Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Ayiti- krim ak Jistis : Ansyen direktè TNH Gamall Jules Augustin anba kòd pou  koripsyon apre rekòmandasyon ULCC

 Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Gamall Jules Augustin
 Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Gamall Jules Augustin
 Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Gamall Jules Augustin

Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Gamall Jules Augustin

Publicité

Pòtoprens ,Ayiti 24 septanm 2025 — Tinouvel.com

 

Ayiti- krim ak Jistis : Ansyen direktè TNH Gamall Jules Augustin anba kòd pou  koripsyon apre rekòmandasyon ULCC


Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayiti (TNH), Gamall Jules Augustin se twazyem gwo bawon PHTK apre Profane  Viktor ak Magalie Abitan ki nan men lajistis swa pou lyen yo ak gang ou byen ki kraze kès  leta . Gamall Jules Augustin vin ajoute nan long lis ka koripsyon  Inite Anti-Koripsyon Ayiti a (ULCC) ap pouswiv depi 2004.


Tout bagay yo te komanse lè Sendika anplwaye medya leta a, SEME te pwoteste  lè yo te nonmen Augustin nan yon komisyon pou restriktire TNH, manm  Sendika  te egzije pou yo retire Gamall Jules Augustin  nan komisyon an  e RUDY Sanon nan emisyon" Kisa nou vle " te fè yon petisyon pou denonse epi  depoze l ak 6 mil siyati  devan ULCC pou yo fè yon ankèt sou jesyon li apre  Anplwaye TNH yo akize Augustin kòm yon alye pwòch ansyen Prezidan Michel Martelly, ki te kraze chèn televisyon nasyonal la epi detounen lajan ki te destine pou estajyè ak achte  materyèl  pou TNH.Sa ki te mennen  revokasyon  Gamall Jules Augustin  anba presyon sendika a.


Nan mwa me, ULCC te konvoke plizyè moun nan kad yon ankèt sou swadizan koripsyon pandan  Augustin te direktè TNH. Nan menm mwa sa a, Sekretè Jeneral SEME a, André Frasmé, te di Augustin ak direktè finansye li, Harlem Michel, te detounen gwo sòm lajan.


Frasmé te deklare  plis pase 1.7 milyon goud oswa 13,076.92 dola ameriken pou estajyè te disparèt epi 3.25 milyon goud oswa 25,000 dola ameriken pou achte  gaz pa t  kontabilize .Li te di Augustin te ogmante kantite sit TNH ki an fonksyon pou jistifye depans sa yo .


Dapre medya lokal yo, Augustin ta falsifye siyati responsab lojistik la tou pou l te achte ekipman san otorizasyon epi li te bay kontra san yo pa fè apèl dòf piblik.


Ansyen Direktè Jeneral Televizyon Nasyonal Ayisyen an (TNH), Gamall Jules Augustin, te jwenn aretasyon li  apre yon odyans manch  long nan  Inite Anti-Koripsyon an (ULCC) .


Yo te arete l  epi  te mennen menote devan Komisè Gouvènman an nan Tribinal Premye Enstans Pòtoprens, Fritz Patterson Dorval, Madi 23 Septanm 2025 sou akizasyon... detounman fon, abi pouvwa, konfli enterè ak falsifikasyon dokiman ak fo dokiman piblik .Sendika TNH a te depoze plizyè plent pou denonse jesyon "katastwofik"li  pandan tan li te nan tèt televizyon piblik la.


ULCC a poko pibliye rapò konplè sou ka a. Pou kounye a, Augustin toujou an detansyon nan biwo pwokirè Pòtoprens lan, annatandan yon desizyon sou si yo ap lage l oswa transfere l bay yon jij enstriksyon.

 

Mario Delcy, avoka ansyen direktè jeneral la, dekri arestasyon kliyan li an kòm "ilegal". Dapre li, lwa ki kreye ULCC a pa bay enstitisyon an pouvwa pou l bay lòd pou arete l e mete nan prizon . Li wè sa kòm yon desizyon abitrè ki vyole pwosedi etabli yo, kidonk li mande liberasyon imedya kliyan li an.

 

Gamal Augustin,  te dirije Televizyon Nasyonal Ayisyen lan plizyè fwa,   2012 - 2014 epi  2015 rive 12 fevriye 2024, pase premye nwit li nan prizon.

Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com

 Gazette HAITI ,Haitian Times

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article