Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

14 Out 1791: Bois Caïman,yon nwit pou Brav ak Brav 

Prètès vodou ak ewoin endepandans Ayiti a, Cécile Fatiman (18yèm - 19yèm syèk) li te ye pou li te prezide seremoni Bwa Kayiman an.

Prètès vodou ak ewoin endepandans Ayiti a, Cécile Fatiman (18yèm - 19yèm syèk) li te ye pou li te prezide seremoni Bwa Kayiman an.

Publicité
Dutty Boukman, yon esklav nan plantasyon Turpin te yon houngan, yon gran prèt vodou.
Dutty Boukman, yon esklav nan plantasyon Turpin te yon houngan, yon gran prèt vodou.

Dutty Boukman, yon esklav nan plantasyon Turpin te yon houngan, yon gran prèt vodou.

Pòtoprens ,Ayiti 14 dawout 2025 -Tinouvel.com 

14 Out 1791: Bois Caïman,yon nwit pou Brav ak Brav 

Evènman ki te pase nan  mitan forè Bwa Kay Iman ou Bwa kayiman nan  nò Sen Domeng prezantman  Ayiti nan nwit 13-14 out 1791 la tap prepare youn nan soulèvman ki pi brav nan listwa modèn la. Ti istwa rakonte  se desan (200) gason ak fi kreyòl oubyen bosal, esklav ki te sove kite bitasyon yo ak moun ki te lib,  te rasanble nan yon  rak  bwa , ki sitiye nan limit pwopriyete Choiseul ak Lenormand de Mézy, nan Mònwouj. Nan distans kote yo te ya, yo te ka wè limyè ki tap  klere Kap-Fransè (jodi a Kap-Ayisyen), prensipal vil ki te nan koloni an.


Reyinyon sekrè sa a te reyini plizyè gason ak fanm vanyan ki soti nan diferan plantasyon, esklav ou pa te simonte laperèz yo pou yo te antre nan yon akò pou lanse yon rebelyon, yo te ini ak yon dezi komen: kraze yon fwa pou tout chenn esklavaj kolonyal franse a epi mete yon fen nan sistèm rasis ki te baz relasyon ant Blan, milat ak Nwa sou zile a pandan prèske twa syèk .


Nou pa ka souzestime odas aksyon sa a. Nan yon sosyete kote pi piti dezobeyisans yon esklav te pini pa lanmò, gason ak fanm sa yo te oze imajine yon revolisyon total. Yo pa t kontante yo pou yo te annik sove tèt yo oswa reziste endividyèlman: yo te planifye metòdikman pou ranvèse yon sistèm ki te konsidere yo kòm byen mèb .Se apati lannwit sa a gwo laperèz sa  yo pral chanje kan ,brav yo pral goute sèl libète a e mèt yo ak kontremèt plantè yo nan rejyon an pakab domi byen nan kabann yo ak laperèz nan vant yo.


Reyinyon Bois Caïman pat yon sewemoni espontane menn si li te parèt  etranj nan je kolon  blan yo, yo te montre yon entèlijans taktik remakab e se te yon maryaj  sou sa yo te tande sou revolisyon Fransèz la ak eritaj rit vodou zansèt yo ki rete  an Afrik .

Nan  mitan lannwit sa a 2 figi anblematik parèt Houngan Dutty Boukman ak prètès Mambo Cécile Fatiman te tounen vwa ak senbòl nwit sa a. 


Dutty Boukman, yon esklav nan plantasyon Turpin te yon houngan, yon gran prèt vodou. Yo te kaptire l nan Senegambi, yo te vann li  Jamayik anvan li te debake nan gwo plèn agrikòl nan nò Sen Domeng te konprann byen balans pouvwa a. Li te eksplwate avèk ladrès divizyon ki genyen ant kolon blan yo, blan pòv yo, ak afranchi milat  kou nwa yo  ki te tande pawòl Revolisyon Fransèz la.


Gen kèk temwayaj ki fè konnen loraj te gwonde  kout zèklè tap limen syèl la pou  louvri li ak  gwo kout kapli epi bridsoukou yon prètès mambo te parèt, yo te rele Cécile Fatiman, pitit fi yon esklav afriken ak yon swadizan prens kòs. Li te abiye ak yon gwo tòj long blan  epi li te kenbe yon gwo kouto anlè tèt li ak tou de men l,tankou yon moun lwa zwanzet yo te posede  . Yo te ba li  yon kochon nwa ki te chaje ak wonga ak ofrann,  li te touye l ak yon sèl kout kouto . Brav  yo te rete kalm, epi apre sa yo te kòmanse distribye san cho  ki te sipoze fè konspiratè yo envizib. 


Plizyè nan yo te pran kèk plim sou kochon an ki ta pral fè yo pase pou moun ki pa pran bal ak resevwa kout manchèt , yo tap vinn envilnerab. Tout Brav yo , te tranpe bouch yo nan kalbas san  an bwa yo, yo  te angaje yo anvan tout bagay pou swiv Dutty Boukman pou libere koloni Sen Domeng lan epi kase chenn esklavaj  la.

Devan kominote brav saa  ki te chofe an blan an, 2 towo gronde sa yo te mande inite pou kraze soumisyon, yo te egzije kouraj nan angajman yo pou aksepte risk yo. Yo te fè yo konnen : pwomès pou goumen te vle di aksepte lanmò men se sitou se anbrase lespwa pou viv lib.


Kouraj kolektif sa a te transfòme laperèz an fòs, epi seremoni an an zak fondasyon premye repiblik Nwa endepandan an ak yon sèl modòd Libète ou Lanmò.

Sewemoni  montre Kouraj  esklav  ak mawon  yo pou prepare yon revòlt e montre jeni  konspiratè yo pou itilize referans kiltirèl ak relijye kòm yon mwayen mobilizasyon. Seremoni vodou ki te akonpaye sèman yo pa t sèlman yon seremoni: se te yon zak politik ki te kreye yon idantite kolektif ki te depase divès orijin etnik patisipan yo. Afriken ki soti nan diferan nasyon, Kreyòl ki fèt sou zile a, tout te jwenn tèt yo ini nan yon pwojè komen.

Lannuit 14 Out 1791 la te make kòmansman yon revolisyon ki ta mennen, trèz ane apre, nan endepandans Ayiti ,premye repiblik Nwa nan listwa ak sèl egzanp yon revolisyon esklav ki reyisi. Kouraj Bois Caïman te louvri chemen pou aparisyon pèsonalite tankou Toussaint Louverture, Jean-Jacques Dessalines, ak Henri Christophe.

Aktè nwit istorik sa a te demontre odas, entèlijans, kouraj, ak detèminasyon ka defye relasyon pouvwa ki pi inegal yo. Astis politik yo te  transfòme estati yo kòm moun ki ap sibi opresyon an yon fòs revolisyonè, lè l sèvi avèk soufrans tout moun se baz pou yon solidarite san parèy.

Jeune Afrique

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article