Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti,4 Jiyè 2025 -Tinouvel.com
Ayiti-Koripsyon : Yon gwo eskandal koripsyon anvayi Ministè Espò
Ministè Jenès, Espò ak Aksyon Sivik (MJSAC) ap fè fas ak gwo akizasyon koripsyon apre piblikasyon yon rapò ankèt akablan. Òganizasyon anti-koripsyon "Ansanm Kont Koripsyon" (ECC) denonse yon sistèm kap òganize detounman lajan piblik anba direksyon Minis Niola Lynn Sarah Devalis Octavius,dapre RHI News.
Yon ankèt pwofon revele pratik fwod
Rapò a, se yon rezilta yon ankèt ki te fèt ant 4 ak 30 jen 2025, li baze sou temwayaj 21 moun, pami yo aktyèl anplwaye ministè a ak ansyen, kontraktyèl ak benefisyè pwogram sosyal. Dapre Sekretè Egzekitif ECC a, Édouard Paultre, plizyè sous te prefere rete anonim pou rezon sekirite.
Minis Devalis Octavius yon move moun depi lontan
Se Gouvènman Garry Conille ki te nonmen Niola Lynn Sarah Devalis Octavius e li te gen yen move bilan nan Ministè Jèn, Espò ak Aksyon Sivik e li te konnen byen kijan pou l kontinye pratik koripsyon san kè , selon rapò sa a. Ant 2016 ak 2017, li te sekretè Direktè Jeneral Adjwen Ernst Jean-Baptiste,yon pozisyon estratejik nan kad estrikti konplotay pou fwod .Selon ECC Niola Lynn Sarah Dévalis Octavius ak Direktè Jeneral Adjwen an, Ernst Jean-Baptiste Ze Nono te chwazi mete tèt yo ansanm pou te vann lèt ofisyèl, bay swadizan jèn" atlèt" nan objektif pou yo jwenn viza ameriken gras a garanti ministè a.Vre fo atlèt sa yo, pou pifò te pati, men anreyalite yo pa t gen okenn koneksyon ak espò, ni menm ak ministè a .Rezo paralèl grandi, jiskaske afè a te kraze.Malgre yo te revoke direktè adjwen a, pa gen okenn aksyon legal ki te pran kont yo.Okontre gen youn nan yo ki jwenn pwomosyon.
Minis akize nan patisipe nan yon pratik detounman lajan piblik
Ankèt la te revele minis la te itilize ilegalman de kat labank ministè a.446-0700-5396-0013 ak 5400-0700-5446-0700 se nimewo 2 Kat sa yo ,yo rechaje yo chak mwa ak plizyè milyon goud. Madan lan itilize kat bank enstitisyon an pou depans pèsonèl li , dapre ECC ki di se yon vyolasyon flagran règ jesyon finans piblik yo.
Ofisyèlman,lajan sa yo te la pou finanse depans aktyèl ministè a tankou founiti, ti acha, depans administratif enprevi, ak frè teren. Sou papye, kat sa yo se zouti pou te senplifye jesyon mimistè a epi evite konplike depans yo . An reyalite, li transfòme an kat prive minis la .
Dapre plizyè anplwaye ECC te pale ak yo , Minis Niola Lynn Sarah Dévalis Octavius ta itilize yo pou fè depans ki pa gen okenn rapò ak jesyon ministè a. Pa gen okenn nòt pou jistifye l ni releve detaye li kominike bay ekip li yo. Depans yo ap kontinye chak mwa, san kontwòl nan gwo pratik detounman lajan piblik .
Bidjè gaz la pete plafon, men ministè toujou nan blakout
Yon lòt move pratik nan jesyon minis la se zafè depans gaz ministè a .Avan Niola Lynn Sarah Dévalis Octavius kota gaz chak mwa a te nan 3 milyon goud sou rèy minis la,depans gaz ministè a te double bridsoukou, li te pase de 3 a 6 milyon goud pa mwa, malgre ogmantasyon an administrasyon sa a te koupe nan fich gaz anplwaye yo e dèlko ministè konn kanpe fonksyone akòz pa gen gaz.
Yon rezo pwofon
Ankèt la te revele tou gen gwo iregilarite nan itilizasyon lajan ki te pou yon pwogram devlopman jèn ki vo senkant milyon goud. Dapre ECC, yo te retire plizyè milyon goud an lajan kach epi yo te konfye yo bay Jean Vilaire Maître, chèf sekirite pèsonèl minis la.Li te omwen resevwa 5 milyon goud an twa vèsman, san okenn dosye kontab lejitim. "Anpil moun prezante Jean Vilaire Maître kòm yon pwòch minis la, sa ki soulve sispisyon favoritism ak detounman lajan an gang òganize," dapre rapò a.
Eskandal "Chèk zonbi "
Detounman Chèk vivan ak zonbi se youn nan pi gwo eskandal ki parèt nan administrasyon Niola Lynn Sarah Devalis Octavius. ECC deklare tou plizyè douzèn chèk ki te destine pou travayè sou kontra te disparèt.Rapò montre gen douz anplwaye sou kontra, ki prezante chak jou e aktif nan biwo yo , dekouvri salè kat a sis mwa travay yo disparèt. Sou papye, tout bagay annòd: kontablite a konfime chèk yo te soti.Men, lè anplwaye sa yo al touche yo te dekouvri chèk yo te deja ankese san yo pa t konnen.Dapre rapò a, yo te remèt Charles Pierre Joseph Lima, responsab suivi dosye kontab nan Ministè Finans chèk sa yo , sou lòd dirèk minis la. Pami non dis travayè sou kontra yo ,nou jwenn Yves Cadet, Jean-Kudy Cénatus,Gerda Desgranges, ak Sanchez Moïse ki parèt nan dokiman an. Jiska jodi a ministè pa bay okenn eksplikasyon sou chèk yo te peye an kachèt .
