Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?

Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?
Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?
Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?
Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?
Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?
Publicité

Pòtoprens,Ayiti, Premye Avril 2025 -Tinouvel.com


Move Nouvèl -Nouvèl Lanmò


Ki moun Mèt Mario Joseph te ye ?

Mario Joseph, yon avoka dwa moun ann Ayiti mouri lendi 31 mas la. Li te gen 62. Joseph te fè  yon aksidan machin pandan wikenn nan epi li te mouri Lendi, dapre Agence Haïtienne de Presse (AHP).


Dapre Brian Concannon, manm Enstitute Jistis ak Demokrasi ann Ayiti  ( IJDH ) ak BAI apre aksidan fanmi li  te gen tan kouri lopital ak Mèt Mario Joseph, avoka a nan yon  deklarasyon omaj te ekri sou sit ofisyèl enstiti a  :"Nou rekonesan  Mario te gen tan resevwa bon jan swen  de kalite pou blesi li yo, nan kondisyon ekstrèmman difisil, nan men pèsonèl medikal Lopital Inivèsite Fondasyon Aristide  pou Demokrasi a ak ekip  Zanmi Lasante ak Patnè  Lasante ki te  ofri sipò yo ...."

Mèt Mario Joseph,  New York Times te rele "avoka dwa moun ki pi enpòtan nan Ayiti,"t ap  dirije Biwo Avoka Entènasyonal nan Pòtoprens, nan kapital Ayiti, ki te reprezante viktim vyolasyon dwa moun.Li tap dirije BAI depi 1996 pou rive 2025.

Dapre Ansyen Premye minis Ayisyen Yvon Neptune ,Mario te yon gwo e gran defansè dwa moun :"Mèt Mario Joseph nan Biwo Avoka Entènasyonal (BAI) , yon defansè san pran souf dwa moun te mouri nan dat 31 mas 2025. Mwen rekonesan anvè li pou temwayaj li an favè mwen an 2007 nan Tribinal Entè-Ameriken Dwa Moun".li te  twite sou paj li  "Mario, R.I.P"li te ajoute .


Pandan plis pase 30 ane li te travay pou fè respekte  dwa moun e li te toujou bò kote viktim afè pa bon yo , Mario te plede ka istorik  pou fè respekte  dwa viktim  yo, tankou pwosè  masak Raboteau  an 2000, plent kont Nasyonzini nan non 5000 viktim kolera yo kote kò mentyen lapè Nasyonzini yo te pote ann Ayiti ; ak plent  uit viktim ansyen diktatè ayisyen Jean-Claude "Baby Doc" Duvalier. Nan kad pwosè Raboteau ak koperasyon BAI  ak ofisyèl imigrasyon Ameriken yo te pèmèt  depòtasyon twa ansyen Jeneral ayisyen, pami yo yon wo grade peyi Etazini  te  depòte  pou rezon dwa moun.

Mario Joseph te bay mouvman sosyal yo ann Ayiti sipò legal yo te bezwen pou yo goumen pou demokrasi ak dwa fondamantal moun yo.Li te  mete kanpe plizyè Pwojè tankou Pwojè Responsablite ak Prevansyon Vyòl  nan objektif pou BAI montre sistèm jistis la ka oblije reponn ak konpetans e san patipri   kont zak kadejak sou fanm pòv yo. Pwogram Fòmasyon Avoka Pwogresis BAI a te kanpe yon jenerasyon avoka angaje ki fòme ann Ayiti e ki pral sèvi  nan sistèm jistis la ,nan milye inivèsite ak nan òganizasyon san pwofi yo ann Ayiti.


Malgre menas lanmò ak arestasyon, mèt Mario Joseph  te toujou pèsevere nan travay  pou ede  sivivan atak seksyèl, ak prizonye politik yo.Li pa janm dekouraje ede moun ki te nan bezwen jistis .Li te reprezante manman pitit Solda lapè Nasyonzini yo pa t okipe e tap  chèche sipò pou manman timoun san papa   misyon Minustah  a.

Mario te fèt an 1963 nan seksyon kominal nan Verrettes,depatman latibonit ,Ayiti. Li te grandi, tankou anpil ayisyen, nan yon kay ki pa gen dlo kouran epi ki pa gen ase manje. Li toujou mete douvan oriji nenb  sa a pou  batay ak lavi   pou li al etidye dwa e pou li kapab vin ede moun ki menn orijin ak li .

Mario te jwenn rekonesans entènasyonal, li te resevwa pri Judith Lee Stronach dwa moun nan Sant pou Jistis ak Responsablite  ak pri Alexander dwa moun nan Inivesite Santa Clara .Li te  finalis pou pri Martin Ennals defansè dwa moun 2013 .Mario  te jwenn diplòm doktora onorifik pou inivèsite San Francisco  ak faklite dwa nan inivèsite Indiana.

Mario mouri kite twa pitit fi, Marcia, Marcy, ak Mayina.Batay pou respeè dwa moun ap kontinye .


Ale an Pè chanpyon.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Sous AP, Institute for Justice and Democracy in Haiti   

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article