Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Arestasyon Wood Osny Sheednyca SIDOINE,  yon manm kle nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" an Ayiti

Arestasyon Wood Osny Sheednyca SIDOINE,  yon manm kle nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" an Ayiti
Arestasyon Wood Osny Sheednyca SIDOINE,  yon manm kle nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" an Ayiti
Publicité

Pòtoprens ,Ayiti, 18 Jiyè 2025 -Tinouvel.com 

Ayiti-Sekirite

Arestasyon Wood Osny Sheednyca SIDOINE,  yon manm kle nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" an Ayiti

 

Yon gwo operasyon Lapolis Nasyonal Ayisyen an (PNH)  debouche sou arestasyon yon manm aktif nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" lan, ki make yon etap enpòtan nan lit kont ensekirite k ap ravaje peyi a. 

 

Pwofil moun yo arete a

Wood Osny Sheednyca SIDOINE, 19 an, te arete  26 me 2025, nan katye Christ-Roi. Selon enfòmasyon Kowòdinasyon Laprès ak Relasyon Piblik PNH la bay, li te gen yon wòl estratejik nan kowalisyon kriminèl "Viv ansanm" lan, li t ap aji kòm yon eklerè ou antèn ,nan jagon gang yo ,nan plizyè katye nan Pòtoprens, sitou Christ-Roi ak Carrefour-feuilles.

 

Ankèt la revele  sispèk la gen lyen sere ak mond kriminèl la, li se madanm Kervens Domerlus, yon manm aktif nan gang "5 segonn" k ap opere nan zòn Village de Dieu a.

 Yon istwa kriminèl enkyetan

Revelasyon konsènan pakou Wood Osny Sheednyca SIDOINE yo montre anplè pwoblèm rekritman jèn yo nan gang Ayisyen yo. Li te antre nan aktivite kriminèl depi laj 14 an nan gang "5 segonn" nan,sou rekomandasyon matant li ,li menn tou ta manm nan gang lan , Sheednyca   reprezante yon ka anblèmatik radikalizasyon byen bonè  jèn yo nan zòn defavorize Pòtoprens yo.

 

Dapre temwayay  PNH la rapòte yo, sispèk la te admèt li te patisipe nan plizyè zak vyolans, li te fè revalsyon li touye plis pase yon santèn moun pami yo kèk polisye depi li te fin enplike nan aktivite kriminèl yo. Deklarasyon sa yo, si yo konfime, demontre vyolans ekstrèm ki karakterize aktivite gang nan kapital Ayisyen an.


Wood Osny Sheednyca SIDOINE avwe li konn manipile zam diferan kalib tankou M14,T4 e latriye anvan chak operasyon  chèf yo konn ba li bwè Dlo florida ak divin pou ogmante kalite mistik ak bagay ki sou li yo e fè yo pèdi kontwòl tèt pandan yo ap atake popilasyon Pòtoprens yo.

 Patisipasyon nan atak kont Penitansye Nasyonal la

Youn nan eleman ki pi enpòtan nan arestasyon sa a konsène swadizan patisipasyon Wood Osny Sheednyca SIDOINE nan atak kont Prizon Sivil Pòtoprens lan,aka Penitansye Nasyonal la. Atak sa a, ki te fèt nan nuit samdi 2 mas 2024 la, te make yon ogmantasyon nan vyolans gang ame yo e li te gen gwo konsekans pou sekirite nasyonal la.

Atak kont Penitansye Nasyonal la te pèmèt gwo evazyon prizonye  e li te demontre kapasite òganizasyonèl ak kowòdinasyon kowalisyon kriminèl k ap opere nan peyi a. Menn li demontre tou feblès strikti sekerite yo  nan peyi a ak enkapasite gouvènman ki te la pou te pwoteje popilasyon an.

Patisipasyon sispèk la ki admèt li te nan operasyon sa a souliye enpòtans arestasyon li nan lit kont enpinite a.

 

 Kowalisyon "Viv ansanm" lan: yon gwo defi sekirite

 

Kowalisyon "Viv ansanm" lan reprezante youn nan prensipal menas sekirite ann Ayiti. Alyans gang sa a ranfòse kapasite operasyonèl gwoup kriminèl yo anpil, sa ki pèmèt yo kowòdone aksyon yo epi elaji enfliyans teritoryal yo. Se poutèt sa, arestasyon youn nan manm aktif li yo konstitye yon kou pou estrikti kriminèl sa a.

Wòl Wood Osny Sheednyca SIDOINE kòm antèn, byenke li sanble segondè, li gen yon enpòtans estratejik nan operasyon gang yo. Toutè sa yo pèmèt gwoup kriminèl yo siveye mouvman lapolis ak popilasyon sivil yo, kidonk fasilite planifikasyon ak ekzekisyon aktivite ilegal yo.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article