Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Etazini akize Chèf Gang Ayisyen 'Barbecue Jimmy Chérizier e ofri 5 milyon dola pou moun yo ka kaptire l.

Etazini akize Chèf Gang Ayisyen 'Barbecue Jimmy Chérizier e ofri 5 milyon dola pou moun yo ka kaptire l.
Publicité

Washington D.C ,Etazini ,13 dawout 2025 -Tinouvel.com


Etazini akize Chèf Gang Ayisyen 'Barbecue Jimmy Chérizier e ofri 5 milyon dola pou moun yo ka kaptire l.


Tribinal federal nan peyi  Etazini te devwale  akizasyon jodi kont Jimmy Cherizier, Barbecue, 48 an, ki soti Pòtoprens, Ayiti.Pwokirè ameriken Jeanine Pirro te fè anons la. Apre anons sa a, FBI a te anonse yon rekonpans 5 milyon dola pou enfòmasyon ki ap mennen nan arestasyon li.

Anplis lidè kowalisyon "Viv ansanm" an, gran jiri a akize  Bazile Richardson, ki plizyè non vanyan tankou Fredo, Fred Lion, Leo Danger, ak Lepè Blòdè, 48 an, yon ayisyen ki natiralize sitwayen ameriken , kòm lidè nan yon konplo pou transfere lajan soti Ozetazini bay Cherizier pou finanse aktivite gang kriminèl li yo an Ayiti.


Dapre akizasyon an, Chérizier ak Richardso yon chofè kamyon yo te arete mwa pase a nan Houston ,Texas te dirije yon gwo konplo ki te enplike lòt konplis Ozetazini, Ayiti ak lòt kote pou yo te ka ranmase lajan pou aktivite kriminèl Chérizier yo, sa ki te vyole sanksyon ameriken yo. Akizasyon an deklare  de mesye yo te mande dirèkteman pou  manm nan dyaspora ayisyèn Ozetazini  fè transfè lajan  pou yo . Yo te voye lajan yo bay yon seri  entèmedyè an Ayiti pou Chérizier, ki te itilize yo pou peye salè manm gang li yo epi achte zam nan men trafikan ilegal an Ayiti, dapre otorite ameriken yo.


Pwokirè Jeneral pou Sekirite Nasyonal John A. Eisenberg "Divizyon Sekirite Nasyonal la te anonse  yo pap tolere okenn moun ki Etazini k ap ranmase lajan pou gang kriminèl , epi li pral kontinye rapouswiv moun ki pèmèt vyolans ak enstabilite an Ayiti." 


“Gen yon bon rezon ki fè gen yon rekonpans 5 milyon dola pou enfòmasyon ki mennen nan arestasyon Cherizier. Li se yon chèf gang ki responsab gwo abi sou dwa moun , tankou vyolans kont sitwayen ameriken ann Ayiti,” Avoka Ameriken Jeanine Ferris Pirro pou Distri Columbia a te deklare . 


“Gouvènman ameriken an te sanksyone Cherizier an 2020 paske li te responsab yon kanpay vyolans kontini, tankou masak La Saline an 2018, kote 71 moun te mouri, plis pase 400 kay te detwi, epi gang ame yo te  vyole omwen sèt fanm  . Biwo Avoka Ameriken an angaje pou arete Cherizier epi mennen l devan lajistis, ansanm ak moun tankou akize Richardson, ki te voye lajan ak lòt sipò bay Cherizier soti Ozetazini an vyolasyon sanksyon ameriken yo. 


Dapre dokiman tribinal yo, Cherizier se yon ansyen polisye  Polis Nasyonal Ayisyen an e lidè yon gang yo rele Fòs Revolisyonè  an Fanmi G9 ak Alye yo ki te ede kreye yon alyans gang yo rele Viv Ansanm ki te ini anpil gang kriminèl Ayiti yo pou opoze ak gouvènman lejitim Ayiti a. 


Si ou gen enfòmasyon, tanpri kontakte FBI nan 1-800-CALL-FBI oswa sou entènèt nan www.tips.fbi.gov. Ou ka bay enfòmasyon tou bay HSI nan 1-866-DHS-2-ICE oswa sou entènèt nan www.ice.gov/webform/ice-tip-form.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article