Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti8 me 2025- Tinouvel.com
Koripsyon an Ayiti: Eskandal ki sekwe òganizasyon otonòm leta yo, kiyès kap gaspiye leta konsa ?
Ayiti ap fè fas ak yon nouvo vag eskandal koripsyon ki afekte enstitisyon piblik li yo. ULCC a devwale sis (6) rapò ankèt eksplozif konsènan enstitisyon piblik yo:OPC,OFATMA,Direksyon Imigrasyon/Emigrasyon, Direksyon Depatmantal Sant DGI.
Pami ansyen gwo fonksyonè yo akize de detounman anpil ajan piblik , ki rive detounen anviwon 200 milyon goud genyen Stéphane Vincent (ansyen direktè imigrasyon), Renan Hedouville (ansyen Protekt èsitwayen), ak Carl François (ansyen direktè jeneral OFATMA).Ka sa yo, revele yon sistèm gouvènans opak .
Stéphane Vincent: Yon prezime raketè nan imigrasyon
Ansyen direktè Imigrasyon ak Emigrasyon an Stéphane Vincent, akize li òkestre yon rezo koripsyon ki lye ak emisyon paspò . Dapre rapò ankèt yo,Stéphane Vincent, akize li mete an plas yon sistèm fwod ki te pèmèt detounman 3,656,000 goud ki te destine pou trezò piblik la.
Ankèt la revele Stéphane Vincent te kreye yon kont paralèl nan non Fernando Victor, ak aksè nan rezo enfòmatik andeyò sikwi ofisyèl DIE a. Yo te itilize kont sa a pou jere dosye aplikasyon paspò ilegalman. Sou 736 demann yo te analize yo, 556 te trete ak temb paspò Direksyon Jeneral Taks yo (DGI) pa touche pou yo.
Rapò a montre prezime raketè sa yo detounen gwo sòm lajan atravè yon rezo ki pa deklare lajan yo touche sou temb yo,li site detoutman sa yo fè ak konplisite Lesly Saint Juste, chèf CRLDI nan SONAPI, ansanm ak Marriantha Merone ak Rubens Pauleon, ansyen chèf CRLDI nan Pétion-Ville. Gras a rezo byen òganize sa a, yo pa t janm peye Trezò a montan ki te la pou dwa temb yo, sa ki te lakòz leta te pèdi anpil lajan .
Devan envestigatè ULCC yo, Stéphane Vincent te admèt li te gen kontwòl total sou kont sa a, sa ki te demanti ipotèz pirataj la.Rapò a konkli se te yon plan li te monte volontèman ak konsèté pou detounen lajan piblik.
Renan Hedouville: Pwotektè Sitwayen ki tap pwoteje inikman fanmi li
Ansyen Pwotektè Sitwayen yo, Renan Hédouville, te sèvi ak pozisyon li pou detounen lajan nan enstitisyon an. Pandan peryòd 2022 rive 2024 la, li te planifye 17 vwayaj ofisyèl, 10 ladan yo pa janm fèt, men li te debouse 16,591,900 goud pou 10 vwayaj fiktif sa yo, pou achte tikè avyon, ansanm ak 9,153,600 goud per diem bay manm delegasyon an, dapre sa envestigatè ULCC yo konfime.
Anplis de sa, nan kont Capital Bank, Hédouville , envestigatè yo te retrase plizyè chèk per diem ki lye ak vwayaj ki pa t janm fèt.
Gwo malvesasyon sa a te fèt an fanmi pou fanmi Hedouville ak Louis.Pwotektè Sitwayen Renan Hedouville te detounen lajan piblik ansanm ak pitit fi li Regine Hedouville Louis ki te chèf kabinè li .Li te akòde bay anpil manm nan fanmi li kontra piblik ilegalman li.
ULCC akize tou Tex Willer Celafoi Louis mari pitit fi Pwotektè a, Mimose Moyard, Juliana Thomas Simplice, Jean Jolin Dodier, Hugues Narcisse, David Simplice, ansyen ekzekitif enstitisyon an.
