Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Pòtoprens ,Ayiti 15 dawout 2025 -Tinouvel.com
Doub ranson endepandans:Anpil enkyetid sou konpozisyon ak lejitimite CNHRR
Konsèy Tranzisyon Prezidansyèl la (CPT) nonmen ofisyèlman, nan yon dekrè ki date vandredi 8 out 2025, manm Komite Nasyonal Ayisyen pou Restitisyon ak Reparasyon (CNHRR). Komite sa a, dapre dekrè 17 avril 2025 konpoze ak 21 manm soulve anpil enkyetid nan sèk akademik yo ak nan sosyete sivil ayisyèn nan. Plizyè vwa ap kesyone konpozisyon, lejitimite ak efikasite enstitisyon estratejik sa a.Yo te eksprime 3 gwo enkyetid.
1- Enkyetid sou Kesyon konpozisyon an ak kritè seleksyon yo
Menm si se yon konpozisyon divèsifye e reprezantatif, kantite manm yo soulve kesyon.Anpil obsevatè jije kantite manm yo twòp .Konpozisyon 21 manm yo soulve kesyon sou efikasite operasyonèl komite a.
Komite a reyini reprezantan enstitisyon tankou Prezidans, Biwo Premye Minis la, Ministè Ekonomi ak Afè Etranjè), senk manm sosyete sivil la, ansanm ak douz ekspè ki soti nan kominote akademik ak syantifik la ann Ayiti ak entènasyonal. Gen kèk obsèvatè ki kesyone enpòtans gwo kantite sa a epi yo sispèk yon posib "pratik ranplisaj komite a."Èske se yon bagay pou ki ranpli komisyon an, dapre yon sous ki pat vle nou site non li ?
Ki kritè yo te itilize pou chwazi manm yo, kopinaj oswa kliyantèl? Dapre sous nou yo, kritè yo itilize pou chwazi manm yo rete enkoni. Akizasyon "kopinaj" ak "kliyantèl" ap sikile, alimente pa lefèt gen manm yo chwazi e yo pibliye non yo nan dekrè refize patisipe nan komisyon sa a paske yo kwè "avni limanite an danje" nan siksè mobilizasyon sou restitisyon ak reparasyon pou Ayiti, mond ansyen koloni yo ap veye nou epi ap siveye nou ."Si komisyon pa vinn regle anyen li pa nesesè pou li fè pati de kalite bagay sa a" epi se patrimwa yo ki pral gen pwoblèm pi devan.Li te ajoute " kritè seleksyon opak".
Gen enkyetid tou sou posib enfliyans Anbasad Frans nan seleksyon sèten manm yo. Yon inivesitè ki vle rete anomin te ensite pou kesyon rapò FransAyiti : "Kòman ransonè nou an ki se Lafrans ka repare Ayiti epi remèt lajan li te vòlè nan men nou lè li gen zanmi li nan CNHRR a?" Sous sa a deklare se inivèsite leta ki te chwazi majorite manm CNHRR yo e anpil ladan yo se etènèl manm nan tout komisyon e gen bon koneksyon ak anbasad la Frans ann Ayiti.
2-Enkyetid akademik yo
Sektè akademik la byen reprezante, avèk pèsonalite renome tankou: Alvarès Louis, Judite Blanc, Bildadson Cadélus, Patrick Pierre-Louis (prezidan Asosyasyon Avoka Pòtoprens), Fritz Deshommes (ansyen rektè UEH), Jean Eugène Pierre-Louis, John Picard Byron, Camille Chalmers, Jean Waddimir Gustinvil, ak Christian Toussaint. Nan CNHRR a, Prezidans lan reprezante pa istoryen Frantz Voltaire epi Biwo Premye Minis la pa Mary Francis Gratia.Sosyete sivil ayisyèn nan CNHRR a reprezante pa: Ricot Pierre-Louis; Jacques Nesi; Danove Jose Karly Dieufort; Hans Alexandre; ak Sabine Lamour ki li menn refize patisipe nan komisyon sa a.
Nan yon nòt li poste sou paj ofisyèl Facebook li ekri :
"mwen menm, Sabine Lamour, doktè nan sosyoloji, sitwayèn ayisyèn, pwofesè nan Inivèsite Leta Ayiti epi militante feminis, vle pote presizyon sa yo :
1. Mwen pa t resevwa okenn manda nan men okenn òganizasyon, ni nan men okenn gwoup oswa regripman òganizasyon, pou m chita kòm manm nan Komite Nasyonal pou Reparasyon Istorik (CNRH).
