanmi l te oblije l retire  lopital la paske yo pat ba li okenn  konsiderasyon medikal. "Yo ta dwe omwen komsilte li," li te di sa  ak kè sere. Li te asire tou  sè l te gen dokiman apwopriye, byenke yo pa te valide l nan moman arestasyon li an.

Pratik sa yo vyole plizyè prensip fondamantal:


Li vyole Dwa a lavi ak sante nan (Atik 6 n Pak Entènasyonal sou Dwa Sivil ak Politik) le yo  refize fanm sa yo gen aksè nan swen obstetrik mete an danje lavi  nan manman ak tibebe ki fèk fèt.


 Li vyole "Konvansyon kont tòti" ki entèdi tretman inimen nan fòse yon fanm akouche nan kondisyon ki pa ijenik ki krakterize atitid mechan otorite dominiken yo .


Anfen pratik sa yo vyole lwa Pwoteksyon Timoun yo nan  kad "Konvansyon Entènasyonal sou Dwa Timoun " ki kreye yon anomali sou  Tibebe ki fèt sou fwontyè ki tounen apatrid, san aksè ak estati sivil.


Gouvènman Dominiken an defann politik li nan envoke "souverènte nasyonal" ak batay kont imigrasyon ilegal. Prezidan Luis Abinader, ki te re-eli an 2024, fè konnen "Ayisyen yo menase estabilite sosyal ak ekonomik peyi a."


Repons otorite dominiken yo se  pou ranfose sekirite nasyonal e bliye tout  espri  mounite .Anpil moun denonse senofobi ki anndan  leta dominiken   ki ap fe atak sistematik  sou  moun nwa sou aparans yo oswa aksan yo.


Yo pa respekte okenn pwosedi legal pandan ekspilsyon, an vyolasyon konvansyon entènasyonal yo.

Ekspilsyon fanm ansent pandan yo pral akouche se pa sèlman yon vyolasyon lwa entènasyonal e li se yon echèk moral pou Prezidan Luis Abinader. Si Repiblik Dominikèn gen dwa kontwole fwontyè li yo, li pa ka fè sa nan meprize prensip imanitè ki pi elemantè yo.Fanm ansent, byenke vilnerab, pa benefisye de okenn pwoteksyon espesifik .Otorite dominiken ta dwe aplike mezi li yo ak plis kritè imanitè, patikilyèman nan ka ki enplike fanm ansent oswa ki pral akouche.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Somos Pueblo 

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article