Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
El Seibo , Repiblik Dominiken- 14 Me 2025 - Tinouvel.com
Lanmò imigran ayisyèn Lourdia, "krim Deta"an Repiblik Dominiken
Plis pase 400 Inivèsitè, aktivis, gwoup feminis, ak òganizasyon dwa moun ki soti nan Amerik Latin nan, Ewòp, ak Karayib la te siyen yon manifest wikenn sa a pou denonse kòm yon "krim deta" lanmò imigran ayisyèn Lourdia Jean Pierre, ki te mouri pandan l ap akouche lakay li nan El Seibo poutèt li te pè pou yo pa depòte l.
Dokiman an te pibliye nan dat 11 me, ki te koresponn ak Fèt Manman nan plizyè peyi nan rejyon an, epi li akize leta dominiken an, sou gouvènman Prezidan Luis Abinader ak Pati Revolisyonè Modèn nan (PRM), kòm gwoup moun k ap ankouraje yon politik migrasyon ke yo dekri kòm "feminisid, rasis e ki vyole dwa moun".
Dapre manifest la, Lourdia Jean Pierre, 32 an, te akouche lakay li vandredi 9 me pase a, san l pa t al lopital paske li te pè pou yo pa arete l epi depòte l. Li te mouri yon ti tan apre li te akouche, ak yon emoraji epi san asistans medikal.
Tèks la denonse apre sa ki te pase a, otorite lapolis yo te arete papa a ak tibebe ki fèk fèt la epi yo te remèt yo bay imigrasyon. "Depi Novanm 2021, gouvènman dominiken an ap aplike yon politik pèsekisyon sistematik kont fanm ansent ayisyèn yo, sa ki lakòz plizye ka lanmò kote opinyon piblik la pa reaji ," dapre manifest la .
Dapre opinyon moun ki siyen yo, zak sa yo konstitye zak tòti ak pèsekisyon divès enstitisyon leta yo ap fèt sou fanm ayisyen yo . Pami moun ki siyen akò a gen gwoup tankou Rezo Sivik Nasyonal Endepandan (Reconocido), Aquelarre RD, Sant Montalvo ak Asosyasyon Fanm yo, e latriye.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous . (DIARIO LIBRE)