Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti, mouri. Pou Monseyè Willy Romulus 

Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti
Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti
Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti
Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti

Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti

Publicité

Pòtoprens ,Ayiti 12 dawout 2025 -Tinouvel.com


Ayiti -Move Nouvèl -Nouvèl Lanmò 


Tinouvel ap pibliye  yon seri atik omaj ak Monseyè Willy Romélus, nap derape ak tèks omaj Rodolphe "Sonson "Mathurin militan pwogresis ,ekriven ak pwofesè matematik


Monseyè Willy Romélus, pwogresis, militan  angaje  pou demokrasi an Ayiti, mouri.


Pou Monseyè Willy Romulus 


M ta fouti pe. M pa ta fouti fè kòmsi m pa tris. M kriye lan mezi kè m ap fè m mal e kontinye fè m mal jis m al retounen lwen. Nan tan jenès nou. Gen moun ki pèdi tan nan pran abitid rele tan sa a, tan jenès 86 yo. Alòske se tousenpman moman pi enpòtan kote n ap trase chwa angajman nou nan lavi a. Vi pèsonèl nou gentan pase pa dèyè enterè kolektif la, espesyalman enterè majorite sistèm ekonomik e sosyal la ap pilonnen an. Se moman Nou asime Nou gen yon ideyoloji, Nou chwazi kan pa Nou an - objektivman. E poutan, Nou te jèn, nan laj!


Nou regle tou sa, anvan 1986 e Nou te rankontre monseyè avan 86. Se moman Nou te pre yon bann lòt konsyans tou. Gen lan yo, Nou pa janm kwaze, genyen ki janbe, genyen k ap teke san beke, genyen k ap reziste tankou nou Jodi a, ki kontinye reve. Ayiti ap rekanpe kanmenm. Nou gen lontan n ap vwayaje pou n rive nan rèv sa a. E n ap kontinye. Paske m ap sonje lè Nou te konn pran bato al Jeremi anvan koze demokrasi te vin ap pale an Ayiti. M ap sonje Kijan Mwen AK dòt zanmi ki te tounen frè AK sè, te pran risk lanmè anba sak pay madan Sara tout kalte k ap kakataye tout koze, melanje ak pise nan yon bato ki pa janm asire w si l ap byen rive ( bato Freda k ap pote yon souf modènite  rive nan sikwi Pòtoprens -Jeremi, apre ane 90 ). Lè se pa t nan bato san garanti pou lavi se te kamyon balan pa sèten ki t ap mete n devan danje anba Fanmpadra, nan fè Nou janbe rivyè glas ak kè Nou byen glase.


Men Nou te kontinye ale.  Ak tout risk pou te gen yon espyon ki te gentan repere nou e fè mare n lè Nou desann pou enkoni, petèt potansyèl sibvèsif nan vil Jeremi. Men Nou te kwè anyen pa ka rive n. mMonseyè te la. Li la. Li se fòs. E se li Nou pral wè.


Premye estasyon Nou alaverite se yon vwa k ap trennen nan Wout ki pike ki presi e ki dous anmenmtan " Tout moun rive an byen". Se pa t kesyon monseyè te poze, se di li t ap di nou jan li kontan wè Nou.Li vin resevwa n nan pòt la menm. Pou envite Nou rantre, al manje, al benyen. Pita n a planifye AK li, ak komin n ap kòmanse. Anpil animatè te deja mobilize nan plizyè komin ap tann fòmasyon pou y al aprann frè ak sè yo li ak ekri, apati teknik Pye Palmis pè Georges Mathelier a. Men ni pè Mathelier ni monseyè te konnen byen se konsyans Nou t ap konstwi nan mitan peyizan yo ak pitit yo pou yon lòt Peyi. Yo te konnen byen ETA Ekip teknisyen an Alfabetizasyon an se te kouvèti tou pou n vin pi pre youn lòt nan konba Kont diktati a. E Monseyè te lwen nan sa, li te fon nan konplo sa a, jis li t ap prepare kongrè jenès la nan boul figi diktati a. Monseyè Willy Romulus pa t Konn laperèz. Li pa t pote pantalon gason li ni wòb legliz la pou bèl twèl. Li te konnen ki kote risk yo ka mennen. Men li te angaje kanmenm. Jouk nan bout. Jis nan fè noumenm aprann chante " Legliz te di l'ap fè l , li fè l vre. Pa gen 2 pawòl n ap fè l vre..."


Angajman sa a, akote anpil lòt ankò te mennen monseyè pran risk fè mobilizasyon ak Nou nan katedral Pòtoprens jiskaske men sal yon bann  sanmanman atache anba lòd atache toto constant ak lame Dayiti, touche wòb pè a e frape l.  Malgre tout imilyasyon sa yo,  li kontinye akonpaye jenès la nan tout konba Rezistans Kont poutchis yo.


Moun sa a ki deplase, jou jodi 12 Out 2025 la, nan selebrasyon fèt Sainte Claire sou yon bò, e nan onè Séverine ak tout Klèmezin Klèmèy, li pa fouti mouri. L ap rete klere klere nan mitan kretyen yo tankou lanp ki nan men Sainte Claire la, l ap rete gid Noumenm pèp ayisyen tankou Séverine ak tout Klèmezin toujou kanpe djanm pou bale Kay la jouk Nou pote Laviktwa nan  konba pou yon lòt LETA AK Sèvitè ki angaje sou BAZ  Etik JISTIS AK SOLIDARITE nan Peyi a.


Sonn.
Rodolphe Mathurin

 

Rodolphe "Sonson "Mathurin militan pwogresis ,ekriven ak pwofesè matematik

Rodolphe "Sonson "Mathurin militan pwogresis ,ekriven ak pwofesè matematik

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article