2. Menm si responsab CNRH yo te kontakte m dirèkteman pou m rantre nan konpozisyon komite a, mwen te eksprime klèman refi mwen pou m aksepte envitasyon sa a.
Kidonk, mwen konfime mwen pa manm nan Komite Nasyonal pou Reparasyon Istorik.
Malgre li refize patisipe kòm manm CNHRR men li di li rete atache ak koz komite sa a:
"Men, kòm yon sitwayèn ayisyèn, mwen kenbe yon atachman total ak koz komite sa a ap defann"
Gen kèk kritik ale pi lwen pase doktè nan sosyoloji , yo montre malgre gwo konesans akademik manm komisyon an yo pa fè okenn piblikasyon syantifik espesyalize sou kesyon dèt endepandans lan ,e menn gen nan yo ki pa janm pozisyone reyèlman sou kesyon dèt la ou doub ranson endepandans lan, malgre li kwè pwoblèm akademik yo se segondè men li te nesesè pou pale sou sa.
3-Enkyetid politik
CNHRR a resevwa yon manda konsiderab: devlope agiman ekonomik, finansye, legal ak etik ki nesesè pou sansibilize piblik la epi mobilize an favè reparasyon ki gen rapò ak esklavaj, kolonizasyon, ak ranbousman endemnite yo te enpoze sou Ayiti nan 19yèm ak 20yèm syèk yo.
Kolektif Kont Ranson, yon aktè enpòtan nan mobilizasyon pou reparasyon yo, refize ofisyèlman pou yo te rantre nan CNHRR la. Nan yon lèt yo te adrese bay Kolektif Ayisyen Afro Desandan (KAAD) nan dat 22 jiyè 2025, kolektif la te eksprime gwo rezèv òganizasyon li an.
Pou Kolektif la, deklarasyon 17 avril 2025 la, "sanble yon repetisyon senbolik òdonans 17 avril 1825 la,Charles X te enpoze nou ." Òganizasyon an trase yon paralèl twoublan: "Nan moman sa a, Jean-Pierre Boyer ak Sena Ayisyen an te andose yon desizyon Lafrans te dikte yo. Jodi a, Prezidan Macron dekrete epi gouvènman Ayisyen an valide, san konsiltasyon nasyonal oswa deliberasyon piblik."
Kolektif la te reyafime "angajman li pou lespri 1804 la, ki reprezante yon ripti total kapital ,definitif ak tout fòm dominasyon kolonyal ak afimasyon dwa grandèt majè Ayiti" epi li denonse tout "lojik soumisyon, kit se politik, ekonomik, oswa senbolik."
Gen lòt sektè ki gen dout sou objektif komisyon sa a :kijan nou pral sansibilize piblik la epi mobilize an favè reparasyon ki lye ak esklavaj, kolonizasyon ak ranbousman doub ranson yo te enpoze Ayiti nan 19yèm ak 20yèm syèk yo ?
Yo soulve yon pwen enpòtan konsènan estrateji mobilizasyon an. Li denonse lefèt batay sa a rete limite a "ti boujwazi entèlektyèl Ayisyen an" epi li kritike mank aktivite ki òganize nan "mond riral ,peyizan an ak nan katye popilè ak nan sektè ouvriyè yo , prensipal viktim yo.
Kritik sa a ale nan kè defi a: kijan nou ka efektivman sansibilize opinyon piblik Ayisyen an sou reparasyon yo si mobilizasyon an rete elitis? Si aktè akademik ki enplike yo pa ateri nan mitan pèp la e yo prefere rete nan yon ti sèk entèlektyèl ? Lafrans pap janm asepte restitisyon ak reparasyon ,li te ajoute.
Sous nou an ki pat vle yo site non li poze ak nou pwoblèm lejitimite Gouvènman Tranzisyon CPT/Premye minis Alix Didier Fils Aime genyen nan ka sa a .Li soulve kesyon dirabilite ak avni komisyon sa a. Se yon"gouvènman tranzisyon defakto," ki kreye CNHRR apati dekrè 17 avril 2025, Kisa k ap rive reprezantan enstitisyonèl yo apre 7 fevriye, fen manda CPT a? Èske gouvènman ki ap eli a ap oblije nonmen manm sa yo ki te nonmen pa yon gouvènman tranzisyon?
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste,page Facebook Sabine Lamour