Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre

 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre
 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre
 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre
 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre
 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre
Publicité

Pòtoprens ,Ayiti premye dawout 2025 -Tinouvel.com 


 Dèt Endepandans Ayiti a: Yon Apèl pou Jistis de san apre


Yon anivèsè  ki bay vant kòde e ki defye Lafrans

 

Ane 2025 la make yon anivèsè espesyal nan listwa relasyon franko-ayisyen yo: bisantnè "dèt endepandans" Lafrans te enpoze sou Ayiti an 1825. De syèk apre desizyon kontwovèse sa a, òganizasyon ayisyèn yo ak alye entènasyonal yo ap relanse deba sou Jistis ak Reparasyon  yo adrese yon apèl dirèk bay Prezidan Emmanuel Macron.


Yon ranson istorik ki gen  gwo konsekans 

An 1825, anba menas entèvansyon militè franse a ak flòt Napoleyon yo,jèn Repiblik Ayiti ki te fèk vin endepandan apre te oblije  aksepte yon akò grenn kraze. Lafrans te mande 150 milyon fran lò (yo redwi li pita a 90 milyon) kòm konpansasyon pou ansyen mèt plantasyon franse yo pou “byen” yo te pèdi, nan byen sa yo yo te konsidere moun ki te nan sitiyasyon esklavaj yo tou. 

Sòm astronomik sa a nan moman sa a te reprezante plizyè fwa bidjè anyèl Ayiti a. Dapre estimasyon ekonomis kontanporen yo, li ta ekivalan a plizyè dizèn milya dola jodi a. Pou onore dèt sa a, Ayiti te oblije pran nouvo prè nan men bank franse ak ameriken, sa ki te mete peyi a nan dèt ki te kraze l, ki te bloke devlopman li pandan plizyè jenerasyon. Sik dèt ki te dire jiska 1947.


Kat Agiman pou Restitisyon

 

Òganizasyon ki siyen lèt ouvè sa a demontre gen kat  gwo poto nan agiman pou Lafrans  rekonèt e repare enjistis sa a. 

Pou siyatè yo  enperatif moral la  se premye poto nan agiman yo a. Ayiti, lè l te reyisi reyalize revolisyon li a, te enkane ideyal "Libète, Egalite ak Fratènite" menm anvan Lafrans Repibliken an te adopte yo definitivman. Fòse nasyon sa a peye pou pwòp libète li konstitye, dapre yo, yon kontradiksyon fondamantal ak valè inivèsèl sa yo.’.’ Ayiti te peye pou libète li de (2) fwa, e konsekans ranson sa a toujou ap afekte peyi a jodi a. Restitisyon pou enjistis la ta korije tò istorik la e ta bay yon egzanp kouraj moral ki ka enspire lòt moun, nou ta ki li nan lèt ouvèt sa a  . 


Lojik ekonomik fòme dezyèm agiman an. Olye pou l envesti nan enfrastrikti esansyèl li yo—lekòl, lopital, wout, sistèm sanitasyon—Ayiti te oblije konsakre ti resous li yo pou bay ansyen esklavajis an Frans, gouvènman franse a, ak bank franse ak ameriken pou peye dèt la ak lòt prè ki te vin apre . Pèyman ranson sa a  ta retade devlopman ekonomik peyi a pou plizyè dizèn ane epi kontribye nan vilnerabilite aktyèl li fas a dezas natirèl ak kriz ekonomik.Si Lafrans aplike prensip restitisyon an, sa ta ka mete Ayiti sou pye pou yon seri envestisman enpòtan fèt an Ayiti —pa egzanp konsriksyon kay ki kapab fè fas kare ak siklòn ; envestisman nan edikasyon ak devlopman riral pou kase chenn povrete enjistis istorik ki nan peyi a yo te vle raple sa a pou Prezidan Macron. 

