Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Deziyasyon gang Ayisyen Viv Ansanm ak  Gran Grif kòm òganizasyon teworis: Eske se yon pretèks pou pèsekite imigran ayisyen yo?

Deziyasyon gang Ayisyen Viv Ansanm ak  Gran Grif kòm òganizasyon teworis: Eske se yon pretèks pou pèsekite imigran ayisyen yo?
Publicité


Pòtoprens,Ayiti, 3 me 2025- Tinouvel.com


Deziyasyon gang Ayisyen Viv Ansanm ak  Gran Grif kòm òganizasyon teworis: Eske se yon pretèks pou pèsekite imigran ayisyen yo?

 

Administrasyon Trump lan fèk deziyen gang Ayisyen Viv Ansanm ak Baz Gran Grif kòm "òganizasyon teworis etranje ak mondyal," yon aksyon yo prezante kòm yon repons a vyolans ki ap dewoule an Ayiti.Sepandan, desizyon sa a soulve gwo enkyetid konsènan enpak li sou migran Ayisyen yo.Eske se yon zouti lejitim pou konbat krim òganize?, oubyen yon pretèks pou jistifye ogmantasyon represyon kont imigran Ayisyen yo Ozetazini?Se kesyon sa a nou pral tante reponn nan atik la.

 

Ayiti, yon nasyon ki anba men gang


Ayiti ap travèse yon kriz san parèy. Gang yo kontwole prèske 90% nan Pòtoprens, yo teworize popilasyon an atravè kidnapin, masak ak deplasman fòse. An 2024, yon rapò RNDDH montre pou sèlman yon lane KPT se 13 Masak ak atak ame: 4400 mò 31 polisye 8 sòlda ayisyen .Pandan atak sa yo bandi ame yo touye 2 manm Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MMAS)  Nasyonzin te otorize ,gang sa yo  fè 1837 kadejak ,sa ki fè sivil yo te prensipal viktim yo. 


Pou Depatman Deta Etazini Gang  kriminèl  Viv Ansanm se yon gwoup ki te fòme an Septanm 2023 ak  G-9 epi G-Pep ki tounen "yon platfòm inifye kap itilize vyolans pou destabilize Ayiti epi toufe efò pou retabli kontwòl leta a". Viv Ansanm te lanse atak kowòdone sou enfrastrikti kritik an Ayiti, tankou prizon, bilding gouvènman yo, ak prensipal ayewopò peyi a nan Pòtoprens, nan yon kanpay ki te fòse ansyen Premye Minis Ayisyen an, Ariel Henry, demisyone".


Gran Grif se pi gwo gang nan depatman Latibonit, yon rejyon kote yo plante yon gwo pati nan jaden diri nan peyi a. Depi 2022, Gran Grif responsab  80%  nan touye popilasyon sivil la nan depatman sa a. Gran Grif atake Polis Nasyonal Ayisyen an ak Misyon Sipò Sekirite Miltinasyonal (MMAS), san bliye atak fevriye 2025 la kote yo te touye yon ofisye MMAS kenyen.

 

Gang  Viv Ansanm ak Baz Gran Grif finanse tèt yo atravè ekstòsyon, ranson ak trafik zam, tout pandan y ap entèfere tou nan sèn politik lokal yo.

Fas a sitiyasyon sa a, administrasyon Trump la te envoke Seksyon 219 nan Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite a,amande a , ak Dekrè 13224 la, amande a .


Aksyon yo pran 2 me 2025 lan pral utilize  tou lwa sou Lènmi Etranje 1798 la, yon lwa ki gen de syèk, pou deziyen gwoup sa yo kòm teworis. 


Deziyasyon teworis pral izole antite ak ak moun ki gen rapò ak yo . Klasifikasyon sa a pèmèt bloke byen yo, entèdi tranzaksyon finansye ak resous yo bezwen pou fè atak yo.


Dapre kominike depatman deta ameriken an tout byen ak enterè manm 2 gwoup sa yo  ki Ozetazini oswa  sou kontwòl yon  ameriken  bloke e yo entèdi  moun ki abite Ozetazini   fè biznis ak moun ki anba sanksyon sa yo.


Sa kominike pa di deziyasyon yo kòm teworis ka pral akselere ekspilsyon imigran  ayisyen yo nan yon lòt peyi tankou Salvador.


Lit kont teworis  oubyen lachas kont imigran yo


Moman administrasyon an  pran pou fè deziyasyon  parèt sispèk nan je  defansè dwa moun ak migran yo e ansanm  ak kominote Ayisyen yo ki panse deziyasyon sa a koresponn ak yon politik migrasyon agresif ki vize Ayisyen yo tou.

 

Pou òganizasyon kap fè solidarite ak imigran yo, travayè yo ak defansè dwa moun yo "deziyasyon sa a pral kriminalize sivivan vyolans ann Ayiti yo epi fasilite mas depòtasyon , sou pretèks sekirite nasyonal."


Defansè dwa moun ak kominote Ayisyen yo Ozetazini te eksprime enkyetid  yo ta ka itilize deziyasyon sa a kòm yon pretèks pou pèsekite imigran Ayisyen yo. Yo pè  Ayisyen yo pral sib  gwo domaj epi lonje dwèt sou yo akòz nasyonalite yo .


