Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Konsèy Tranzisyon Pwovizwa Anba kritik RNDDH : Salè Endesan ak Vwayaj Kontwovèse

Konsèy Tranzisyon Pwovizwa Anba kritik RNDDH : Salè Endesan ak Vwayaj Kontwovèse
Konsèy Tranzisyon Pwovizwa Anba kritik RNDDH : Salè Endesan ak Vwayaj Kontwovèse
Publicité
Konsèy Tranzisyon Pwovizwa Anba kritik RNDDH : Salè Endesan ak Vwayaj Kontwovèse

Pòtoprens,Ayiti, 29 Avril 2025, Tinouvel.com


Ayiti-Koripsyon


Konsèy Tranzisyon Pwovizwa Anba kritik RNDDH : Salè Endesan ak Vwayaj Kontwovèse

 

Pandan Ayiti ap fè fas ak youn nan kriz politik, ekonomik ak sekirite ki pi grav nan listwa li, revelasyon sou salè  ak depans Konsèy Tranzisyon Pwovizwa a (CPT an franse)  pwovoke gwo kòlè.

Nan dat 25 avril 2024, Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT) pran kontwòl peyi a e li te konpoze ak nèf manm ki te sipoze enkane espwa yon tranzisyon demokratik. Yon ane apre,RNDDH mande nan ki eta angajman sa yo ye? lè yo te pwomèt pou retabli sekirite, kòmanse refòm konstitisyonèl epi reyalize eleksyon, ak yon objektif pou transfere pouvwa a bay otorite eli yo, nan dat 7 fevriye 2026.


Yo akize CPT a jodi a ap  repwodui echèk yon klas politik malen ak mepri li genyen  pou reyalite sosyal yo. Ant salè yo jije twòp ak kenz vwayaj entènasyonal ki koute leta anpil lajan , montre twou k ap vin pi pwofon ant yon popilasyon ki an detrès ak chèf li  ki pa konekte.
Salè ki defye reyalite Ayisyèn nan.


Selon dokiman  Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) pibliye e Tinouvel  ak òganizasyon sosyete sivil yo te konsilte, chak manm CPT a resevwa yon salè mansyèl 225,000 goud epi yo ajoute depans reprezantasyon ki repati konsa Depans fonksyònman (1/3 nan salè) 75,000 ,Frè dezyèm rezidans 400,000, Kat telefòn 500,000,Frè entèlijans 4,500,000 ,Frè gaz 300,000 ,Kat debi 2,500,000 ,Frè pou mari oswa madanm 500,000 ,Frè pou ranpli frijidè 75,000 , Frè manje 925,000 sa  fè yon Total 10,000,000 goud.


Antou, RNDDH rapòte  depanse yo estime a prèske $70,000 chak mwa pou peye chak grenn nan nèf konseye yo, nan yon peyi kote plis pase 80% nan popilasyon an ap siviv ak mwens pase $3 pa jou.


Selon menn rapò RNDDH  KPT a resevwa tou depans chak mwa pou dejene ak manje midi pou manm li yo. Dejene ak manje midi 3,500,000 goud.Anplis de sa, konseye prezidan yo akòde tèt yo depans espesyal pou fèt  patwonal ak lòt fèt .Pa egzanp, pou dènye vakans Pak yo,chak manm CPT yo te resevwa ant twa milyon (3,000,000) ak senk milyon.(5,000,000) goud.


Kidonk, anplis frè espesyal yo, chak mwa manm CPT yo koute katventrèz milyon senksan mil (93,500,000) goud, oubyen yon milya san vennde milyon (1,122,000,000) goud pou yon ane, yap foure men yo pran nan kès piblik la an tout enpinite ,nan  objektif pou viv nan opilans ak richès, sou kont Leta ayisyen omepri yon peyi  ki pòv.


Chif sa yo depaman  anpil ak salè mwayèn Ayisyen an (anviwon $100 pa mwa) epi yo raple pratik twou san fon  gouvènman anvan yo, ki regilyèman te toujou anba eskandal koripsyon.

 

"Chif sa yo yon ensilt pou pèp Ayisyen an, k ap lite chak jou ak grangou, ensekirite ak enflasyon," dapre Rosy Auguste Ducéna responsab nan Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH) ki deklare pandan yon ane, KPT a pa kenbe okenn nan angajman li yo konsènan gouvènans politik. Li fè konnen finans piblik yo pa netwaye. Okontrè, depi enstalasyson li a, KPT a ap vide sistematikman kès leta a.


Dapre defansèz dwa moun lan manm Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (CPT an franse) te gen pou misyon pou asire  privilèj ki pa jistifye yo dwe  retire nan depans leta epi rasyonalize itilizasyon machin leta  apati sou-seksyon 2  nan kad  reminerasyon nan  Dekrè 23 me 2024 la ki te pibliye nan jounal Le Moniteur 27 me a ,pou detèmine òganizasyon ak mòd fonksyònman Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon (KPT) presize, nan atik 29 li a, : "Manm KPTyo resevwa yon alokasyon chak mwa nan men Trezò Piblik la.E ki ekri nwa sou blan Konjwen yon manm Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), ni okenn manm nan fanmi li pa gen pou  jere yon pwojè piblik, ni  posede yon biwo epi ki gen aksè ak Fon Trezò Piblik la".Kouman fe leta ayisyen ap bay madanm ou mouche moun sa yo ap bay  yon lajan yo pap fe anyen pou li, li tap mande tet li.

