Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.

Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.
Publicité

Pòtoprens ,Ayiti, 18 Jiyè 2025 -Tinouvel.com 

 

Misyon Premye minis Fis Aime nan Washington

Anyen pa chanje kay otorite Ayisyen yo: seyans foto   kay "Tonton Sam," pou granmesi.

Yon lòt fwa ankò, diplomasi Ayisyen an redui a yon espektak de fasad. Premye Minis de facto Alix Didier Fils-Aimé fèk fini misyon ofisyèl li Ozetazini, e konklizyon an klè: anpil bri pou granmesi.

Vizit sa a fè pati yon long tradisyon vwayaj diplomatik Ayisyen ki pwomèt lesyèl ak latè anvan li pati, men ki pa janm bay okenn rezilta byen konkrè pou pèp Ayisyen an.Dènye vizit Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé nan Washington se yon egzanp vivan, ki sanble plis ak yon seyans foto pase yon misyon diplomatik serye.

 

Gwo pwomès, ti reyinyon 

 

Anvan depa li, Premye Minis la te anonse  li t ap rankontre ak "pi wo otorite gouvènman ameriken an." Reyalite a montre sa te fini mal pou li . Pi wo ofisyèl nan administrasyon ameriken an  li te rankontre ak li se pa lòt  Sou-Sekretè Deta Christopher Landau byen lwen nan yerachi diplomatik ameriken an.

Alafen, Premye Minis la te rankontre sèlman ak nimewo de nan Depatman Deta Ameriken an, byen lwen ak gwo"otorite yo" li te pwomèt yo.Menn lè Sena a te konfime Landau nan dat 25 mas 2025, ak yon vòt 60-31 , Christopher Landau  pa ka pran okenn desizyon pou politik etranjè Etazini nan non administrasyon Trump lan.


Misyon ofisyèl sa a te prezante kanmenm kòm yon pati nan estrateji jeneral gouvènman an ki konsantre sou twa priyorite anbisye: konbat ensekirite, revitalize ekonomi an, epi kreye kondisyon pou eleksyon kredib ak transparan. Objektif sa yo parèt louab sou papye, men yo mande entèlokitè kle ak angajman konkrè.

Yon ajanda diplomatik , orabè e bon mache

Nan dat 15 jiyè 2025, Michael Jensen, Direktè pou Emisfè Lwès la nan Konsèy Sekirite Nasyonal la (NSC) te resevwa nan Mezon Blanch lan Premye Minis la , diskisyon yo te konsantre sou sitiyasyon sekirite a an Ayiti ak efò pou eleksyon demokratik. Men, akote  fòmil diplomatik yo te dakò sou yo, ki rezilta konkrè ki te sòti?Anyen,anyen menn.

Premye Minis la pa t kapab rankontre ak Sekretè Deta Marc Rubio, li te limite tèt li a reyinyon ak kongresman yo. Li te rankontre ak Brian Mast (R-FL), Prezidan Komite Afè Etranjè Chanm Reprezantan an, Kongrèman Sheila Cherfilus-McCormick, depite Hakeem Jeffries (D-NY), Lidè Minorite Chanm Reprezantan yo, depite Maxine Moore Waters, Manm  Komite Finans lan, ak depite  Gregory Meeks (D-NY), Manm Ranplasan Komite Afè Etranjè a.

 

 Rezilta inegzitan

Pa gen okenn gwo anons ki te fèt apre misyon ofisyèl sa a. Sekretè Deta Adjwen Christopher Landau te sèlman pibliye yon deklarasyon apre reyinyon an, kote li te anonse Etazini pral sanksyone nenpòt moun ki menase estabilite Ayiti. Yon deklarasyon ki pa angaje anyen e ki pa chanje anyen fondamantalman nan sitiyasyon an sou teren an.

Sa ki pi grav toujou, Premye Minis la pa t gen kouraj pou l mande yon moratwa pou Ayisyen k ap viv Ozetazini anba TPS (Estati Pwoteksyon Tanporè), yon mezi ki te ka bay dyaspora Ayisyen an yon soulajman konkrè, dapre reprezantan RNDDH ,Pierre Esperance. Li pa t rankontre ak okenn prezidan komisyon nan nivo Kongrè Ameriken an, kidonk li limite kapasite li pou l egzèse enfliyans, li te ajoute.

PM la te inyore Enstitisyon Finansye yo

 

Nan yon peyi kote ekonomi an ap senyen epi Ayiti bezwen finansman , Premye Minis la pa rankontre ak enstitisyon finansye entènasyonal yo tankou FMI oswa Bank Mondyal la, dapre Pierre Esperance nan emisyon" Se sa nou vle". Mank dyalòg sa a ak donatè potansyèl yo revele yon apwòch diplomatik sipèfisyèl ki neglije defi esansyèl devlopman ekonomik Ayisyen an.

 Yon dosye mèg

Sèl lòt reyinyon remakab Premye Minis la te genyen se te ak Sekretè Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA), Mesye Albert Ramdin, pou diskite sou pwoblèm sekirite ak gouvènans elektoral an Ayiti. 

 Pèpetyèl rekòmansman 

Misyon sa a fè pati yon tandans ki la depi lontan lakay dirijan Ayisyen yo: otorite  yo sistematikman vin pale de mizè pèp la, mande èd pou sekirite, sante, asistans sosyal, ak lòt sektè esansyèl, san yo pa janm jwenn rezilta konkrè. Yo retounen ak foto ak kominike diplomatik, men pwoblèm fondamantal yo rete.

Pèp Ayisyen an, k ap viv nan yon ensekirite pèmanan ak nan yon sitiyasyon ekonomik prekè, gen dwa atann pi bon bagay nan men dirijan yo. Vwayaj diplomatik sa yo ki koute chè, ki mobilize resous enpòtan, ta dwe mennen nan akò konkrè, finansman sibstansyèl ak bon jan patenarya.


Seyans foto lakay "Tonton Sam" p ap bay pèp Ayisyen an manje, p ap fè lari Pòtoprens yo pi an sekirite, epi p ap relanse ekonomi nasyonal la.


Okontrè, nou temwen yon lòt egzèsis kominikasyon politik kote fòm lan pran plas fon an. Peyi a bezwen chèf ki kapab negosye kòm egal ak omològ entènasyonal yo epi reyalize rezilta byen konkrè. Jiskaprezan, misyon Jiyè 2025 se yon echèk total yon seri  otorite san pèsonalite ak konviksyon e ki ajoute nan yon long lis opòtinite rate pou leta Ayisyen an.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel

www.haitianmediaunited.com
 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article