Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens,Ayiti, 17 jen 2025 -Tinouvel.com
Non ak pwojè Konstitisyon an: Yon refòm antidemokratik CPT vle enpoze pèp Ayisyen an
Komite Piotaj Konferans Nasyonal la (CPCN) soumèt pwojè nouvo Konstitisyon ki depi anlagan anba gwo kritik ak jwen rejè kare bare nan mitan popilasyon. Se pa sèlman kontni tèks la (fon) k ap konteste, men tou pwosesis kreyasyon li a (fòm), ki konsidere tankou yon vyolasyon flagran prensip transparans ak souverènte popilè a.
Yon Komite Pilotaj ki kreye san konsiltasyon , san konsètasyon epi an vyolasyon ak akò 3 Avril la
CPCN a, ki te gen responsablite pou tabli yon konferans nasyonal nan pwosesis estabilizasyon peyi a. konferans nasyonal sa a ta p gen misyon pou adopte rezolisyon kle pou gide devlopman tèks nòmatif yo ak oryantasyon twa pwojè esansyèl:revizyon Konstitisyon an, definisyon yon nouvo pwojè sosyal pou rekonstriksyon Ayiti, ak revizyon relasyon ant Leta ak sosyete a.
CPCN pat rive mete kanpe konferans nasyonal sa a , li ale direktèman nan sipèvize yon refòm konstitisyonèl ki te fòme san transparans .Yo te etabli li san yon konsiltasyon serye ak moun ki gen enterè kle nan sosyete ayisyèn nan. Pwomès dyalòg enklizif yo, patikilyèman ki enskri nan akò 3 avril la, pa janm te reyalize.Yo te inyore inivèsite yo, sant refleksyon ak deba yo. Yo pa t konsilte pati politik yo, nan tout divèsite yo. Yo te mete sosyete sivil la sou kote, ki esansyèl nan yon eta ki an difikilte.
Yo te eskli dyaspora ayisyèn nan, yon sous resous entelektyèl ak finansye vital. Se poutèt sa, komite sa a pa reprezante reyalite ayisyèn nan e li pa gen yon manda popilè, sa ki ta dwe yon egzèsis demokratik an yon operasyon politik ak antidemokratik. Pèp Ayisyen an, ki fè fas ak defi nan egzistans li, eskli nan diskisyon konsènan avni konstitisyonèl li.Pou Alermy Pierrevilus POHDH se yon komite ki fòme anbatab e ki pa gen okenn lejitime ak legalite.
Kontèks kriz pou yon refòm konstitisyonèl konteste
Deba sa a sou Konstitisyon an ap fèt nan youn nan peryòd ki pi gen plis latroubay nan listwa Ayiti. Peyi a plonje nan yon vyolans ki paralize ak ronje la vi sosyal la, peyi a ap viv anba yon bann enstitisyon san etik ak yon CPT ki gen yon kriz lejitimite demokratik. Pwopoze yon nouvo Konstitisyon nan yon kontèks konsa, san yon baz lejitim oswa yon konsansis nasyonal, se pa sèlman refize wè reyalite a, men tou yon manèv pou detounen atansyon sou ijans vital yo: sekirite, jistis, ak siviv leta a menm.Dapre Edouard Paultre Ansanm Kont Koripsyon (ECC) pa gen okenn moun ki gen konfyans nan CPT ki ap benyen nan koripsyon pa gen okenn kredibilte ak reprezantativite pou lanse yon konstitisyon.Li di pa gen okenn espè ki travay nan akouche konstitisyon sa a.
Bidjè 182 milyon goud pou medya nasyonal yo pou fè pwopagann pou enpoze avan pwojè sa a , sa ki soulve plis endiyasyon nan yon peyi kote li gen yen yon bezwen imanitè ijan. Mesye Paultre denonse pratik sa a kote li mande ki kote CPT jwenn lajan pou bay ANMH ak AMHI?Eske te gen liy bidjetè ki te tabli pou yo?
Analiz swadizan "Pwogrè" yo
CPCN nan bouch Mèt Franck Lauture, manm Komite Direktè Konferans Nasyonal la ap vante gen anpil "gwo pwogrè" nan konstitisyon tout nèf sa a, li rele yo "avanse majè" men yon egzamen kritik ap ekspoze limit ak kontradiksyon yo:
Komite pilotaj chwazi redwi nan kantite reprezantan yo , pwojè lwa a diminye kantite senatè pou chak depatman soti nan twa pou rive nan de senatè epi li restriktire Chanm Depite a lè li redefini komin yo kòm sikonskripsyon elektoral.Sa ki pral diminye tou kantite depite yo. Manm komite pilotaj la prezante kòm yon mezi pou ekonomize lajan, men an reyalite li riske diminye reprezantasyon ak patisipasyon lokal la epi plis santralize pouvwa a, men li pa bay tou garanti pral gen yon rediksyon reyèl nan koripsyon ak gaspiyaj.Mwens depite ,mwen patisipasyon popilè.
Nan konstitisyon CPT nan (Atik 35.1) PIB pou edikasyon ap pase a 4% apre vot , li te1,3% an 2022 (Sous: Enstiti pou Estatistik pou Òganizasyon Nasyonzini pou Edikasyon, Syans ak Kilti (UNESCO) ) 4% ap parèt yon bon bagay men an teyori men li pa reyalis san mekanis solid pou asire aplikasyon pratik li nan yon eta ki istorikman echwe e ki toujou an kriz, dapre kèk ekonomis nou te pale ak yo.
