Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Rasanbleman pou sove TPS pou Ayisyen

Rasanbleman pou sove TPS pou Ayisyen
Rasanbleman pou sove TPS pou Ayisyen
Rasanbleman pou sove TPS pou Ayisyen
Publicité

Brooklyn ,Nouyòk,28 dawout 2025 -Tinouvel.com 


Rasanbleman pou sove TPS pou Ayisyen


Eli Nouyòkè yo Mande pou Pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè pou Ayisyen yo

 

Lari Flatbush te chaje moun,  fwa sa a se te pou yon bon koz, yon mobilizasyon san parèy te pran fòm nan dat 27 out la. Eli lokal yo, aktivis yo, ak manm kominote ayisyèn nan te rasanble nan yon sèl vwa  pou defann Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou prèske 500,000 Ayisyen  san estati legal pèmanan Ozetazini, kote gen plizyè milye kap viv nan Vil Nouyòk. 2 septanm,  se dat administrasyon Trump te fikse  odebi pou kanpeTPS pou Ayisyen, anvan jou sa a kominote a te fè tande vwa ak anpil detèminasyon . Erezman, dat limit sa a te pwolonje gras a entèvansyon yon jij federal ki te kenbe estati a jiska fevriye 2026.


"Nou ap la pou kominote ayisyèn nan Brooklyn, paske yo te toujou la pou nou," Antonio Reynoso te deklare, pou rezime lespri solidarite ki t ap pouse mobilizasyon sa a. Deklarasyon sa a rezone patikilyèman nan yon katye kote kilti yo melanje e kote dyaspora ayisyèn  reprezante yon fòs ekonomik ak sosyal vital.


“Vwazen nou yo ki soti Ayiti te vin isit la  paske yo te bezwen  refij kont yon seri gwo dezas, kriz, ak enstabilite politik, epi nou kanpe fyèman bò kote yo pou mande pou yo mete fen nan efò administrasyon Trump la ap fè pou revoke TPS pou Ayiti,” li te ajoute nan yon kominike pou laprès apre evènman an.

Pandan rasanbleman anpil moun ak oganizasyon te pran lapawol tankou konseye minisipal Vil Nouyòk yo Farah Louis, Rita Joseph, Chi Ossé ak Alexa Avilés, Defansè Piblik Jumaane Williams, ansanm ak depite nan Eta Nouyòk yo Phara Souffrant Forrest ak Monique Chandler-Waterman.


"Ki sa ki nan pi bon enterè Etazini? Plizyè dizèn milye  Ayisyen ki gen TPS yo pa yon chay pou leta. Yo pito se yon benefis. Yo legal. Y ap travay. Yo se vwazen nou yo. Yo se kòlèg travay ak kontribyab ki kontribye nan ekonomi nou an chak jou," Jocelyn McCalla, direktè egzekitif Fondasyon Ayisyen-Ameriken pou Demokrasi a, te di nan diskou li pandan rasanbleman lendi a.


Pandan rasanbleman an, Stephanie Delia, yon avoka imigrasyon ak direktè egzekitif Little Haiti BK, te montre anjeu ekonomik TPS a. "Moun ki resevwa TPS yo travay, peye taks, genyen kay , achte nan tout magazen yo epi kenbe magazen sa yo vivan," li te deklare .

Apre tantativ Sekretè Depatman Sekirite Entèn Etazini (DHS) Kristi Noem pou  kanpe TPS la an Jiyè, senk Ayisyen ki gen TPS te depoze yon plent an aksyon kolektif nan yon tribinal federal nan Washington D.C. nan yon tantativ pou bloke administrasyon an pou l pa mete fen  nan estati sa a an Fevriye. Pleyan sa yo te di desizyon DHS la te inyore danje ki gen nan peyi Dayiti  epi li te baze sou motivasyon rasis  rejim aktyèl sa a.


Politik imigrasyon administrasyon Trump lan gen gwo enpak ekonomik nan Flatbush. Depi janvye, lè Prezidan Donald Trump te akselere represyon kont imigrasyon , katye imigran yo atravè peyi a te konstate yon bès nan trafik moun nan lari yo , nan frekantasyon moun yo nan legliz,lopital ak nan  aktivite komèsyal yo. Delia te di Flatbush pa t yon eksepsyon, sitiyasyon an vin pi mal apre desizyon administrasyon Trump lan pou kanpeTPS.


"Tout moun te wè yon bès nan trafik ak yon bès nan lavant kòm rezilta nouvo politik imigrasyon yo," te ajoute Glenda Elie, ko-pwopriyetè Anba Tonèl Restaurant Group, ki gen yon  restoran Ayisyen nan Flatbush. Li estime lavant li yo te bese omwen 30 pousan depi janvye.


Vil Nouyòk se kote ki gen dezyèm pi gwo popilasyon Ayisyen-Ameriken nan peyi a apre Miami, ak plis pase 150,000 rezidan Ayisyen. Yon pòsyon enpòtan nan kominote a konsantre nan Brooklyn, patikilyèman nan Flatbush, yon katye  yo rele souvan "Ti Ayiti."


Life of Hope, Haitian Americans United for Progress, ak Asosyasyon Klèje Evanjelik Ayisyen an te patisipenan rasanbleman pou sove TPS pou Ayiti.

 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article