Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Lè Pòtpawòl Premye Minis la bay manti tankou lè lap respire 

Pòtpawòl gouvènman Ayisyen an, Val Ené,
Pòtpawòl gouvènman Ayisyen an, Val Ené,

Pòtpawòl gouvènman Ayisyen an, Val Ené,

Publicité

Pòtoprens ,Ayiti, 26 Jiyè 2025 -Tinouvel.com 


Lè Pòtpawòl Premye Minis la bay manti tankou lè lap respire 

 

Manti fè pati lavi Val Ené. Li akonpaye l tankou lonbray li, li respire l tankou lè, se zòrye li lè l ap dòmi, nan yon mo, li endispansab. Jan Mark Twain te ekri nan liv li a " L'art de mentir" ": "Pèsonn pa metrize art sa a," men Val Ané, ki fèk nonmen pòtpawòl pou Biwo Premye Minis la, sanble li te fè maksim sa a tounen deviz pèsonèl li.Li erije manti  tankou yon modèl kominikasyon gouvènmantal.


Yon viktwa diplomatik fiktif


Nouvo pòtpawòl ofisyèl la  deklare  jedi 24 jiyè a, nan emisyon « Le Point » sou Tele Metropole desizyon otorite peyi Etazini yo pran pou pwolonje TPS pou ayisyen yo se premye rezilta vizit premye minis Alix Didier Fils-Aimé Ozetazini.

Deklarasyon pòtpawòl gouvènman an, ki di se yon viktwa diplomasi ayisyèn ki rive ak pwolonjman Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) la, soulve yon gwo polemik sou rezo sosyal yo.


Pòtpawòl gouvènman Ayisyen an, Val Ené, twouve l nan sant yon gwo polemik apre pawòl manti sa yo e sa ki pired Ené kontinye ak manipilasyon reyalite yo nan plizyè medya Pòtoprens, prezante pwolonjman sa a kòm yon viktwa diplomatik pou gouvènman aktyèl la.


Sepandan, reyalite yo rakonte yon lòt  istwa ki  konplètman diferan de sa ansyen jounalis Scoop FM tap repete.


Vrè Orijin Pwolonjman an


Kontrèman ak deklarasyon Val Ené yo , pwolonjman TPS la soti nan yon desizyon tribinal. Jij federal Brian M. Cogan, pou Distri Lès Nouyòk la, te bay lòd pou kontinye TPS pou imigran Ayisyen yo jiska 3 fevriye 2026.

 

Mezi sa a vini apre yon pwosè aksyon kolektif  òganizasyon Ayisyen ki baze Ozetazini te depoze, ki te konteste anons Depatman Sekirite Entèn (DHS) konsènan fen pwogram nan. Pa gen okenn negosyasyon gouvènmantal ki te dèyè desizyon sa a,se te senpleman yon viktwa legal pou òganizasyon dyaspora Ayisyen yo.


Art pou bay  move manti


Ansyen jounalis Scoop FM nan te dwe reflechi sou pawòl Mark Twain yo, nan liv "L'Art de mentir "li te ekri an 1880: "Piske nou dwe bay manti, ann bay bon manti. Li pi bon pou nou pa bay manti pase pou nou bay yon move manti." Paske se jisteman la pwoblèm Val Ené a ye: li bay manti maladwatman, san syans.


Langaj nonvèbal li yo, ki evidan pandan aparisyon li nan medya yo, trayi manti li yo. Li ap bege , vizaj make manti .Moun sa a ki pwoklame tèt li kòm ekspè nan kominikasyon an sanble pa konnen règ debaz pwòp art  li. 

 

Diskreditasyon Planifye


Konpòtman sa a diskredite non sèlman pòtpawòl la li menm, men tou enstitisyon li reprezante a. Lè Val Ené defòme reyalite yo pou ranfòse imaj Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, li transfòme kominikasyon ofisyèl la an yon egzèsis dezenfòmasyon.

Nou dwe sonje TPS la, pa pwolonje pou kounye a, nòmalman li te dwe fini an fevriye 2026, epi administrasyon Trump la poko pran okenn desizyon konsènan yon posib lòt pwolonjman. 


Soti nan Kominikasyon rive nan Pwopagann


Val Ené, ki prezante tèt li kòm garanti kominikasyon "klè ak rijid", sanble li te franchi liy ki separe enfòmasyon ak pwopagann. Deriv sa a mete an kesyon kredibilite tout kominikasyon ofisyèl ki soti nan Biwo Premye Minis la.

 

Yon Tradisyon ki byen Anrasinen


Malerezman, tandans sa a pou bay manti enstitisyonèl pa nouvo nan jaden politik Ayisyen an. Jan nou te ka obsève , gen kèk politisyen ki tèlman bay manti  regilyèman menm "Kijan ou ye?"  vin sispèk, paske yo pa gen yon   sousi reyèl pou konnen  kijan ou ye  vre ,lè se yo k ap kreye kawo ak ensekirite pwograme sa a.

Afè ekstansyon TPS la revele deriv ki gen yen nan kominikasyon ofisyèl ki bay priyorite a manipilasyon pase bay enfòmasyon. Lè pòtpawòl Premye Minis la revandike yon viktwa legal pou dyaspora a  pou yo, li montre byen klè tandans  pou transfòme chak fè an yon enstriman pwopagann pou gouvènman an. 


Polemik  la montre tansyon ki antoure kominikasyon ofisyèl an Ayiti, kote liy ki separe enfòmasyon reyèl ak pwomosyon politik pafwa sanble flou. Pou Val Ené, yon ansyen pwofesyonèl medya ki te fè tranzisyon nan kominikasyon gouvènmantal , epizòd sa a soulve kesyon sou etik jounalistik ak obligasyon transparans ki genyen nan nouvo wòl li a.

 

Pratik sa a, pap ranfòse imaj gouvènman an, li pral sèlman   ogmante mefyans sitwayen yo anvè enstitisyon yo. Paske, jan Twain te raple nou, li pi bon pou pa bay manti pase pou bay yon move manti.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article