Mèt Franck Lauture, manm Komite Direktè Konferans Nasyonal la (CPCN) anonse yo pral fè pwomosyon pou patisipasyon jèn ak fanm nan jesyon zafè piblik yo.Yo bese laj pou kandida pou sèten pozisyon . Kidonk, pwojè lwa a ta pèmèt yon sitwayen pou eli majistra oswa depite dwe gen laj 21 lane , li 25 an pou kounye a. Pou vin senatè, yon moun ta sèlman bezwen gen 25 an , alòske Konstitisyon aktyèl la egzije 30 an.Entansyon parèt tankou yon ouvèti nesesè pou jenerasyon ki pi jèn yo pou yo patisipe plis nan lavi politik men ensifizan san refòm estriktirèl pwofon pou simonte obstak sistemik yo.
Endepandans ULCC a (Atik 176): Yon inisyativ potansyèlman pozitif, men efikasite li ap depann de otonomi finansyè li ak volonte politik pou pèmèt li fonksyone.
Pandan konstitisyon CPCN di yo pral ranfòse pwòksimite sitwayen yo , yo elimine 2 estrikti jesyon lokal yo—Konsèy Administratif Seksyon Kominal la (CASEC) ak Asanble Seksyon Kominal la (ASEC) 2 sèl estrikti ki pre sitwayen yo nan nivo lokal la, reyalite tout nèf sa a ap poze pwoblèm nan patisipasyon ak demokrasi lokal la sa ki pired la yo pa menn prevwa ranplase li ak yon estrikti ki antre nan kilti lokal yo. Espè yo konsidere tankou yon pa annaryè nan patisipasyon popilè a.
Lòt pwoblèm se fizyon wòl Prezidan ak Chèf Gouvènman an.Yon mezi ki gen anpil risk men si anpil moun konsidere premye minis yo tankou yon andikap nan fonksyonman egzekitif ayisyen an. Atik sa a pral konsantre yon pouvwa konsiderab nan men yon sèl moun, sa ki poze yon risk otoritaris nan yon peyi kote ekilib ak kontwòl enstitisyonèl yo fèb. Sa reprezante yon regresyon demokratik.Lap retire tou Kontwòl palmantè yo sou pouvwa egzekitif : prezidan an nonmen minis yo ak premye minis la san apwobasyon palman an.
Pwofesè dwa konstitisyonèl Sonet Saint-Louis kalifye chanjman sa a "prezidantalis absoli," li di li transfòme premye minis la an yon "senp ekzekitè" epi li febli ekilib enstitisyonèl yo anpil.
CPCN vle entwodwi gouvènè depatmantal eli san sipèvizyon gouvènman santral la. Atik 68-2 pwojè lwa a prevwa eleksyon pou dis gouvènè ,gouvènè yo t ap eli pou yon manda senk ane, renouvlab san limit. Eleksyon dis gouvènè se yon gwo Risk pou kreye potanta lokal ki gen lejitimite elektoral men san mekanis kontwòl santral efikas, sa ki agrave fragmentasyon teritoryal ak konfli yo.Pou Analis finansye Ralph Ganthier nouvo estrikti a t ap transfòme chak gouvènè an yon "wa" kap dirije kasika yo san eta dam.Pou Pierrevilus li sanble plis ak yon kopyekole sa ki sòti nan lòt peyi tankou Repiblik Dominikèn ak Etazini.
Konstitisyon M. Enex Jean-Charles, kontinye nan esklizyon Ayisyen ki gen doub nasyonalite nan pòs piblik kle yo.Dapre sa Jerry Tardieu, ansyen palmantè ak kowòdonatè Gwoup Travay Konstitisyonèl la (GTC),"Si tèks sa a pase, li t ap fè Ayiti vin yon peyi ki trajikman engouvènab epi li t ap majinalize dyaspora a nèt," pou yon ansyen palmantè kap viv nan dyaspora esklizyon sa a se yon diskriminasyon ki pa akseptab ki prive Ayiti de yon pakèt konpetans esansyèl, e ki ap ranfòse majinalizasyon politik yo. Sa a se yon mezi retrograd ki ale kont tandans mondyal yo.
Rediksyon a 15 ministè: Senplifikasyon sa a ta ka benefik, men siksè li ap depann plis klète nan responsablite yo ak konpetans minis yo olye kantite yo.
Desantralizasyon fiskal (Atik 196-2): Yon prensip esansyèl, men aplikasyon pratik li pa gen anpil chans rive san yo pa ranfòse kapasite lokal yo an menm tan ak garanti batay kont kapti lajan piblik yo.Pou anpil moun anpil nan pwopozisyon yo se menas kache ki soulve anpi enkyetid lejitim
Ayiti merite plis pase yon Konstitisyon komite entenasyonal ak anbasad ameriken ap enpoze nou .Fas ak inisyativ sa a ki fèt san e kont pèp la, nou dwe voye jete san kondisyon pwojè nouvo Konstitisyon.
Peyi a bezwen yon vrè pwosesis demokratik ki gen ladan tout sektè nan sosyete a: inivèsite, pati politik, sosyete sivil, dyaspora a, epi, sa ki pi enpòtan, sitwayen òdinè yo k ap sibi konsekans enstabilite enstitisyonèl la.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste, Le National, Haitian Times
Site web communication.gouv.ht