Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Petionvil ,Ayiti,22 me 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Trafik ògan: " Yon Kay abominasyon " nan Pernier
Kisa ki te pase?
BLTS nan DCPJ ak meri petyon vil ta dekouvri de kadav epi yo te jwenn ògàn yo te retire nan kò san vi nan moun sa yo epi mete yo nan kontenè nan yon lokal ki ta sanble yon lopital abandone.
Dapre plizyè sous lapolis, fouy yo te fèt apre Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) te resevwa enfòmasyon ki ta di y gen yon rezo trafik ògàn sanglan t ap opere nan kay la.Mèkredi 21 me a, ajan DCPJ yo te dekouvri ògàn yo te retire de kò moun momifye, ak zo ki te gaye sou lakou GBS Plaza, Rout Frè, Pétion-Ville.
Lapolis te dekouvri fòs komin ak zo moun sou pwopriyete defen Éric Jean Baptiste men se yon pitit Éric ki ta responsab espas sa a ,yon lopital abandone ,selon yon moun ki ta di li se gadyen lakou GBS Plaza .
Lapolis jidisyè a te arete yon moun ,yo idantifye kòm Exama Bazile nan kay abonisayon sa a nan Pernier kote yo te dekouvri kadav yo .Yo te dekouvri kadav yon gason ak yon fanm nan sak kadav. "DCPJ a te jwenn ògàn tou nan kontenè,"dapre yon sous lapolis te di Nouvelliste nan fen apremidi a.
Nan videyo kadav momifye ki t ap sikile sou rezo sosyal yo sèn ki te dewoule mèkredi sa a te yon bagay makab. Te gen ògàn moun konseve , kadav ki te kouche sou tab e ajan Direksyon Santral Polis Jidisyè a (DCPJ) kò te manke kèk ògàn ak zo.Yo wè tou ògàn koupe, seche, ki te konsève nan yon veso.
"Premye eleman prèv yo ta montre se ta yon trafik ògàn ,anyen poko klè sou reyèl motivasyon yo .Men, ankèt la ap kontinye," dapre menn sous la , ki pa t vle bay plis detay.
"Mwen te la nan kad operasyon sa a, antanke majistra Pétion-Ville," Kesner Normil te deklare, ki te kontakte PNH la pou plis detay.
Pandan plizyè mwa, otorite ayisyèn yo te denonse enplikasyon trafikan ògàn yo nan alimante vyolans ann Ayiti. Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te itilize pawòl sa yo pandan yon odyans yè madi devan Komite Relasyon Etranjè Sena a.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste,PressLakay,Passion info, Lanbi Verite