Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti, 27 jen 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Trafik
Yon rapò Nasyonzini denonse pratik polisye kap vann bandi zam ak minisyon lapolis
lenouvelliste.com ak Tinouvel.com
Yon nouvo rapò ekspè Nasyonzini yo soulve gwo enkyetid konsènan jesyon rezèv zam Lapolis Nasyonal Ayisyèn (PNH). Dapre dokiman an, asenal lapolis ayisyèn yo konstitye yon sous enpòtan zam ak minisyon sou mache ilegal zam nan peyi a.
Trafik zam ak minisyon se yon biznis ki rapote anpil lajan.Ankèt la revele komès zam ilegal la se yon biznis patikilyèman pwofitab e atire kèk manm kòwonpi nan fòs polis la. Ekspè yo te dokimante plizyè arestasyon polisye ki te enplike nan founi ekipman militè bay gang yo ak lòt moun ki sou mache ilegal la.
Ekspè Nasyonzini yo montre gwo echèk nan sipèvizyon ak kontwòl ekipman militè yo. Echek sa a konsenen zam yo te jwenn legalman ak sa yo te konfiske pandan operasyon lapolis yo.
Rapò a detaye metòd polisye kòwonpi yo itilize. Li montre absans kontwòl strik nan distribisyon ak itilizasyon minisyon pandan operasyon yo pral pèmèt kèk polisye kenbe katouch ki pa itilize pou revann yo pita.Li di move siveyans nan jesyon rezèv sa yo fasilite polisye kòwonpi yo kenbe minisyon ak zam yo sezi pou yo revann apre sa yo bay gang lokal yo ak lòt gwoup kriminèl.
Envestigatè yo te dekouvri tou yon rezo aprovisyonmam ekipman militè sou fwontyè a ,kote ajan PNH yo itilize estati ofisyèl yo pou achte minisyon an Repiblik Dominikèn san yo pa kanpe nan pòs kontwòl yo.
Dokiman an prezante de ka espesifik ki te rive nan fen 2024. Premye a konsène yon manm Inite Kont Anbiskad Palè nasyonal yo te arete 31 oktòb ak yon chajman 2,695 katouch, am majorite kalib 7.62 × 39mm. Minisyon sa a te destine pou gang Krache Dife a. Ankèt la fè konnen ofisye sa a te deja tabli bon jan lyen komèsyal ak kriminèl sa yo.
Dezyèm ensidan an enplike yon ofisye lapolis nan Inite Tanporè Anti-Gang(UTAG), yo te arete 8 novanm sou Chammas ak 2,400 katouch pami yo 1,000 bal 5.56×45mm ak 1,400 bal 7.62×39mm. Ankèt la te revele anmourèz li, tap travay kòm sekretè nan depo santral zam PNH la, ki te fasilite detounman dirèkteman sa yo nan stock ofisyèl yo. Selon enfòmasyon yo te bay Gwoup Ekspè yo, di minisyon an te destine pou youn nan prensipal chèf gang kowalisyon Viv ansanm lan.
Fas a sitiyasyon alarmant sa a, ekspè Nasyonzini yo mete aksan sou nesesite ijan pou modènize sistèm jesyon ak kontwòl zam yo nan Polis Nasyonal la ak Fòs Ame Ayisyen yo. Yo rekòmande pou ranfòsman enpòtan kapasite enstitisyonèl pou anpeche detounman sa yo, k ap alimante ensekirite nan peyi a.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste