Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Nouyòk, Etazini,22 Avril 2025 -Tinouvel.com
Lachin akize Etazini kòm "prensipal koupab" nan kawo Ayiti
Nan yon reyinyon sou tansyon nan Konsèy Sekirite Nasyonzini an Lendi 22 Avril 2025 , Lachin te kritike sevèman Etazini, e li te deziyen li kòm "prensipal responsab" kriz politik, imanitè, ak sekirite ki paralize Ayiti depi plizyè ane. Reprezantan Chinwa a nan Nasyonzini an te blame Washington e kalifye pozisyon sa a de "demagoji" a lAmerikèn.Daprè li, Lèzetazini se responsab prensipal dezòd ann Ayiti e li aji tankou Pons Pilat,yon senbòl biblik ipokrizi ak reniman.
Etazini se tankou Pons Pilat
Nan yon diskou pwisan, delege Chinwa a akize Lèzetazini "lave men l" sou konsekans istorik aksyon li yo ann Ayiti, pandan l ap kontinye enfliyanse desizyon entènasyonal ki konsène peyi sa a.
Li pa difisil pou ta konpare Etazini ak Pons Pilat, gouvènè Women an ki te kondane Jezikri a mò pandan l te lave men l nan responsablite pou kloure Jezi sou lakwa . Etazini ap aji menm jan ann Ayiti, li kreye pwoblèm epi lage responsablite l sou do lòt moun.Li te di "Gen kèk pwisans k ap aji tankou Pons Pilat: yo kreye pwoblèm nan, aprè sa a, yo pretann yo inosan pandan y ap bloke solisyon yo," li te souliyen Etazini "genyen yon responsablite inevitab nan dezòd aktyèl la." Li kritike ameriken yo ki pa fè anyen pou anpeche gang ame kontinye ap resevwa gwo zam pou mennen aktivite ilegal yo ann Ayiti.
Kritik sa a vini nan moman Ayiti ap travèse youn nan pi move kriz nan listwa li: asasina Prezidan Jovenel Moïse an 2021, gang ame ki kontwole 80% kapital la, mete sou efondreman ekonomik peyi a . Konsèy Sekirite a, divize sou solisyon pou bay yon repons kowòdone.
Pwa istwa ak entèvansyon Ameriken yo
Lachin te raple relasyon kawotik Ameriken-Ayisyen an pou sipòte akizasyon .Etazini gen yon istwa enjerans depi lontan nan zafè entèn Ayiti. Yo te okipe peyi a depi 1915 pou rive 1934 se nan moman sa a yo te konfiske rezèv lò ayisyen yo ak etabli yon sistèm taksnan benefis kreyansye etranje yo.
Se menn yo menn lan ki te sipòte diktati François ak Jean Claude Duvalier ,dinasti Divalye (1957-1986), ki te gen milis ("Tonton Makout") ki tap teworize popilasyon an.
Nan lane 2004 Etazini te Swadizan patisipe nan ranvèsman Prezidan Jean-Bertrand Aristide te eli demokratikman, e plonje peyi a nan yon kriz politik.Jodi a, Etazini kontinye egzèse gwo enfliyans sou politik ayisyen an ak ekonomi an kote yo toujou mete yon banm mayonèt pou dirije Ayiti selon pwop enterè yo.
"Entèvansyon sa yo te febli souverènte ayisyen an ak alimante yon kilti enstabilite," te ensiste reprezantan Chinwa a,ki te tou lonje dwèt sou Misyon Nasyonzini pou Estabilizasyon an Ayiti (MINUSTAH, 2004-2017) ki pa janm bay bon rezilta pou rezoud kriz la de fason dirab.
Pou Lachin, solisyon an chita nan "respè strik souverènte ayisyen an", san entèvansyon militè etranje. Fok dirijan ayisyen sispann mande èd nan etranje yo li kwè se Ayisyen ki dwe fè efò pou rezoud kriz politik e mete kanpe yon gouuvènman lejitim pou aleje soufrans pèp ayisyen.
Nap raple Lèzetazini te anonse yo pa kapab kontinye asime fado Misyon Sipò pou Sekirite Miltinasyonal (MMAS) ankò, se sa Dorothy Camille Shea, chaje dafè enterimè misyon Lèzetazini nan Nasyonzini, te deklare lendi 21 avril 2025 la, pandan yon reyinyon Konsèy Sekirite a sou Ayiti.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Metronome
Le Nouvelliste