Egzijans legal konstitye twazyèm poto a. Moun k ap defann kòz la kwè " Pa gen oken akò selon lalwa ki jistifye ranson sa a". Pou siyate yo akò ransòn endepandans lan ant Lafrans ak Ayiti te deja nil,sa vle di pou yo  :"Menmsi akò sa a te antre an aplikasyon depi 200 ane, li te deja ilegal selon lwa ki te an plas an 1825. E sa bay yon baz solid pou Ayiti reklame restitisyon an. 


Finalman, se kesyon  kredibilite jeopolitik la . Kijan wòl Lafrans kòm yon chanpyon dwa moun ka rekonsilye ak silans kontinyèl li sou yon enjistis istorik flagran konsa?“Liberté, Égalité, Fraternité” ekri sou bilding piblik li yo. Si Lafrans vrèman serye sou prensip sa yo li dwe negosye yon pakè reparasyon ak restitisyon atravè yon pwosesis patisipatif ki enkli pèp ayisyen an anba lidèchip Ayiti. Prensip imanis Lafrans ap reklame li de li a mande aksyon konkrè, pa sèlman bèl pawòl ak mezi senbolik.

 

Yon deba ki depase ti fwontyè Ayiti a

 

Mobilizasyon sa a fè pati yon mouvman pi laj ki kesyone eritaj kolonyal la ak reparasyon istorik yo. Soti nan Grann Bretay rive nan Peyiba, ki gen ladan Pòtigal, plizyè nasyon ewopeyen ap fè fas ak demand ansyen koloni yo menm jan ak Ayiti .


Sepandan, ka Ayisyen an prezante kèk espesifik remakab. Kontrèman ak lòt sitiyasyon kolonyal yo, Ayiti te genyen endepandans li gras ak fòs zam an 1804, men apre sa li te oblije "reachte l" nan men ansyen kolonizatè li a. Doub penalite sa a—militè epi answit finansye—bay demand Ayisyen an yon dimansyon inik.

 Defi pou  jistis ak reparasyon 

Pandan  apèl òganizasyon ayisyèn yo te jwenn sipò favorab nan sèten sèk entelektyèl ak politik, kesyon modalite pratik yo rete konplèks. Kijan pou evalye domaj ki sibi a avèk presizyon? Nan ki fòm yo ta dwe òganize reparasyon posib yo? Kijan sosyete ayisyèn nan ka patisipe nan pwosesis sa a?

Siyatè lèt la mete aksan sou nesesite pou yon "pwosesis patisipatif ki enplike pèp ayisyen an" pou negosye kondisyon nenpòt restitisyon. Apwòch sa a demontre yon volonte pou depase lojik tradisyonèl èd pou devlopman an epi bay priyorite a yon apwòch jistis restoratif.

Silans franse  yo  kesyonab

Jiskaprezan, otorite franse yo te kenbe yon pozisyon silans sou pwoblèm sa a. Yo te fè kèk jès senbolik—tankou rekonesans Jacques Chirac sou nati "inakseptab" esklavaj la an 2001—men pa gen okenn angajman konkrè ki te pran konsènan posib reparasyon finansye yo.

Atitid sa a te depaman ak chanjman atitid yo anvè pwoblèm komemorasyon 200 zan endepandans lan. Opinyon piblik franse a, ki de pli zan pli konsyan de defi jistis istorik la, te kapab bay yon mwayen pou chanje pozisyon ofisyèl la.

Pou yon nouvo chapit nan relasyon franko-ayisyen yo?


Apèl bay Prezidan Macron an vini nan yon kontèks jeopolitik kote Lafrans ap chèche redefini relasyon li yo ak Afrik ak Karayib la. Èske "rekonstriksyon" patenarya ak kontinan afriken an,  Palè Élysée a te anonse a, ta ka pwolonje rive nan Ayiti?


