Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl
Houston , Etazini, 5 dawout 2025 -Tinouvel.com
FBI mete anba kòd nan Houston Bazile Richardson akize finansman gang viv ansanm
Richardson, pwopriyetè yon konpayi kamyon ki baze nan Kawolin di Nò ap fè fas ak akizasyon federal pou sipòte finansyèman gwoup ame k ap chèche destabilize gouvènman Ayisyen an.
Richardson Bazile, yon Ayisyen-Ameriken ap viv nan Fayetteville, Kawolin di Nò, li dekri tèt li kòm yon "zanmi pwòch Jimmy Cherizier alyas Barbecue", FBI te jwenn li fin fè plizyè transfè lajan bay gang sa a ant 2020 ak 2025, an vyolasyon 50 US.C 1705( International Emergency Power act) .
Dapre dokiman akizasyon yo ,Bazile Richardson ta :
- Transfere lajan an Ayiti pou achte zam afe ak machin
- Finanse salè manm gang yo
- Kenbe kominikasyon regilye ak lidè kriminèl yo
Richardson te fèt an Ayiti epi li se pwopriyetè yon biznis transpò machandiz , dapre dosye tribinal yo.
Pwokirè federal yo te dekouvri lyen Richardson Bazile ak Viv Ansanm .Li di Richardson gen relasyon dirèk ak Jimmy "Barbecue" Cherizier, yon figi enpòtan nan krim òganize Ayisyen an. Cherizier, yon ansyen manm fòs polis la, kounye a ap dirije Viv Ansanm, yon kowalisyon gang ki kontwole yon gwo pati nan Pòtoprens.
Li anonse Richardson ta konn voye lajan bay Jimmy "Barbecue" Cherizier, yon ansyen polisye ak chèf aktyèl gang teworis Viv Ansanm.
Ayiti ap fè eksperyans yon peryòd gwo enstabilite politik depi plizyè ane. Depa fòs lapè Nasyonzini yo an 2017 te kreye yon vid sekirite kote gwoup ame yo te byen vit eksplwate, pou yo te pwolonje kontwòl yo sou kapital la ak zòn ki antoure l yo.
Cherizier anba sanksyon Etazini e li te enplike nan yon masak an 2018 ki te touye 71 moun nan 24 èdtan nan lasaline . Nan mwa me, Etazini te deziyen Viv Ansanm kòm yon òganizasyon teworis etranje.
Pwokirè yo gen bon jan prèv , yo te jwenn apati siveyans yo tap fè sou ajisman Bazile.Pwokirè yo te ekri yo gen mesaj vokal ak ekri Bazile .Nan youn nan mesaj yo, Richardson Bazile te pale pou ranvèse gouvènman Ayisyen an, dapre ak akizasyon an.Yo te gen anrejistreman vwa Richardson k ap bay enstriksyon pou transfè lajan .Nan kominikasyon FBI te entèsepte , Bazile ta rekòmande pou : "Pa di anyen sou òganizasyon an lè w ap voye lajan an," Richardson te swadizan di pandan l ap bay yon moun enstriksyon sou kijan pou l voye lajan ann Ayiti. "Y ap siveye tout bagay akòz sanksyon entènasyonal yo."
Richardson swadizan te pwomèt pou ede finanse tout pwojè Cherizier yo epi pou ede l jwenn zam lou, dapre dosye tribinal yo.Akòz kontribisyon finansye enpòtan sa a ta ba li yon pozisyon enfliyan nan òganizasyon kriminèl la.
Ankèt sou aktivite Richardson yo te komanse depi omwen mitan 2022. Yo te bay yon manda arestasyon 17 jiyè, epi yo te arete l sis jou apre ,swa 23 jiyè , nan Houston. Richardson Bazile te konn itilize anpil non vanyan tankou "Fredo Pam"," Lepè Blòdè" ,"Leo Danger", "Fred Lion","Fredo Richardson "
Dokiman ofisyèl yo pa t presize sikonstans prezans li nan vil sa a lè yo te arete l.
Apre yon odyans preliminè ki te fèt madi nan Houston, yo te mete Richardson an detansyon. Yo te transfere ka li a nan yon tribinal federal nan Washington.
Arestasyon sa a montre efò otorite ameriken yo ap fè pou konbat rezo finansman krim òganize entènasyonal yo epi li demontre konpleksite lyen ki genyen ant dyaspora Ayisyen an ak sitiyasyon sekirite nan peyi yo.
Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com