Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Yon ayisyen  kap viv Florid anba kòd apre li finn vòlè   envestisè Ayisyen yo pou plis pase $600,000

Marc Henry Menard
Marc Henry Menard

Marc Henry Menard

Publicité
MarcHenryMenard,
MarcHenryMenard,

MarcHenryMenard,

NEW YORK – Etazini ,12 dawout 2025 -Tinouvel.com

Krim ak Jistis

Yon ayisyen  kap viv Florid anba kòd apre li finn vòlè   envestisè Ayisyen yo pou plis pase $600,000


Pwokirè Jeneral Letitia James anonse arestasyon MarcHenryMenard, yon moun kap viv Florid kounye a ki te rete Mineola, Nouyòk anvan sa a te akize  yon frod nan envestisman pandan twa lane  ki te vize envestisè Ayisyen yo epi ki te vòlè plis pase $600,000 nan men 11 envestisè. Menard swadizan te mande manm kominote Ayisyèn nan pou envesti plizyè milyon dola nan konpayi li a, Marcotech LLC.

Menard te vize Ayisyen nan konte Nassau, Suffolk, Rockland, ak Queens, ansanm ak Florid ak Georgia. 


Menard, ki pat anrejistre legalman pou ofri ou byen vann byen mobilye, te mande moun ki pa t pè anyen pou envesti plizyè santèn milyon dola, paske li te fè pase pou yon bizisman ki te gen anpil siksè epi li te kapab jenere jiska 20 pousan retou pa mwa  atravè konpayi li a, Marcotech LLC, soti Jiyè 2020 rive Jen 2023 .Li  te pwomèt  envestisè nan kominote Ayisyen yo atravè plizyè eta 12% a 20% pa mwa. Olye de sa, li te  transfere lajan envestisè yo nan kont komèsyal pèsonèl li, kote li te  pèdi  anpil lajan nan transaksyon ki te gen anpil risk ,yon pèt ki estime ak plis pase $670,000.


Menard te itilize lajan envestisè li yo tou pou peye depans pèsonèl li, achte rad chè nan men designer.Li te depanse plis pase $100,000 nan vwayaj nan peyi Tiki, Pòtoriko, ak Disney World, yon Mercedes-Benz 2021 ak yon BMW 2022, epi li te achte nan magazen liks tankou Louis Vuitton ak Gucci.

Yo te akize Menard ak  chèf 24 akizasyon ak plizyè akizasyon pou Gran Vòl ak Fwod Tit, ou  byen  falsifikasyon dosye biznis ak konplo pou twonpe moun.


Konplo a te fè anpil bri  apre ansyen kout panzou Eddy Alexandre te bay  kominote nan zafe kripto  atrave  EminiFX Ponzi a.


Pou kontinye fwod li a, Menard te montre envestisè yo yon fo resi ATM ki montre yon balans kont labank ki plis pase 8 milyon dola, ansanm ak yon fo ekran komès ki montre yon valè nèt kont ki plis pase 1 milyon dola. Envestisè Menard yo te konte sou fo deklarasyon sa yo, yo te kwè yo t ap fè pwofi enpòtan, epi yo te kontinye envesti. Ankèt Biwo Avoka Jeneral la te revele , an reyalite, ant Jiyè 2021 ak Oktòb 2022, pi gwo balans nèt kont komèsyal Menard te $240,000 epi pi gwo balans kont labank li te $301,000.

 

Yo te arete Menard nan Sunrise, Florid, epi li te konparèt jodi a devan jij Tammy Robbins nan Lakou Siprèm Nassau a. Yo te lage Menard a kondisyon pou li bay yon rapò chak semèn epi yo te ba li lòd pou l remèt paspò li epi pou l pa vwayaje andeyò Nouyòk ak Florid. Si yo kondane l pou pi chef akizasyon prensipal  la, Menard ka fè fas ak yon santans maksimòm senk a kenz ane prizon.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 

Pwokirè Jeneral Letitia James

Pwokirè Jeneral Letitia James

Publicité
Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article