Pou òganizasyon ki siyen akò a, pwoblèm nan depase kad bilateral franko-ayisyen an. Objektif la se kreye yon presedan ki ta ka enspire lòt inisyativ jistis restoratif sou yon echèl entènasyonal. " 21yèm syèk la," yo raple nou," pouvwa pa sèlman sa ou pran, men tou sa ou tounen bay, se pataj.Fè fas ak listwa se pa yon wont pou kache, men yon opòtinite pou bati yon avni sou egalite, libète, ak diyite moun. Sa rantre nan defiini e konstwi nouvo etik nou bezwen an. Li lè pou Lafrans rekonèt verite sa a epi finalman remèt ransòn endepandans li te pran nan men Ayiti a. 


Pandan Ayiti ap sibi yon gwo kriz politik ak sekirite, demand sa a pou jistis istorik sonnen avèk yon profondè patikilye. Li mete an kesyon non sèlman responsablite istorik Lafrans, men tou kapasite li pou transfòme prensip li te deklare yo an aksyon konkrè pou konstwi yon avni ki pi ekitab.


Nou menm ki siyen lèt sa a angaje nou pou kontinye kolabore ak tout patnè ki angaje nan konba pou jwenn repons a domaj istorik e konsekans trajik koze ranson sa a kontinye genyen sou lavi pèp ayisyen jodi a  yo te fini lèt ouvèt yo a. 

 men lis siyatè  yo

Kolektif Ayisyen Afwodesandan (KAAD) 
Action pour la Reforestation et la Defense de l’Environnement (Action for the Reforestation and Defense of the Environment – AREDE) 
African Futures Lab (AfaLab) 
African Immigration Initiative 
Alternative Chance / Chans Altenativ 
Archipel University 
Bahamas National Reparations Committee (BNRC) 
Bannzil Kreyòl Kiba 
Black Levers 
Center for Constitutional Rights (CCR) 
Centre Anacaona droits humains Haïti (Caddh) Siyen isit la | Signez ici | Sign here 

Collectif Haïti de France 
Colombia Acuerdo de Paz NGO 
Community Coalition for Haiti 
Dignity Rights Advocates 
Eritaj Foundation 
Faith in Action International 
FANM in Action 
Festival Haïti-Monde 
Fondación Zile 
Foyer Maurice Sixto (FMS) 
Fraternita Haitiana Odv. 
Fundación Cónclave Investigativo de las Ciencias Jurídicas Y Sociales (CIJYS) 
Get Free 
Global Justice Clinic, NYU School of Law (GJC) 

Haiti Policy House 
Haitian-American Foundation for Democracy (HAFFD) 
Haitian American Law Enforcement Fraternal Organization (HALEFO) 
Haitian Bridge Alliance (HBA) 
Haitian Women’s Collective (HWC) 
Hemispheric Network for Haitian Migrants' Rights (Rezo Emisferik pou Dwa Migran Ayisyen, REDMA) 
Hope For Haiti: Education (HHE) 
Human Rights Institute at Georgetown University Law Center (HRI) 
Institute for Justice and Democracy in Haiti (IJDH) 
Institut Provincial 
Li, Li, Li Read 
Loyola Law School Anti-Racism Center (LARC) Make It Plain 
Manifest Haiti 
Middle Collegiate Church 
National Coalition of Blacks for Reparations in America (N’COBRA) 
National Conference of Black Lawyers (NCBL) 
Nègès Mawon 
New Yorkers for Reparations 
Not In Our Town Princeton 
Operation Grace for Haiti 
Project South 
Quixote Center 
Reparations 4 Slavery 
Reparations Finance Lab (RFL) 
Restavek Freedom Foundation/OPREH 
Solidarity Society 
Sosyete Kiltirèl Jèn Ayisyen (SOKIJA) 
Table ronde du mois de l'histoire des Noirs 
The Peoples Organization for the Development of Haiti (OPODHA) 
The Royal Palace of the African Diaspora 
UNESCO Inclusive Policy Lab 
Unitarian Universalist Service Committee (UUSC) 
United by Equity 
Young People of N’COBRA (National Coalition of Blacks for Reparations in America) 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article