Konsekans imanitè brital


Sanksyon anti-teworis yo riske prive Ayisyen yo de resous vital. Lajan dyaspora a voye bay fanmi ak zanmi yo ann Ayiti ak nan lòt peyi yo, ki reprezante 30% PIB Ayisyen an, ta ka pral bloke akòz laperèz pou sanksyon yo.Imajine yon diaspora voye yon lajan pou yon moun ki gen menn non ak yon chèf gang teworis Ayiti ,dapre kominike a "tout moun, pami yo sitwayen ameriken, ki angaje yo nan fè sèten tranzaksyon oswa gen aktivite ak antite ou byen  moun sa yo ka tonbe anba sanksyon tou". 


Kominike a kalifye kriminèl  tout moun ki volontèman ap pote resous ak sipò materyèl ak 2 òganizasyon sa yo.Tantativ ou byen ou  patisipe nan yon konplo konsa se yon krim. Anplis de sa, "deziyasyon teworis yo ka fasilite lapolis , ICE, lòt ajans ak gouvènman ameriken yo pran aksyon  represif kont moun sa yo".


Menm jan an tou, èd imanitè a, gang yo deja detounen a nan kèk zòn, ta ka vin pa aksesib pou plizyè milyon sivil paske moun yo ka pè pou yo pa asosye ak gwoup teyoris sa yo.Nòt la raple angaje nou nan sèten tranzaksyon ak òganizasyon yo deziyen jodi a pote yon risk sanksyon segondè anba pwogram lit kont teworis yo.


Enpak sou imigran Ayisyen yo


Deziyasyon gang Ayisyen yo kòm òganizasyon teworis kapab gen konsekans enpòtan pou imigran Ayisyen yo, li ka pèmèt yon depòtasyon akselere ,pi vit pou ayisyen yo akize kòm manm gang sa yo .Ayisyen yo ka rete nan sant detansyon pou yon peryòd pwolonje pou swadizan verifye stati yo nan òganizasyon teworis yo.


Yon presedan enkyetan


An fevriye 2025, uit òganizasyon kriminèl nan Amerik Latin lan, tankou  MS-13, te klase kòm òganizasyon teworis. Estrateji sa a te pèmèt ekspilsyon imigran Venezyelyen yo nan yon prizon Salvadoryen, yon modèl administrasyon Trump la ta sanble ta replike ak Ayiti,dapre kèk ekspè .

Sekretè Deta Marco Rubio te avèti  menm yon sipò "enkonsyan" pou gang sa yo ta ekspoze rezidan ameriken yo anba  sanksyon.Sa vle di enfliyansè ak jounalis rezo sosyal dwe veye pawòl kap soti nan bouch yo .

 

Yon pèsekisyon sistemik kont Ayisyen yo


Istorikman, Ayisyen yo te fè fas ak politik migrasyon diskriminatwa. Anba Trump ak Biden, yo te depòte plizyè milye moun anba Tit 42, yon mezi sante yo te kritike pou itilizasyon politik li. An 2023, yon jij federal te kondane refi sistematik pou pa bay Ayisyen yo azil, li te kalifye pratik la kòm "rasis".


An fevriye 2025, administrasyon an te anile pwoteksyon kont depòtasyon TPS pou 500,000 sitwayen Ayisyen epi li te sispann pwogram Biden CHNV a, yon pwogram imanitè ki pèmèt Kiben, Ayisyen, Nikaragwayen ak Venezyelyen rete legalman Ozetazini. Yo voye avi pou mande moun yo otodepòte , byenke yon enjonksyon tribinal bloke mezi sa yo tanporèman.


Jodi a, deziyasyon teworis la ta ka ranfòse estigmatizasyon ak  diskriminasyon akoz nasyonalite yo oswa akoz nan zon yo soti tankou nan depatman lwès ak latibonit 2 fwaye gang teworis Viv Ansanm ak Baz Gran Grif .

Yon ekspè nan  òganizasyon dwa migran , fè remake sa, "frape gang yo nesesè, men san yon estrateji pou pwoteje sivil yo, sa agrave kriz la."


Sekirite nasyonal oubyen kalkil politik


Pandan vyolans gang Ayisyen yo jistifye yon repons entènasyonal, motivasyon administrasyon Trump la sanble twoub. Absans yon plan pou estabilize Ayiti, ansanm ak mezi anti-migrasyon sible, alimante sispisyon sou yon enstramantalizasyon lit kont teworis.


Lè Etazini kriminalize gwoup ki lye ak yon eta ki echwe, li riske lejitimize depòtasyon an mas pandan l ap toufe yon popilasyon ki deja vilnerab. Jan Miami Herald la ekri, "Règleman sa a pini viktim yo olye de moun ki komèt krim yo."


Anfen, èske deziyasyon teworis la pral sèvi pou konbat gang... oubyen pou fèmen pòt bay imigran yo?Kesyon an rete tou louvri , men pou Ayisyen yo, konsekans yo deja reyèl.Li enpòtan pou asire  dwa ak diyite imigran Ayisyen yo , yo dwe respekte ak pwoteje yo.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article