Yo dekouvri tou gen 90 chèk pou ansyen anplwaye swa ki te abandone pòs yo oswa ki te mouri, pou yon total 2.77 milyon goud.
Sa ki pi chokan gen nan moun ki mouri yo ,chèk yo toujou ap soti sou non yo.Pami 11 anplwaye yo ECC site non Swance Bien-Aimé, Jean Donald Célestin, Wilfrid Emile, ak Marie Erolle Rodney Sterlin. " e li fè konnen pou kèk nan yo, yo te fè 10 chèk pou yo menm apre lanmò yo.
PASOJEPS chantaj ak koripsyon menn lanmou an
Lòt eskrokri ECC dekouvri se PASOJEPS, yon pwogram ki sipoze fòme plis pase 600 jèn pou lapè ak sekirite, te pwomèt yon alokasyon 40,000 goud pou chak patisipan.Apre sèt mwa ap tann, 300 jèn finalman te resevwa chèk yo... men anpil yo te oblije bay anplwaye ministè yo yon gwo pati touswit, sou pretèks se yo ki te "fasilite" peman an pou yo.
Temwayaj Julien Besner, devan anketè ECC montre degre koripsyon ki anndan ministè a ,jèn benefisyè sa a eksplike li te resevwa 53,250 goud, men anplwaye ministè yo te egzije l pou li bay yo 30,000 goud, plis pase 56% nan montan an. Anplwaye sa yo te ba l presyon , menase pou "ba l pwoblèm" si l te refize peye."Yo te menm kontakte paran m pou mande m 30,000 goud, yo te di se pri sa a mwen te dwe peye pou seleksyon mwen an," li te denonse.
Plis pase 200 jèn poko janm touche lajan yo dwe yo, san eksplikasyon. Katòz ladan yo, tankou Widdlène Alfred, Charlendine Chéry, ak Kesnel Jean Baptiste, di yo te sibi presyon ak menas paske yo te oze mande lajan yo te pwomèt la. Nan je yo, yon ministè ki te sipoze louvri pòt pou yo tounen yon koulwa pou rakèt, kote yo transfòme yon pwogram sosyal an yon pyèj pou jèn yo.
Dis Milyon disparèt nan batay Vertières 2024
E wi pou komemore Batay Vertières , viktwa final lame endijèn an kont twoup kolonyal Franse yo ministè a te mete yon bidjè 10 milyon goud pou finanse festivite yo kouvri frè lojistik, seremoni, amizman ak sipò men anreyalite fon sa yo pran yon lòt wout.Sou enstriksyon dirèk minis la, kontab ministè a,Jean Ludner Desforges, te ankese sòm sa yo nan yon kanal ki pa ofisyèl, men li te chwazi itilize yon kont kouran pèsonèl, ki te fèk louvri nan Bank Nasyonal kredi nan nimewo 4140000274.
Kèk jou apre 7.1 milyon goud te disparèt nan yon bat je apati plizyè e retrè youn dèyè lòt. Yon premye dekesman 1 milyon 22 novanm, 2 milyon kat jou apre, epi apre sa yon lòt 2 milyon dola 5 desanm. Jean Vilaire Maître, chèf sekirite rapwoche minis la ki te retire dirèkteman lajan sa yo, yo dekri kòm fanmi minis la ak moun li fè konfyans.
Pou chak retrè,pa gen okenn pyès pou jistifye yo, pa gen okenn resi, pa gen okenn fakti ki te jistifye itilizasyon lajan sa yo. Kontab la li menm, ECC te kesyone, te admèt li te aji sou lòd dirèk minis la epi li te rekonèt pa gen okenn demann fòmèl ki te janm fèt.Kòm rezilta, nan dat 31 janvye 2025, kont lan te montre yon balans 832 goud,san pa gen okenn tras destinasyon final milyon sa yo.
Fas ak revelasyon sa yo, Ensemble Contre la Corruption (ECC) pou otorite pran aksyon prese prese pou stope emoraji sa a e fòse minis la ranbouse chak santim nan fo acha li yo oswa acha yo pa ka jwenn tras yo.
Diminye kota gaz la imedyatman pou rive nan bezwen reyèl ministè a epi pibliye yon rapò detaye chak mwa. Fè yon odit konplè sou pwogram ranfòsman kapasite a pou pwouve chak ekipman egziste tout bon vre oswa pou jwenn kote li disparèt.
Pibliye yon rapò detaye sou 10 milyon goud yo te bay pou komemorasyon batay Vertières a, epi jistifye chak retrè.
Remèt lajan chèk yo vòlè nan men anplwaye sou kontra ak fanmi sa ki mouri yo. Peye konpansasyon yo te pwomèt jèn PASOJEPS yo san pèdi tan e san ranson, epi pini tout moun ki te fe tantativ chantaj.
Pou ECC, Inite Anti-Koripsyon (ULCC), Inite Santral Entèlijans Finansye a (UCREF), Enspeksyon Jeneral Finans lan (IGF), Kou Siperyè Kontab ak Kontenti Administratif (CSC/CA) ak Inite Jidisyè ki espesyalize nan krim finansye yo dwe pran relèv la:mennen ankèt, pouswiv, jije epi sitou demontre lalwa egziste toujou .
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous RHINEWS, Haiti Info Pro