Overblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

"Silans konplis otorite Ayisyen yo fas a lanmò Lourdia Jean Pierre: yon krim leta ki pa pini"

Gouvènman Alix Didier Fils Aime
Gouvènman Alix Didier Fils Aime

Gouvènman Alix Didier Fils Aime

Pòtoprens,Ayiti 16 me 2025- Tinouvel.com 

 

"Silans konplis otorite Ayisyen yo fas a lanmò Lourdia Jean Pierre: yon krim leta ki pa pini"

 

Lanmò Lourdia Jean Pierre, yon fanm ayisyèn 32 zan, nan El Seibo, Repiblik Dominikèn, apre li te fin akouche, soulve anpil emosyon ak kesyon sou responsablite otorite ayisyèn yo nan ka sa a.Poukisa otorite Ayisyen yo sanble fèmen je yo sou krim deta sa a?

 

Lourdia Jean Pierre te gen 32 zan, li te gen kat timoun epi li te pè.li te gen laperèz pou l ale lopital, paske li te san papye an Repiblik Dominikèn,li te pè pou imigrasyon pa t arete l epi depòte l. Vandredi pase a, nan zòn riral dominiken ki rele El Seibo, li te kòmanse santi doulè akouchman an.Li te senkè nan maten. Li te refize al chèche èd medikal. Li te akouche pou kont li. Yon ti tan apre, li te mouri nan salon lakay li,dapre jounal Diario Libre.


Enfòmasyon ki disponib yo ta fè konnen Lourdia Jean Pierre te mouri akoz konplikasyon apre akouchman lakay li an. Malgre gravite sitiyasyon an, pa gen okenn deklarasyon ofisyèl ki soti ni nan men reprezantan diplomatik Ayisyen yo an Repiblik Dominikèn ni nan men otorite yo nan Pòtoprens.

 

Silans konplis otorite Ayisyen yo


Popilasyon Ayisyèn nan toujou ap tann yon repons ofisyèl nan men otorite yo konsènan lanmò trajik Lourdia Jean Pierre.Jiska moman nan ekri atik sa a ,otorite Ayisyen yo sanble pa di anyen sou zafè sa a, sa ki kite fanmi Lourdia Jean Pierre ak kominote Ayisyen an nan ensètitid ak enkyetid.

 

Mank reyaksyon sa a pwovoke endiyasyon nan dyaspora Ayisyen an, patikilyèman nan kominote ki etabli an Repiblik Dominikèn n. Gwoup dwa imigran Ayisyen Mouvman Reconocido ak plis pase 400 Inivèsitè, aktivis, gwoup feminis, ak òganizasyon dwa moun ki soti nan Amerik Latin nan, Ewòp, ak Karayib la te siyen yon manifest wikenn sa a pou denonse kòm yon "krim deta" lanmò imigran ayisyèn Lourdia Jean Pierre epi denonse sa yo konsidere kòm yon mank konsiderasyon flagran pou lavi sitwayen Ayisyen ki aletranje yo.


Lanmò trajik Lourdia Jean Pierre soulve kesyon cho sou inaksyon otorite Ayisyen yo fas a vyolasyon dwa sitwayen li yo an Repiblik Dominikèn .

Li reflete yon santiman enpuisans ak kòlè kont yon sistèm ki sanble abandone sitwayen li yo aletranje. 


"Silans otorite ayisyèn yo devan trajedi sa a montre yo pa bay twòp enpòtans ak sitwayen k ap viv deyò fwontyè nasyonal yo,"dapre anpil entenòt kap  plenyen sou rezo sosyal yo soulve plizyè kesyon:


- Ki rezon ki dèyè silans sa a?


- Èske otorite Ayisyen yo ap pwoteje enterè leta dominiken an o detriman dwa Ayisyen yo?


- Kisa y ap fè pou klarifye sikonstans lanmò Lourdia Jean Pierre a epi pou asire jistis pou fanmi li?


Plizyè faktè eksplike silans aparan sa a, ki konbine kriz entèn, relasyon pouvwa jeopolitik ak neglijans enstitisyonèl.


Nan kontèks kriz politik ak sekirite , enstitisyon leta yo, tankou Ministè Afè Etranjè a, ap fonksyone oralanti oubyen yo menm paralize.Politisyen nan CPT plis ap jere tèt yo olye yo ap pwoteje imigran yo an Repiblik Dominikèn.


Gen twa (3) eleman ki pratikman absan jodi a nan Pòtoprens.Gouvènman ayisyen kap gaspiye lajan nan yon bann pwojè san tèt  ni kò  manke  resous finansye, yo pa gen yon rezo diplomatik aktif, ak volonte politik pou voye je gade resòtisan li yo.

Silans sa a vin pi twoublan toujou lè nou konsidere  relasyon ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo konplèks e souvan anba gwo tansyon.


Sitiyasyon sa a rive nan yon kontèks ki deja tansyon ant de peyi k ap pataje zile Ispanyola a, kote otorite dominiken yo nan dènye ane yo ranfose politik migrasyon strik ak deptasyon an mas sitwayen Ayisyen pa .Yo te menn fèmen fwontyè terès yo ak espas ayeryen pou avyon kap soti Ayiti pa ateri lakay yo.


Fas a sa, Ayiti, ki depann ekonomikman de vwazen li (komès, fwontyè paswa), evite konfwontasyon dirèk. Otorite Ayisyen san kran ak san lidèship  pè reprezay, tankou fèmti fwontyè ki ta plis toufe ekonomi enfòmèl la, ki vital pou tou de peyi yo. Kidonk, menm nan ka trajik tankou sa Lourdia Jean Pierre a, Pòtoprens souvan favorize "realpolitik" olye pou  defann  sitwayen li yo.


Lòt rezon ki ka eksplike silans konplis gouvènman Alix Didier Fils Aime se yon biwokrasi ki pa efikas e sistèm konsilè li yo pap fonksyone byen.


Rezo konsilè Ayisyen an nan Repiblik Dominikèn an gen move repitasyon ,anpil imigran  toujou montre konsila sa yo  pa byen ekipe epi yo kòwonpi. Resòtizan ayisyen avwe  yo toujou peye koronpi pou jwenn dokiman oswa pou denonse yon abi, san okenn garanti  y ap pran mezi pou fè swivi yo. Nan ka Lourdia a, mank reyaksyon ofisyèl la ta ka eksplike pa  absans yon  pwotokòl klè nan ka lanmò yon migran yo sitou sise yon fanm migran san papye  pa gen priyorite pou konsil yo.

Fanmi Lourdia Jean Pierre, ki kounye a ap pran swen yon tibebe ki fèk fèt e ki pèdi manman l, ap tann klarifikasyon sou sikonstans egzak lanmò a, ansanm ak sipò konsilè pou pwosesis administratif yo .

Silans otorite Ayisyen yo nan ka Lourdia Jean Pierre a pa sèlman yon neglijans: se yon echèk sistemik ki montre efondreman leta Ayisyen an ak enkapasite li pou defann souverènte sitwayen li yo. 


Lanmò Lourdia Jean Pierre a se yon rapèl tris sou risk ak defi Ayisyen yo, sitou fanm yo, ap fè fas lè y ap chèche aksè a swen sante aletranje. Otorite Ayisyen yo dwe pran responsablite yo epi aji pou klarifye sikonstans lanmò li epi asire jistis pou fanmi li. Silans la ki  montre lachte lakay otorite yo pap sifi pou anpeche dominiken yo kontinye aji nan vyole dwa migran; aksyon nesesè pou montre Ayiti Dessalines  lan pare pou defann pitit li toupatou .

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article