Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens, Ayiti,10 jen 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-CPT : Lagè ant Kan yo
Emmanuel Vertilaire, Smith Augistin ak lòt konseye reponn Fritz Jean:"konseye Prezidan pa pi onèt pase sa a"
Pandan konseye yo ap batay ant yo , sekirite peyi a kontinye ap deteryore
Pandan Ayiti ap plonje nan yon kriz sekirite san parèy, Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT) ap fè fas ak divisyon entèn ki paralize tout aksyon efikas. Deklarasyon resan prezidan Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT), Fritz Alphonse Jean, pou denonse plizyè santèn nominasyon nan diplomasi ak enkapasite pou CPT oganize konsèy minis ak repons konseye Emmanuel Vertilaire ak lòt konseye yo montre pwofondè divizyon ki genyen nan enstitisyon sa a, ki sipoze gide peyi a sou wout estabilite.
Tansyon entèn k ap febli tranzisyon an
Depi kreyasyon li an avril 2024, Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT) te prezante kòm yon limyè espwa pou pèp Ayisyen an, yon pwomès renouvèlman ki kapab retabli lòd epi louvri chemen pou eleksyon "demokratik". Men, yon ane apre etablisman li, li enperatif pou denonse inefikasite flagran enstitisyon sa a. Pozisyon resan konseye Emmanuel Vertilaire nan twit nan paj ofisyèl li, kote li mande pou "bati pon" olye "kraze", li denonse "ego steril" ki "kraze inite a," ilistre pafètman klima toksik ki genyen nan CPT a. Pawòl li yo rezone tankou yon apèl pou responsablite: "Se pa nan kraze nou gouvène, men nan inite."
Konseye Vertilaire ki te entevni piblikman kenbe yon pozisyon klè: "Mwen pa fè pati okenn gwoup. Sèl gwoup mwen idantifye avè l se gwoup fanm ak gason k ap viv nan kan moun deplase yo e ki bezwen retounen lakay yo.""mwen pa nan okenn klan ki nan paralize Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an" li te twite.
Fritz Alphonse Jean ap fè fas ak gwo defi ak anpil kritik
Fritz Alphonse Jean te ofisyèlman pran responsablite li yo vandredi 7 mas 2025, li ranplase Leslie Voltaire, dapre rezolisyon 4 oktòb 2024 la konsènan prezidans anwotasyon an. Manda li kòm chèf CPT a ap bout 7 out 2025.
Sepandan, manda li pwomèt pou l difisil nan yon kontèks kote divizyon entèn yo ap pèsiste.3 mwa nan tèt CPT a jounal GazetteHaiti nan yon editoryal konstate "se twa mwa inaksyon Fritz Jean nan yon CPT ki sou nan yon pou Kraze" e minen ak divizyon .
Ansyen gouvènè bank santral la jiska prezan pa ka tabli otorite li nan pi gwo pòs leta a. Pa gen okenn aksyon estriktirèl, okenn inisyativ pou mennen nan chanjman nan yon kontèks nasyonal ki anba ensekirite ak enstabilite.Pi gwo aksyon Fritz Jean se mete kanpe yon"bidjè lagè" san rezilta dapre jounal la ki ekri " kowòdinatè CPT aktyèl la bay enpresyon l ap dirije prezidans tranzisyon ki pi raz e ki pi enpwodiktif depi tranzisyon sa a.
Manda li ki rete mwens pase de mwa pou li fini,Fritz Jean riske kite CPT a san l pa kite okenn mak si l pa chanje konpòtman li, yon moun ki te yon te konn toujou kritike ak tout fòs anpil gouvènman e ki te toujou montre anbisyon prezidansyèl li .
Pirèd toujou, depi li rive nan tèt CPT a, Fritz Jean pa menm rive fè Konsèy la fonksyone byen. Nan twa mwa, se sèlman de reyinyon kabinè ki te fèt. Dapre yon manm CPT Gazette te kontakte, Prezidan konseye ap boykote reyinyon konsèy yo volontèman pou pwoteje enterè ekonomik li yo, sitou nan ladwàn, kote omwen kat lòt konseye ap mande revokasyon pwoteje li Julcène Edouard.
Fritz Jean te denonse dènyèman nan jounalis Lenouvelliste lefèt sèten konseye te nonmen prèske 90% nan diplomat yo epi li refize òganize reyinyon konsèy yo, sa ki montre divizyon entèn yo k ap paralize enstitisyon an.
