Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Retounen Lakay nou : Ak ki kle, nan ki pòt, nan ki twou, ak nan ki kay

Pòtoprens ,Ayiti 28 dawout 2025 -Tinouvel.com 

Retounen Lakay nou : Ak ki kle, nan ki pòt, nan ki twou, ak nan ki kay

Dimanch 24 Out 2024 la ap rete grave nan memwa kolektif rezidan Solino , Delmas 30,24 ,18, 19 ak Nazon . Pou reponn a apèl Jimmy Chérisier, alyas "Barbecue", pòtpawòl Kowalisyon Viv Ansanm, plizyè santèn rezidan te deside kite abri provizwa yo pou te   retounen nan katye yo. Men, retou sa a yo tap tann depi byen lontan te tounen yon afwontman douloure ak reyalite destriksyon an.

Yon apèl pou retounen nan move  kondisyon 

Chèf  tou pwisan gang viv ansanm an,  te lanse yon apèl ijan bay tout rezidan Solino, Delmas, ak Nazon k ap viv nan kan deplase yo. "Retounen lakay nou," li te deklare nan rezo sosyal yo. Yon mesaj ki te rezone kòm espwa pou plizyè milye fanmi  vyolans te chase yo lakay yo kote yo tap viv pezibman.Li te  menn anonse ti misye ak zam li yo ap kite katye rezidansyèl sa yo.

Ironi sitiyasyon an te klè pou tout moun: menm moun ki te kontribye nan ekzile yo   kounye a  ba yo  pèmisyon pou retounen. Men, retounen ki kote egzakteman? Nan ki kondisyon? Avèk ki kle pou ouvri pòt ki pa egziste ankò?

Yon gwo chòk emosyonèl

Dimanch sa a, kèk  rezidan te derape yon pelerinaj pou ale wè ak 2 nawè yo, 2 je pou yo wè sak rete  nan Solino. Se te yon atmosfè  alafwa nan fèt ak nan enkyetid. Nan  delmas 30,  27 Août 2025  se te tou abitan sa   yo  pou pran "plezi" makiye pou al gade  kay yo.

Yo te netwaye lari yo, yo te retire debri yo, ak oganize Kawach (yon pratik benyen nan mitan lari ak dlo nan drump )men kesyon ki   toujou  rete nan tèt yo: ki lè yo  ap kapab vrèman viv nòmalman nan katye sa yo ankò?

Dekouvèt la te brital. Kay boule, biznis piye, enfrastrikti detwi.Kay san pòt.Pòt san kay.Gwo twou sèvi pou pòt . Kay san do kay ak san fenèt.

Peyizaj ki te familye yo te transfòme an yon sèn dezolasyon.Katye sa yo te sanble preske tankou 2 gout dlo kote lame Israel ak Larisi Bombade . Sa bandi Viv ansanm rive fè nan kèk mwa Laris pran 3 zan an Ikrèn,Israel nan yon lane nan Gaza, malgre gwo domaj sa yo, anpil rezidan te eksprime soulajman yo dèske yo te finalman kapab mete pye nan katye yo a ankò.

Temwayaj tris Yves Lafortune

Pami vwa ki te leve pou temwaye trajedi sa a,se te vwa Yves Lafortune . li te  rezone ak yon tristès patikilye. Pawòl li yo te ranpli ak doulè .Li dekri yon imaj makab sou destriksyon an:

"Men sa ou te fè lakay mwen anvan ou te envite m retounen. Pa gen anyen ki te rete: ni twalèt yo, ni fè fòje yo, ni ane efò mwen  ki te grave sou mi yo. Tout bagay te disparèt, gaye, detwi."

Sou dekomb kay mwen an , yon sèl temwen sou sa ki te pase a : yon grafiti vanjans ki  pwoklame "Wa Babekyou." "Wa Babe" yon senbòl sinik yon pouvwa ki etabli sou ruin lavi ki brize.

"Mwen pa t panse mwen t ap tèlman afekte. Men, mwen admèt: Mwen choke,"dapre sa Lafortune ekri, pou montre chòk plizyè milye fanmi te sibi menn jan ak li anba men  bandi yo.

Ki Mekanis bandi mete  pou detwi katye sa yo san yo pa regrè anyen ?

Pou konprann gwosè dezas sa a, nou dwe analize estrateji metodik gang yo te itilize pou pran teritwa yo. Pwosesis la toujou menm: envazyon bridsoukou (kout sipriz), gwo kout bal pasi pala pandan anvayisman, ak mete dife depi anlagan . Objektif la: teworize popilasyon an epi fòse yo kouri.

Men, anvan yo detwi tout bagay(menn tòl kay la yo volè), gang yo òganize piyaj sistematik. Yo rekipere bagay ki gen valè, pafwa yo transpòte yo nan kamyon, epi answit yo revann yo nan mache yo a pri ki ba anpil ,dapre yon atik Ayibopost ."(Télévisions, draps, réfrigérateurs… Au‑delà de la politique, les gangs veulent de l’argent) ".

Ekonomi paralèl sa a te obsève nan plizyè mache nan kapital la tankou  Vilajdedye, Mache Salomon ( lè li te la ), sant vil la ak Mache Diquini.Gang ki sentire Pòtoprens vin vann kabann, pandri ak televizyon yo te pran nan kay yo te piye yo.Mache ilegal sa a ap pwospere nan mitan yon  trajedi imen an.

Ekspansyon gang yo sitou akonpaye ak destriksyon sistematik eritaj kominote a. Sant Dadadou a,Jimnasyòm Vincent ak Saint-Yves, ak tout lòt   kote ki reprezante  memwa kolektif yo pase anba men ak flanm dife teworis sa yo, Yves Lafortune  byen kalifye destrisksyon sa a "rayisman sosyal, yon fòs san pitye, menm ki pi destriktè pase vyolans zam yo."
 
Yon bann kesyon san repons

Pandan moun yo ap eseye reprann katye yo, anpil kesyon rete poze . Kijan nou pral ka rebati sou fondasyon frajil sa yo? Kijan nou ka fè konfyans ak yon moun ki anvan te detwi tout bagay  kounye a pwomèt lapè? Kijan nou ka louvri pòt yo ki pa egziste ankò ak kle ki te fonn nan dife ?

Retou nan Solino,Delmas e latriye senbolize dilèm trajik Ayiti a: ant espwa lejitim pou retounen nan yon lavi nòmal ak reyalite san pitye yon peyi  demon li yo pran otaj  . Abitan yo retounen, sètènman, men nan ki kay? Avèk ki sekirite? Ak ki avni?

Grafiti "Wa Babe" a sou kay kraze Yves Lafortune an  petèt rezime absidite sitiyasyon an: yon kouwònman ki ekri ak lèt ​​ sann dife , yon rèy ki chita sou pousyè  yon lavi ki brize pak an pak .

"Viv Wa a," Lafortune ekri avèk yon doulè ki anmè tankou fyèl. Mèsi pou lapè a, si se lapè vre.

Kesyon yo  rete san repons pou moun kay  kraze nan Solino,Nazon,Delmas ..... 

Eske yo pral rele "Viv Wa ki te sot" 

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Ayibopost ,Yves Lafortune

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article