Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Akò ant Ayiti ak Erik Prince: Twò bèl pou l ta vre

Erik Prince, fondatè kontwovèse konpayi militè prive Blackwater

Erik Prince, fondatè kontwovèse konpayi militè prive Blackwater

Publicité

Pòtoprens, Ayiti,29 me 2025 -Tinouvel.com

 

Ayiti-Sekirite


Akò ant Ayiti ak Erik Prince: Twò bèl pou l ta vre


Yon Kontra Sekrè Devwale


New York Times  fè yon gwo revelasyon nan dat 28 me 2025  Ayiti jwenn yon akò anbachal ak Erik Prince, fondatè kontwovèse konpayi militè prive Blackwater . Pandan Ayiti  plonje nan yon kawo san parèy, pandan gang ame yo ap dechire peyi pak an pak epi paralize kapital la, gouvènman enterimè te pran yon desizyon odasye ki jwen aprobasyon yon gwo pati nan popilasyon men ki mete yon ti  polemik akoz move repitasyon ansyen Marin  SEAL Ameriken Erik Prince, fondatè konpayi militè prive (KPM) Blackwater.


Objektif  avwe Kontra Sekrè se "konbat gang ame Viv Ansanm yo" epi retabli sekirite ", Tout detay akò Prince ak gouvènman Ayisyen an rete enkoni,dapre jounal New York Times   "anbisye" Erik Prince deja voye ankachèt yon pakèt zam nan peyi a, epi li rasanble yon ekip ki rive jiska 150 mèsenè pou deplwaye an Ayiti pandan ete a.Detay  akò tèlman opak tèlman ilisib pa gen moun ki konnen konbyen Ayiti ap peye , ki dire kontra e ki tèm referans li ?. 


Ki moun ki  Erik Prince ?


Se kesyon nou ta dwe poze anvan nou bat bravo lakontantman pou antreprenè Militè ki genyen  yon pase louch .Erik Prince se yon moun ki abitye ak sèn entènasyonal la e kap fè bè li sou do konfli mondya yo .Li  te fonde Blackwater Worldwide an 1997, li te transfòme l an pi gwo entrepriz militè prive ameriken an, jiskaske li te enplike nan masak Nisour Square an 2007 nan Bagdad - lè ajan Blackwater yo te touye 17 sivil -  e te tèni imaj konpayi dan le mond entye. Malgre plizyè anplwaye te kondane pou zak sa a, Prezidan Ameriken Donald Trump te padone yo an 2020. Prince te vann Blackwater an 2010, e te demenaje  nan Emira Arab Ini , kote li te ede mete sou pye yon fòs mèsenè etranje epi li te lanse "Reflex Responses", yon konpayi sekirite prive, dapre jounal  The Africa Report.


Pou jounal Africa Report Erik Prince pa yon bon moun, yon antreprenè militè ki gen anpil  sanksyon sou tèt e ki te toujou anba  siveyans peyi li ak Nasyon zini .An 2023 ,"Frontier Services Group (FSG)"  yon konpayi li  te kreye te resevwa sanksyon nan men Etazini paske li te swadizan ede fòme pilòt militè Chinwa , yon akizasyon konpayi an te nye.


Toujou an 2023 ,Nasyonzini te akize l te planifye deplwaman 2,000 mèsenè Kolonbyen, Meksiken ak Ajanten ,mèsenè latino-ameriken nan Nò Kivu pou pwoteje min epi repouse rebèl yo – yon operasyon ki finalman echwe men ki te soulve anpil enkyetid sou vyolasyon anbago sou zam ak posibilite koripsyon.


Prince gen anbisyon ki depase aktivite militè li

Malgre pase kontwovès sa a, Prince te reyisi repozisyone tèt li nan òbit administrasyon Trump la epi li kontinye elaji enfliyans li nan zòn konfli mondyal yo.Jounal Reuters te denonse akò ant RDC ak Erik Prince ,yon antant  ki te rive anvan  gwo ofansiv rebèl yo nan kòmansman 2025. Yon antan ki santre pou ranfòse  kolèkt enpo, taks ak reprime kontrebann transfwontalye- patikilyèman nan sid kongo ki rich an kwiv ak kobalt. Konseye Prince yo te dwe konsantre yo sou zòn sa yo, evite rejyon lès Kivu  rebèl M23 deja destabilize ,dapre jounal The Africa Report.

Men, misyon Erik Prince an Ayiti a pap diferan de sa lap fè Okongo, menn jan ak RDC prezans li an Ayiti ap depase lojik goumen kont gang ou  rebèl M23  . Akò ofisyèl la ta swadizan chita sou fòmasyon ak sipò lojistik pou fòs sekirite Ayisyen yo pou konbat gang "Viv ansanm," men yon revelasyon latroublay te soti nan men yon zanmi pwòch ansyen Navy SEAL la, ki te di New York Times  Prince te espere elaji travay li pi lwen pase sekirite.


Dapre sous sa a, Prince te planifye pou l pran fonksyon kle nan administrasyon sivil Ayisyen an, tankou Jesyon ladwann (yon espas lajan ak kontrebann, kote gang yo ap pwofite),nan Transpò (kontwòl pò ak ayewopò, esansyèl pou ekonomi an ak mouvman machandiz ak moun), (nou ka konprann pou kisa Ajans federal Ameriken (FAA ) pa jann bay lòd pou relouvri Ayewopò Pòtoprens lan) epi kolekte revni piblik (taks, enpo )ak lòt sèvis gouvènemantal . 


Deklarasyon sa a ta montre vrè dimansyon pwojè Prince la: non sèlman pou sekirize teritwa Ayisyen an, men tou pou asime fonksyon souveren  leta a.Pèmèt yon konpayi prive ameriken  gen tout responsablite sa e ki nan men yon move grenn tankou  Erik Prince soulve gwo kesyon sou souverènte nasyonal ak endepandans Ayiti.

 

 Ki enplikasyon jeopolitik li ?


Akò  avèk Erik Prince rantre tou nan yon kontèks jeopolitik ki pi laj.Menn si atik New York Times rapòte Depatman Deta di li pa gen anyen pou wè akò a e ofisyèl ameriken yo di Prince pa resevwa okenn lajan nan men gouvènman ameriken an men avèk retou Donald Trump nan tèt peyi Etazini  lyen Prince ak administrasyon ameriken an ta ka fasilite entèvansyon prive sa a an Ayiti.

 

Si akò  Prince ak Kongo fè pati de diskisyon ki pi laj ant RDC ak Etazini sou patenarya min  apre pwopozisyon Kongo a pou yon gen yon akò min-pou-sekirite ak administrasyon Trump la, selon Jounal Africa Report.Sitiyasyon sa a soulve kesyon sou wòl konpayi militè prive yo nan zafè entèn eta souveren yo ak evolisyon relasyon Etazini-Ayiti yo.

 

Eske antant Prince ak Fils aime ap rantre menn lojik la?Antant lan soulve lòt gwo Kesyon enpòtan: Kijan yon konpayi militè prive ka otorize pou pran fonksyon esansyèl gouvènman an? Ki mekanis ki genyen pou siveye ak sipèvize aktivite li yo? Ki enpak sa pral genyen sou souverènte ayisyèn nan ak rekonstriksyon demokratik peyi a?

E pirèd ki resous  Fils Aime ak CPT ofri yo?


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
The Africa Report
Sous Newser  Washington Examiner

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article