Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 28 me 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Ensekirite : Ayiti Anboche Fondatè Blackwater, Erik Prince, pou konbat gang ak dron letal
Nan batay li kont gang yo ki plonje peyi a nan kawo,Gouvènman Ayisyen an vire je l bò kote antrepris sekirite prive ameriken pou l pran kontwòl peyi a nan men gang ki byen ame.New York Times, site ekspè sekirite ak sous gouvènman Ayisyen ak Ameriken, pou di Erik Prince, yon alye Donald Trump pami antreprenè yo te anboche pou yon gwoup travay pou touye chèf gang yo ak dron. Sous yo di Prince te voye tou yon gwo kantite zam an Ayiti epi li t ap chèche veteran militè Ayisyen Ameriken pou voye nan peyi a, ak anviwon 150 mèsenè ki gen pou rive ann Ayiti pandan ete sa a.
Ofisyèl ameriken yo di Prince, yon ansyen Navy SEAL ki te fonde Blackwater an 1997, pa resevwa okenn lajan nan men gouvènman ameriken an, epi li pa klè konbyen Ayiti ap peye l.Yon pòtpawòl Prince konfime bay Journal Wall Street li te rankontre ak responsab Ayisyen yo pou diskite sou sekirite ak livrezon machandiz esansyèl yo.
Gwoup dwa moun yo di gouvènman Ayisyen an, ki kontwole sèlman anviwon yon dizyèm nan kapital la, Pòtoprens, ap itilize dron ki gen eksplozif pou atake gang pandan plizyè mwa, dapre sa Journal la rapòte. Gwoup yo di plizyè santèn moun mouri, men pa gen okenn chèf gang pami yo.
Jiskaprezan, dron yo te touye 200-300 moun, dapre militan dwa moun nan Pòtoprens Pierre Esperance. Li te deklare nan Wall Street Journal òganizasyon dwa moun li an pa resanse okenn sivil ki mouri pandan frap yo, sa ki ta fè kwè frap yo gen yon presizyon enpresyonan ki pa sanble ak lapolis Ayisyen ki nan gwo difikilte.
Ansyen veteran Ayisyen-Ameriken Rod Joseph, ki dirije yon konpayi fòmasyon ofisye sekirite nan Florid, di Prince te mande l yon lis ansyen veteran yo ta ka voye an Ayiti, men li te vle konnen plis bagay sou misyon an anvan. Joseph di Times la Prince gen plan tou pou deplwaye sòlda prive ki soti El Salvador.
Li di li enkyete sou antrepris militè prive ameriken k ap travay dirèkteman ak gouvènman Ayiti a, san okenn sipèvizyon ameriken."Nou ta dwe vrèman enkyete, paske si li ap travay pou gouvènman ameriken an, omwen li ta ka gen yon ti enpresyon li oblije reponn devan Kongrè a," Joseph di Times la. "Si se li menm, se kontra li a, li pa dwe pèsonn moun eksplikasyon."
Tout detay akò Prince ak gouvènman Ayisyen an rete enkoni.
Enplikasyon Prince an Ayiti pa yon sipriz total, paske li te deja pale de posiblite sa a piblikman depi yon ane deja.
"2,000 solda pa menm nesesè," Prince te di apropro kantite twoup ki nesesè pou repare dega bandi yo fe ann Ayiti nan yon pòs 26 mas 2024 sou X. "100 konseye polisye konpetan k ap travay avèk rès inite lapolis lokal yo ta ka kraze gang yo ak fini ak dezòd sa."
Yon moun ki pwòch ansyen Navy SEAL la te di New York Times Prince espere elaji travay li an Ayiti enkli fonksyon administrasyon sivil, tankou ladwann, transpò, kolekte revni, ak lòt sèvis gouvènman an.
Ki pwojè reyèl yo gen pou Ayiti?
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Newser Washington Examiner