15 vwayaj KPT pou zero rezilta : Priyorite pou reyinyon entènasyonal yo?


Nan yon ane, manm KPT yo fè omwen kenz (15) vwayaj.Destinasyon: Etazini, Babad, Kolombi,Perou, Lafrans ,Itali ak katye jeneral òganizasyon entènasyonal yo. Ofisyèlman, vwayaj sa yo te gen pou objektif "mobilize kominote entènasyonal la pou sipòte tranzisyon an" epi "negosye èd imanitè".Pou chak vwayaj sa yo, konseye prezidan yo resevwa kòm depans reprezantasyon senk mil (5,000) dola.Yo bay yo mil dola(1,000)  ameriken pa nwit . 


Anplis, pandan vwayaj sa yo, manm CPT yo jeneralman akonpaye ak delegasyon ki pafwa gen jiska kenz (15) moun .Sepandan, pri vwayaj sa yo estime ak plizyè milyon goud soulve anpil kesyon. Ant tikè avyon biznis klas , lojman nan otèl liksye ak per diem , fakti a sanble dispropsòyonèl parapò ak rezilta konkrè yo. “Ki objektif reyinyon sa yo? Pou Ducena vwayaj sa yo bay zewo rezilta."Pwomès èd yo ap pran tan pou rive, alòske gang yo toujou kontwole 80% nan Pòtoprens," dapre kèk espè ki te pale  san yo pat vle yo site non yo .


Pami vwayaj ki pi kritike yo:


Soti 25 pou rive 31 janvye 2025, kowòdinatè CPT a, Leslie VOLTAIRE, te an vwayaj an Ewòp, pandan li te rankontre souveren pontif la nan Vatikan an ansanm ak Prezidan franse Emmanuel MACRON nan Palè Élysée a. Li pale tou ak lidè politik franse yo, tankou Jean-Luc MELENCHON, ansanm ak reprezantan sosyete sivil fransèz la, an patikilye Jean-Marc AYRAULT. Lè li retounen nan peyi a, li te di laprès  li te mande manman Pèpetyèl Sekou pou l ede konbat bandi ame;


Nan dat 9 mas 2025, prezidan konseye obsèvatè Frinel JOSEPH ak manm  nan CEP vwayaje pou Perou epi apre sa Meksik pou yon toune ofisyèl kote yo al patisipe nan reyinyon ak Ofis Nasyonal Pwosesis  Elektoral Nasyonal Perou  (ONPE) epi avèk Enstiti Elektoral Nasyonal Meksik la (INE) aloske li prèske enposib pou òganize eleksyon nan peyi a;

Nan dat 8 avril 2025, Konseye Prezidansyèl enkilpe, Smith AUGUSTIN, te akonpaye ak yon delegasyon ki gen omwen kenz (15) manm, vwayaje Ozetazini san okenn envitasyon , li pa fè okenn anons anvan depa li, pou enfòme popilasyon an sou byen fonde vwayaj sa a . Sepandan, lè li rive Ozetazini, li òganize plizyè dine, mennen  la bèl vi epi finalman rankontre Sekretè Jeneral sòtan Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ansanm ak kèk manm nan dyaspora Ayisyen an. Lè li te retounen, nan dat 18 avril 2025, li  pa t prezante okenn rapò sou vwayaj li a ki te dire dis (10) jou.

 

 CPT pèdi  Lejitimite  li 


Pou anpil Ayisyen ak RNDDH , depans sa yo febli kredibilite yon konsèy ki te sipoze prepare eleksyon lib e transparan. “Kòman nou ka kwè nan angajman yo pou jistis sosyal  pandan y ap viv nan yon ti wonn privilèj?” Kidonk, gouvènans politik KPT a  te karakterize, pandan yon ane, pa gaspiyaj sistematik lajan.


RNDDH reklame transparans

 


Pandan CPT a pretann l ap "travay pou byen peyi a," chwa finansye li yo alimante gwo kè sote ak degou nan mitan popilasyon.Pou nou se yon endesans  pou 9 moun ki pa pote anyen konkrè nan peyi a men yo ap benefisye tout privilèj  kit nan salè ak frè yo jwenn nan men leta. Anpil moun  kwè "Tranzisyon an pa dwe yon biznis.E ni yon pratik pou kontinye piye kès leta a .


Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH)  egzije yon odit endepandan sou kont KPT a ki yo menn voye jete chif òganizsyon dwa moun lan te prezante nan rapò :" Move gouvènans, ensekirite, koripsyon ak enpinite:Nan yon ane, CPT a vin agrave sitiyasyon ki te deja enkyete nan peyi a".


 Pou retabli konfyans popilè a , RNDDH egzije: 


•Anilasyon tout vwayaj chè ki, an reyalite, pa pote anyen pou peyi a; 
• Etablisman OCAG a, Konsèy Sekirite Nasyonal la ak tout lòt òganizasyon yo


prevwa nan akò politik 3 avril 2024 la;


• Konsolidasyon finans piblik yo ak transparans nan itilizasyonresous leta yo.Elatriye

Sinon, Konsèy Tranzisyon Pwovizwa a riske tonbe nan poubèl listwa menn jan ak rejim li te sipoze ranplase yo.


Pou fini Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) di vle pa vle ,kit yo pa rive adopte ou reyalize yon pati  nan misyon nan dat 7 fevriye 2026 la, yo dwe kite pouvwa.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Rapò RNDDH

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article