Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

ICE arete Biznisman Ayisyen Dimitri Vorbe  epi mete l nan prizon Ozetazini

Dimitri Vorbe PDG Société Générale d'Énergie (SOGENER)

Dimitri Vorbe PDG Société Générale d'Énergie (SOGENER)

Publicité

Miami , Florida ,24 septanm 2025 — Tinouvel.com


ICE arete Biznisman Ayisyen Dimitri Vorbe  epi mete l nan prizon Ozetazini


Ajan Envestigasyon Sekirite Entèn (HSI), yon branch nan Depatman Sekirite Entèn (DHS), te arete biznisman Ayisyen Dimitri Vorbe lakay li Ozetazini,  Madi 23 Septanm 2025,dapre sous pwòch fanmi Vorbe ( Le Nouvelliste) .


"Yo te vin lakay li ,pran li epi yo ale ak li . Pa gen plis detay pou kounye a," sous la te ajoute.Sa fè dezyèm fwa otorite imigrasyon ameriken yo te  arete Dimitri Vorbe , premye fwa se te  nan mwa Out 2020, epi otorite ameriken yo te deja kenbe paspò li depi lè sa a pou fanmi an te ka jistifye prezans li te byen koni sou tè ameriken e te kapab anba gwo siveyans depi premye arestasyon li an 2020, sa ki te mete limite  mouvman li yo .


Dimitri Vorbe, yon gwo pèsonalite  nan sektè prive Ayisyen an e PDG Société Générale d'Énergie (SOGENER), youn nan pi gwo konpayi elektrisite prive ann Ayiti, te sove al kache Ozetazini an Desanm 2019 pou  chape anba pouswit jidisyè.Li te kouri kite  peyi akoz gwo tansyon politik ak opozisyon li ak Prezidan Jovenel Moïse ki te toujou ap menase li pou arete li pou tèt li tap vann black out.

Dapre dosye ICE (Immigration and Customs Enforcement, Ladwàn ak Ranfòsman Lalwa Etazini )  yo, Dimitri Vorbe aktyèlman nan Sant Detansyon Krome nan Florid. Sant sa a, ki sitiye toupre Miami,  la pou akeyi moun ki nan sitiyasyon  iregilye oswa moun k ap tann pwosedi imigrasyon yo.

Yon rechèch nan dosye tribinal Florid yo pa bay  okenn akizasyon fòmèl  yo genyen kont li pou kounye a. Yon pòtpawòl ICE pa t fè  kòmantè konsènan arestasyon sa a, dapre Associated Press (AP).
Arestasyon sa a vini apre arestasyon biznisman Reginald Boulos, sanksyon Etazini  kont de ansyen palmantè Ayisyen, Senatè Antonio Cheramy, aka Don Kato, ak depite Arnel Bélizaire, pou zak "koripsyon " epi ki te kont enterè Washington san konte yo koupe viza ameriken  yon ventèn manm nan sektè prive ayisyen   tankou tout  manm konsèy adminisatrasyon  UNIBANK.


Ronald Leon
tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous Le Nouvelliste, Le rendez vous ak Assade Volcy

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article