Carl François ak OFATMA: Detounman fon sou yon gwo echèl
Antanke chèf Ofis Asirans Aksidan Travay, Maladi ak Matènite (OFATMA), Carl François te swadizan pèmèt akolit li yo piye kès òganizasyon an san kè sote.
Dapre rapò Komisyon Ankèt Inite Anti-Koripsyon an (ULCC), Carl François swadizan te fè koutay ilegal nan kontra tretè li te konkli ak konpayi VALCUISINE ak OLEY EVENT & FOOD SERVICES yo. Konpayi sa yo se pou fanmi li ak kolaboratè politik li yo nan pati politik MTVAyiti a, kote li se yon manm enfliyan.
Rapò ULCC a mete aksan sou Carl François ki te ankouraje aktivman konpayi sa yo pou yo jwenn kontra pou bay manje nan OFATMA, konsa li te angaje lajan piblik pou benefis zanmi ak alye politik li yo. Sa a konstitye yon aktivite ilegal, yon deli ki pini seryezman pa lalwa, an patikilye nan atik 5.13 nan lwa 12 mas 2014 sou prevansyon ak represyon koripsyon.
Ankèt la ale pi lwen toujou lè li denonse manipilasyon dokiman ofisyèl yo. Carl François, an kolaborasyon avèk Valérie Nadia Victor epi Valmine Jean-Jacques, te swadizan falsifye dokiman administratif, an patikilye lè yo te kreye yon akize resepsyon pou yon apèl dòf fiktif epi antidate yon kontra piblik, Kou Siperyè Kontab ak Kontentisye Administratif (CSC-CA) pa t valide . Manèv sa yo te gen pou objektif detounen lajan piblik ilegalman.
Anplis move pratik sou kontra yo, OFATMA, sou direksyon Carl François, pa t rive respekte obligasyon fiskal li yo. Atik 76 nan dekrè 29 septanm 2005 la stipile 2% nan montan kontra ki siyen ak enstitisyon piblik yo dwe kolekte pou DGI. Sepandan, lè yo te bay chèk yo pou konpayi VALCUISINE ak OLEY EVENT & FOOD SERVICES yo, yo pa t retire okenn montan pou depo sa a, sa ki te lakòz yon defisi pou Leta apeprè 2,153,892.72 goud.
Eskandal koripsyon yo montre limit yon sistèm kote enpinite rete règ jwet la. Fas ak reyalite grav sa yo, Komisyon an rekòmande yon odit konplè (finansye ak enfòmatik) sou Direksyon Imigrasyon ak Emigrasyon an pou peryòd 23 septanm pou rive 25 novanm 2024 la;Inite Anti-Koripsyon an (ULCC) egzije pou yo pran aksyon piblik kont ansyen gwo fonksyonè leta sayo .
Li mande pou yo mete aksyon piblik kont Stéphane Vincent, Lesly Saint Juste, Rubens Pauleon ak Marriantha Merone pou abi pouvwa, detounman byen piblik ak konplo kriminèl.Li souhete tou pou yo pouswiv Régine Hédouville, pitit fi ansyen pwotektè a ak chèf kabinè li a, ansanm ak mari li Tex Willer Louis ,Mimose Moyard ak Juliane Thomas ak plizyè ansyen fonksyonè, tankou Stéphane Vincent, Carl François ak Guerline Joseph, pou detounman byen piblik, fè koutay ilegal, koripsyon, konplo kriminèl ak abi pouvwa.
Malgre ULCC a aktif, li fè fas ak obstak enstitisyonèl pou mennen moun ki responsab yo devan lajistis.
Si non Stéphane Vincent, Renan Hedouville ak Carl François senbolize yon elit yo akize kap piye resous piblik yo, ka yo a se sèlman pwent iceberg la. Nan yon kontèks kote gen yon gwo mefyans, repons otorite yo pral desizif pou retabli yon minimòm kredibilite. Men, san yon vrè volonte politik, Ayiti riske plonje pi plis nan dezòd, nan enjistis ak kòlè sitwayen yo.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous FIERTÉ FM 88.3