Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe  mouri.

Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe
Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe
Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe
Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe
Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe

Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe

Publicité

Montevideo, Irigwe,14 Me 2025  - Tinouvel.com 


Move Nouvèl -Nouvèl Lanmò


Pepe Mujica, gran revolisyonè e ansyen  prezidan Irigwe  mouri.


Ansyen chèf deta irigweyen an, José "Pepe" Mujica, mouri madi a laj de 89 an. Ansyen geriya sa a te vin gen yon repitasyon mondyal lè li te renonse ak avantaj ki lye ak pòs prezidansyèl la. Li te Angaje nan anviwònman an, li tap batay kont twòp konsomasyon  epi li te fè lwanj pou sobriyete.


"Gèrye a merite repo li. Kite m an repo." Se pawòl sa yo José "Pepe" Mujica te itilize pou di orevwa an piblik nan kòmansman mwa janvye a, nan yon entèvyou ak jounal ebdomadè irigweyen Busqueda a. Lè li te fèk aprann kansè èzofaj li t ap soufri a te gaye nan lòt ògàn, ansyen prezidan Irigwe a te anonse desizyon li pou l abandone tout tretman epi li te mande pou l ka fini lavi l pasifikman, ansanm ak madanm li Lucia Topolansky. Li mouri madi 13 me a laj de 89 an.

 

Yon "Egzanp"


José Mujica te kwè "nan yon pi bon mond," dapre sa Premye Minis sosyalis panyòl Pedro Sanchez te note tou.

"Tout Amerik Latin nan nan dèy," ansyen prezidan Bolivi a, Evo Morales, te ajoute.

Nan Kolonbi, prezidan lagoch Gustavo Petro, ki se yon ansyen geriya tou, te fè lwanj pou yon "gran revolisyonè".

 

Toujou sou bò gòch la, prezidan brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, te fè lwanj pou yon "grandè imen li (ki) te depase fwontyè" epi omolog meksikèn li a, Claudia Sheinbaum, te di li se yon "egzanp pou Amerik Latin nan ak lemonn antye" grasa sajès ak senplisite li.

 

"Mèsi pou tout kouraj ou te ban nou (...) Orevo Pepe," se sa franse Jean-Luc Mélenchon, lidè pati  goch La France Insoumise (LFI) a te ekri.

 

Mesye Mujica te gen yon popilarite san parèy pou yon lidè nan yon  peyi  3.4 milyon moun, ki kwense ant 2 gran peyi Brezil ak Ajantin .

 

San kravat, li te fè yon diskou byen fò kont twòp konsomasyon nan Rio an 2012 nan Konferans Nasyonzini sou Devlopman Dirab.

Nan ane annapre a, nan Asanble Jeneral Nasyonzini an nan Nouyòk, li te atake piyay resous Latè yo ak  yon"mache an sèl kòk chante ".

José Mujica te revandie rasin peyizan li yo. Li menm ak madanm li, Lucia Topolansky, yon ansyen vis-prezidan ak ansyen geriya, t ap resevwa vizitè nan ti fèm li a nan yon katye periferik Montevideo, yon fèm li te refize abandone pandan prezidans li.

Sepandan, diskou espontane, dirèk e souvan kontwovèse li yo te pwovoke kritik ak erè.

Soti nan geriya rive nan chèf leta


Nan ane 1960 yo, José Mujica te youn nan fondatè mouvman geriya iben ekstrèm gòch la, Mouvman Liberasyon Nasyonal Tupamaros (MLN). Li te finanse mouvman geriya NAN fè kidnapin ak kase bank ak biznis nan Irigwe. Li te siviv anba plizyè bal pandan yon arestasyon.Antou, li te pase 14 ane nan prizon, pifò ladan yo pandan diktati militè a (1973-1985). Pandan l te nan detansyon, li te sibi gwo tòti sikolojik ak fizik, jan yo te  rakonte l an patikilye nan fim "Compañeros" reyalizatè Alvaro Brechner a, te rakonte long ane li te pase nan izolman.


Lè demokrasi te retounen an 1985 ,yo te ba li amnisti. José Mujica te kontribye nan abandone lit ame a epi li te kòmanse yon karyè politik nan alyans Frente Amplio (Fron Laj, FA), kote li te vin depite, senatè, Minis Agrikilti epi finalman prezidan (2010-2015). Nan yon diskou enpòtan li te fè devan Nasyonzini an 2013, Mujica te pale sou rechèch li te fè nan tan lontan pou yon "sosyete san klas", li te admèt "erè" li te fè pandan ane geriya li yo.

José Mujica Cordano te fèt 20 me 1935, nan yon zòn semi-riral nan lwès Montevideo. Sèl pitit gason nan yon fanmi peyizan, li te gen sèlman 8 an lè papa l mouri. Li te konsakre yon bon pati nan anfans li ak jenès li ap fè monte bisiklèt epi plante flè sou ti moso tè li te travay ak manman l, flè li te vann nan mache kapital la. Men, jèn José a te kontinye etid li yo jouktan li pran bakaloreya li, apre sa li te antre nan yon klas preparatwa an dwa nan Instituto Alfredo Vazquez Acevedo.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article