Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

REPIBLIK DOMINIKEN: YON ZIL APATHED, "apartheid" dapre pwenvi ekriven dominiken  Bolívar Wilder

REPIBLIK DOMINIKEN: YON ZIL APATHED, "apartheid" dapre pwenvi ekriven dominiken  Bolívar Wilder
REPIBLIK DOMINIKEN: YON ZIL APATHED, "apartheid" dapre pwenvi ekriven dominiken  Bolívar Wilder
Publicité

Sendomeng,Repiblik Dominikèn 2 me 2025- Tinouvel.com

REPIBLIK DOMINIKEN: YON ZIL APATHED, "apartheid" dapre pwenvi ekriven dominiken  Bolívar Wilder


Repiblik Dominikèn, souvan selebre pou bèl plaj li yo kote anpil touris pami yo ayisyen nan diaspora abityèlman al pase vakans yo anba soley zile sa a yo pataje ak peyi Dayiti ,men genyen yon  reyalite pi fewòs ki kache dèyè anbyans sa a. Pou Bolívar Wilder, yon ekriven espesyalize nan sosyoloji, istwa ak filozofi, peyi a reprezante yon sistèm segregasyon estriktirèl konparab ak "apartheid", alimenté pa yon eritaj kolonyal, nasyonalis blankokofil ak eksplwatasyon ekonomik sistemik. Nan travay li a, Wilder denonse yon stratifikasyon sosyal ki baze sou ras, klas sosyal ak sitiyasyon migratwa, ki majinalize desandan Ayisyen yo avèk vyolans epi ki pèpetre yon sik esklizyon.Nan yon twit sou kont X Wider esye eksplike  koman sa fè posib ?

Rasin istorik: Soti nan kolonyalis rive nan "netwayaj etnik"


Wilder fè remake  divizyon ant Repiblik Dominikèn ak Ayiti gen rasin li nan listwa kolonyal la. Pandan Ayiti te pran endepandans li an 1804 apre yon revòlt esklav, pati lès zile a (kounye a Repiblik Dominikèn) te rete anba dominasyon panyòl, epi li te "libere" tèt li an 1844 lè li te kiltive yon idantite "Ispanik ak Katolik", an opozisyon ak Repiblik Nwa vwazen an. Konstriksyon idantite sa a, Wilder souliye nan Lonbray Plantasyon an (Ed Caribennes, 2018) , sèvi pou lejitimize rasis anti-nwa, ranfòse pa okipasyon Ayisyen an soti 1822 rive 1844.

Pou Wilder : "Peyi Karayib la ap bati yon sistèm esklizyon rasyal ki fè sonje pi move moman Lafrik di Sid yo.Plizyè milye Dominikèn  pèsekite, yo arete, oswa yo depòte paske yo “sanble ak Ayisyen”.Koulè po, aksan, oswa non fanmi yo sifi pou yo konsidere yo kòm endezirab nan pwòp peyi ou".Pou ekriven an evènman sa a se pa yon "erè", men ekspresyon yon pwojè nasyonalis ki vize "blanchi" nasyon an. Nan liv Fwontyè lawont (Éd. Libertad, 2021)  , li ekri: “Trujillo te enstitisyonalize laterè kòm yon zouti netwayaj etnik, yon fantom ki toujou ap ante politik migrasyon yo. "


Pou jounen  jodi a #NetwayajEtnik ap kontinye. li twite :" Gouvènman an ap entansifye deportasyon an mas, prèske sèlman kont moun nwa ki gen orijin Ayisyèn.Sa a se pa kontwòl imigrasyon: se rasis estriktirèl.

Apated  "apartheid" Legal: Denasyonalizasyon Dominiken Nwa yo

Wilder idantifye nan lwa kontanporen yo yon kontinwite nan lojik esklizyonis sa a. An 2013, Tribinal Konstitisyonèl Dominikèn nan te pibliye desizyon TC/0168/13 la, ki te revoke sitwayènte plis pase 200,000 Dominikèn desandan Ayisyèn, ki te fèt nan peyi a ant 1929 ak 2010, avèk yon efè retroaktif. Plizyè jenerasyon te vin apatrid, prive de aksè a edikasyon, swen sante, oswa travay fòmèl. Pou Wilder, desizyon sa a se "kilimasyon apated legal la, kote leta kriminalize egzistans menm moun nwa pòv yo"La Citoyenneté en Cendres(Éd. Pensamiento Crítico, 2020)Sitwayènte nan Sann (Edisyon Panse Kritik, 2020)"


Nan twit  li ya li ekri :"Depi 2013, yon desizyon Lakou Konstitisyonèl  kite plizyè milye moun san nasyonalite.Yo se Dominiken, yo fèt sou tè dominiken, men Leta trete yo tankou etranje" pandan yo kontinye ap eksplwate yo.#Segregasyon, li te ajoute .

Travayè Ayisyen nan batey yo (plantasyon kann) se yon egzanp sou eksplwatasyon sa a. Yo peye yo yon ti kòb, yo rete nan bidonvil san dlo pwòp, yo tolere yo kòm travayè jetab, men yo rejte yo antanke sitwayen. Wilder konpare kondisyon yo ak sitiyasyon Bantustan Sid Afriken yo: "Sistèm nan depann de swe yo, men li nye limanite yo. »


Nasyonalis ak Konplisite Entènasyonal


Wilder kritike tou wòl elit dominiken yo ak kominote entènasyonal la. Diskous ofisyèl la, k ap vante "metisaj amonye", ki ap maske rasis chak jou a. Medya yo ak liv lekòl yo dyabolize Ayiti, yo akize l de tout kalite mal (povrete, "envazyon migran"). Sepandan, ekonomi dominikèn nan depann sou imigran sa yo, ki travay nan konstriksyon, agrikilti oswa sèvis domestik.


Yo tolere gwoup paramilitè tankou Ansyen Lòd Dominikèn nan, ki ap fè patwouy nan katye yo epi ki ankouraje rayisman rasyal.Pandanstan, Leta rete an silans oubyen li kolabore.


An Repiblik Dominikèn, privilèj se pou blan oswa metis pandan yap  eskli lòt moun.Sa a se yon apated ki pa di non li, men moun yo ap sibi e yo ap viv li.


Konplisite entènasyonal la flagran .Etazini ak Inyon Ewopeyen fèmen je yo an echanj yon estabilite politik ak ekonomik. Rapatriman fòse an mas (plis pase 100,000 ekspilsyon an 2023) yo finanse pa lajan etranje. Wilder denonse yon "jeopolitik endiferans" kote "dwa moun rete nan fwontyè zòn touristik yo" (Le Prix du Soleil, 2022).


Wilder kesyone sosyete dominikèn:" Èske ou vle yon nasyon lib oubyen youn ki baze sou mepri pou pèp Nwa ak Ayisyen?Pou Bolívar Wilder:" Silans se konplisite tou".Li mande pou rekonèt dèt istorik ki genyen anvè Ayisyen yo, pou retabli sitwayènte bay moun ki te pedi nasyonalite yo, epi pou demonte lwa ksenofob yo. 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article