Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Entimidasyon, menas, kout lang : Rudy Thomas Sanon anonse lap toujou  kanpe debou kont apatrid malgre konplo yo

Entimidasyon, menas, kout lang : Rudy Thomas Sanon anonse lap toujou  kanpe debou kont apatrid malgre konplo yo
Entimidasyon, menas, kout lang : Rudy Thomas Sanon anonse lap toujou  kanpe debou kont apatrid malgre konplo yo
Publicité

Pòtoprens ,Ayiti, 28 Jiyè 2025 -Tinouvel.com 


Entimidasyon, menas, kout lang : Rudy Thomas Sanon anonse lap toujou  kanpe debou kont apatrid malgre konplo yo

Yon animatè anba presyon

Rudy Thomas Sanon, yon jounalis ak animatè byen koni, te fè yon seri revelasyon twoublan pandan emisyon "Se Sa Nou Vle"  lendi 28 jiyè 2025. Li konfime li te resevwa menas lanmò dirèk, pandan yon gwoup moun k ap gaye lide  konsèvatè ak reyaksyonè sou Entènèt la ak nan medya yo ,sa yo rele "fachosfè"   lanse yon kanpay sistematik entimidasyon ak kalomni kont Team Rudy ak li menn .

 

Apre ankèt, animatè a te kapab idantifye sous menas ak entimidasyon sa yo. Li  kwè twa sektè nan lavi nasyonal ayisyèn nan ta enplike: yon pati nan boujwazi ayisyèn nan, grang ap atake sponsò li yo, malere ap atake sou entènèt pou  politisyen PHTK/Jovenelis yo, ak gang yo .

 

 Rezon ki fè pèsekisyon san rete a

Motif ki dèyè kanpay sa a kont Rudy Thomas Sanon pa misterye. Pozisyon piblik kouraje li yo ak denonsyasyon konstan li sou sitiyasyon politik ak sosyal zile a fè l tounen yon sib prensipal. Fas a presyon sa a, jounalis la montre yon detèminasyon san fay: "Mwen rete fidèl ak misyon mwen pou enfòme epi denonse sa ki pa bon nan sosyete nou an," li deklare.

 Presyon Boujwazi Ayisyen an

Dapre revelasyon Sanon yo, biznismann Ayisyen yo ap fè presyon dirèk sou moun ki patwone l yo pou fòse yo retire piblisite yo nan emisyon l lan. Rezon an? Li denonse "ouvètman inaksyon milat yo ak Syro -Libanè yo fas a sitiyasyon kritik Ayiti a".

 

Boujwazi a jistifye aksyon l yo lè l di  "sektè biznis la pa ka bay Rudy lajan pou atake klas biznis nou an." Presyon ekonomik sa a fòse Rudy Thomas pibliye yon avètisman pou raple l kòmantè ak opinyon ki eksprime nan pwogram li yo se pa l.

 

 Wòl Politisyen PHTK/Jovenelis yo

Pou jounalis la, politisyen PHTK/Jovenel yo reprezante "vrè sèvitè sistèm nan." Li akize yo kòm enstriman boujwazi a, ki gen responsablite pou "fè travay sal la": detwi ti ak mwayen antrepriz yo atravè enpozisyon taks ak gwo tarif ladwann , epi anpeche dyaspora a enpòte machin ize nan peyi Dessalines la.

 

 Yon kanpay kout lang byen konte mal kalkile

Estrateji destabilizasyon an pa rete sou menas dirèk sèlman. Dapre Rudy Thomas Sanon, detraktè l yo ap eseye kalomnye l lè yo prezante l kòm "yon tchoul sistèm lan, boujwazi a, epi yon manm gwoup Viv Ansanm nan." Akizasyon kòm swadizan alye gang teworis sa yo ta swadizan  eksplike yon  retrè viza antre li Ozetazini an.

Jounalis la te reyaji filozofikman nan sitiyasyon sa a: "Mwen pa gen okenn pwoblèm si Etazini retire viza mwen an, men sèl regrè mwen se si yo ta retire viza pou li pa  kapab retounen an Ayiti."

 Yon Angajman San Defèt

Malgre presyon an, Rudy Thomas Sanon konfime angajman li: li pap trayi kòz pèp la. Li ankouraje politisyen yo ak ti gwoup manm privilejye sistèm nan pou yo egzamine sitiyasyon aktyèl peyi a pou yo ka pran pi bon aksyon. Antanke sitwayen konsène, li santi l oblije pale kont swadizan iregilarite ki genyen nan sistèm nan.

Jounalis la denonse patikilyèman klas dominan an, ki kontwole 90% richès peyi a san yo pa envesti anyen nan devlopman li.

 Menas fizik konfime

Sitiyasyon an te pran yon vire patikilyèman grav lè Anbasad Etazini an Ayiti te pran inisyativ pou kontakte Rudy Thomas Sanon dirèkteman pou enfòme l  yo te dekouvri yon konplo kont lavi l. Avètisman ofisyèl sa a konfime gravite menas yo kont li yo.

Malgre avètisman serye sa a, jounalis la afime  li pral kontinye batay li a, avèk sipò yon ekip solid.

Konfli a ak Viv Ansanm

Rudy Thomas Sanon te pale tou sou pwoblèm li te genyen ak gwoup Viv Ansanm nan. Li poze tet li kesyon pou ki sa chèf gwoup la ap kontinye atake l chak fwa li finn pale  . Pou animatè, ostilite sa a eksplike pa yon misyon klè: "kraze emisyon Se Sa Nou Vle a."
Li akize pòtpawòl Viv Ansanm nan ap bay move enfòmasyon ak bay piblik la manti. Konsènan atak Jimmy Chérizier yo kont li, Sanon entèprete yo kòm yon reyaksyon previzib: "Lè w ap denonse kontrebandye yo, moun k ap gaspiye kès leta yo, ak politisyen kòwonpi yo, ou dwe atann yo voye konplis yo nan medya yo ak sou rezo sosyal yo."


Detèminasyon san fay


Pou konkli revelasyon l yo, Rudy Thomas Sanon te konfime detèminasyon li devan advèsite. Malgre menas, entimidasyon ak kanpay denigreman, li te pwomèt pou l pa kite yo entimide l epi pou l kontinye travay li nan sèvis laverite ak pèp Ayisyen an.
Pozisyon kouraje sa a montre defi jounalis endepandan yo ap fè fas an Ayiti, kote libète laprès la rete yon lit chak jou kont fòs ki prefere lonbraj  pase limyè .Li fini emisyon 28 Jiyè 2025 " se mwen se nou ,lè nou atake  mwen se gaz nou mete nan motè mwen".


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article