Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

CPT dwe ale: OEA egzije  " yon pouvwa kredib anvan eleksyon"

CPT dwe ale: OEA egzije  " yon pouvwa kredib anvan eleksyon"CPT dwe ale: OEA egzije  " yon pouvwa kredib anvan eleksyon"
Publicité

Pòtoprens,Ayiti,23 me 2025 -Tinouvel.com


CPT dwe ale: OEA egzije  " yon pouvwa kredib anvan eleksyon"


 AlterPress ak Tinouvel

 Ayiti- kriz Politik


Sa se yon bon kalòt diplomatik nan boul figi yo. Lè  nouvo Sekretè Jeneral OEA a, Albert Randin deklare  "sitiyasyon an tèlman grav nou dwe an premye retabli yon minimòm nòmalite,li  pa sèlman ap adrese l ak  kominote entènasyonal la: li denonse kareman echèk Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (KPT). Diplomat Sirinamyen sa a ki gen anpil eksperyans, ak 28 ane li nan òganizasyon emisferik la, vin fè nou sonje yon verite  otorite Ayisyen yo evite volontèman pale: peyi a pa nan yon pozisyon pou òganize eleksyon - li pa menm gen yon gouvènman lejitim.

Nan moman CPT a ap fè efò pou ankouraje yon pwojè pou yon nouvo konstitisyon, OEA a ap ensiste sou sa ki esansyèl la: Ayiti bezwen yon egzekitif kredib, yon retou nan yon eta de dwa ak èd imanitè annijans. Anvan nou panse pou n al vote, nou toujou bezwen rebati fondasyon yon peyi ki kraze. Mesaj klè sa a,  Sekretè Deta ameriken Marco Rubio te sipòte piblikman pozisyon sa a ki sonnen tankou yon kondanasyon: toutotan CPT a rete an plas, tout solisyon politik ap rete ireyèl.

 

Yon mesaj klè: pa gen eleksyon nan dezòd.


Albert Randin pa t mete dlo nan bouch   li pou pale ak moun sa yo kap dirije peyi a. Nan yon entèvyou ak jounal espesyalize The Washington Diplomat, nouvo chèf OEA a te voye yon avètisman klè: Ayiti pa ka òganize eleksyon nan kawo. Pou li menn, pale de referandòm oubyen yon nouvo konstitisyon nan yon peyi san jistis, sekirite oubyen otorite lejitim se yon maskarad. Apèl li a dirèk: anvan nenpòt ki eleksyon, dwe gen yon gouvènman kredib ak yon minimòm  lòd.

Deklarasyon tèt chaje sa a te fèt menm jou CPT a te prezante pwojè konstitisyon li a, kòmsi tout bagay t ap mache byen. Yon moman brital, ki revele yon gwo diferans ant priyorite kominote entènasyonal la ak priyorite otorite ayisyen an ki fèmen tèt li nan ilizyon yon pwosesis enstitisyonèl andeyò reyalite a.

 

Washington  sipòte, CPT ap vire anwon


Men, Randin pa poukont li. Kèk jou anvan, nan dat 20 me a, Sekretè Deta ameriken an, Marco Rubio, te adopte menm ton an devan Sena ameriken an. Li te di OEA a ta dwe pran devan bann lan pou retabli lòd ann Ayiti, avèk sipò Kenya ak yon misyon entènasyonal. Mo yo chaje ak siyifikasyon: “teroris kriminèl”, “efondreman leta”, “ijans imanitè”. Nan okenn moman Rubio pa t mansyone eleksyon kòm yon priyorite . Mesaj la klè kidonk: CPT a pa solisyon an, li se yon pati nan pwoblèm nan.

Pandan pèp la ap soufri, CPT a ap fete.


E pandanstan, kisa CPT a ap fè?


Lap distribye pòs tankou grenn mayi , lap fè nominasyon san sans , li depanse san gade dèyè nan fèt pandan majorite sitwayen yo ap viv nan laperèz, grangou oswa an ekzil. Dènye eskandal la: 400 milyon goud gaspiye pandan  18 me a, pandan pwofesè yo t ap pran baton nan men polisye  li yo paske tou senpleman  yo t ap mande salè yo.

Kontras sa a ensipòtab. Pèp la soufri nan endiferans total moun ki pretann pale nan non yo. Epi kounye a, yon diplomat etranje, ki pa janm okipe yon pozisyon politik an Ayiti, dekri avèk yon klète ki fè moun pè sa lidè nou yo refize wè: Ayiti arebò yon gwo twou san fon . Nou dwe kanpe chit la.

se tan leve kanpe oubyen lawont 


Pandan kominote entènasyonal la ap mande pou yo wè larezon, CPT a pèsiste nan bay tèt li manti , tankou yon òkès ​​k ap jwe sou pon Titanic la. Men, ilizyon an pa kenbe ankò: ou pa ka rebati yon nasyon sou kay kraze nan politik ak moral. Mesaj OEA a pa gen dout: anvan nou pale de eleksyon, fòk nou ranplase moun k ap itilize leta olye yo ap sèvi l. Paske toutotan pouvwa a rete nan men moun k ap gouvène pou tèt pa yo, pa gen okenn bilten vòt ki ka chanje desten pèp Ayisyen an.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Sous AlterPress
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article