An reyaksyon ak kòmantè Fritz Jean yo, yon lòt konseye deklare an bachal :"li pa di verite a sou vrè motivasyon li yo, paske li menm, antanke chèf konsèy la, ap demontre yon enkonpetans flagran. Dapre li, prezidan an pa fè reyinyon kabinè a pou evite mete an kesyon kèk nan direksyon jeneral kle ki anba kontwòl li yo,dapre jounal Gazette ki te pale ak konseye sa a anba chal.
Dapre menm konseye a, ki pale ak Gazette, Fritz Jean, ki prezante tèt li kòm yon modèl nan CPT a, egzèse yon gwo kontwòl sou finans piblik yo atravè yon zanmi yo prezante kòm bra dwat li,ki li menm ap fè afè ak direktè aktyèl ladwàn nan. Li te deklare tou kowòdonatè CPT a kounye a kontwole enstitisyon estratejik tankou Bank Repiblik Ayiti (BRH), Bank Nasyonal Kredi (BNC), Pwogram Kantin Lekòl Nasyonal (PNCS), Otorite Pò Nasyonal (APN), DGI, ak Ministè Edikasyon Nasyonal la. Nan Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP), se konpayi ki sou lobedyans zanmi l lan ki ta swadizan ranmase tout bon kontra yo. Li swadizan kòmande prèske tout bagay pou ladwàn: ekipman enfòmatik, papye, lank, mèb, elatriye.
Sou zafè sèten konseye te nonmen prèske 90% nan diplomat yo ,Smith Augustin te pote presizyon pa l nan Jounal Le Nouvelliste :"Mwen te vrèman sezi lè m li pawòl sa yo nan jounal ou a. Premyèman, li t ap tèlman fasil pou dirije sèlman lè w ap fè denonsyasyon, olye pou w egzèse yon lidèchip ki t ap bay solisyon pou pwoblèm yo idantifye yo. Dezyèmman, nou dwe rete rezonab. Pale plizyè santèn nominasyon pa presi ditou . Sepandan, depi 25 me 2025, Ministè Afè Etranjè a pibliye yon memo an repons ak rimè sou sijè sa a. Memo sa a, ki rele "Wotasyon, Rapèl ak Reafektasyon Anplwaye Diplomatik nan Ministè Afè Etranjè a," presize "pwosesis pou nonmen fonksyonè piblik ak anplwaye sou kontra nan sèvis ekstèn yo ann akò ak bidjè fonksyònman li pou ane fiskal 2024-2025 la."
Men konseye rekonèt li te parenn kèk dipolmat"Mwen rekòmande anviwon dis moun ak reentegrasyon plizyè ofisyèl ki te revoke enjisteman. Mwen sèlman rekòmande yon anbasadè," li te di Le Nouvelliste.
Sekirite, yon gwo absan nan ajanda a
Pandan manm CPT yo ap chire pit, pou konnen ki moun pou yo nonmen ou pou revoke sitiyasyon sekirite a kontinye deteryore dramatikman.Dapre Biwo Entegre Nasyonzini an Ayiti (BINUH) ak Wo Komisara Nasyonzini pou Dwa Moun (OHCHR), ant 1ye janvye ak 27 mas 2025 omwen 1,518 moun mouri epi 572 te blese an Ayiti, ajoute ak 5,601 moun ki te mouri ak 2,212 moun ki te blese nan menn sikonstans lan atravè peyi a an 2024.
Pwomès yo swiv youn apre lòt san rezilta palpab. "Nou an lagè. Nan lane 2025, bidjè lagè pou kontinye fè lagè. Gang yo, yo menn kontinye ap deklare lagè sou popilasyon an. Yo kontinye ap pran teritwa (Mibalè,Kenskoff,Pacot ,elattiye )men reyalite sa a yo kontredi deklarasyon militè CPT ak Premye minis lan .
Ayisyen yo, ki pran ant gang k ap terorize lari yo ak politisyen k ap goumen nan palè yo, ap tann aksyon konkrè.Istwa pral jije sevèman moun ki, apre yo te fin gen opòtinite pou sèvi nasyon yo nan moman ki pi difisil yo, te chwazi enterè pèsonèl yo olye de enterè jeneral la.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste ,Gazette Haiti