Overblog Tous les blogs Top blogs Politique Tous les blogs Politique
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
MENU

Bon nouvèl ,move nouvèl tout sou Tinouvèl

Publicité

Sesefe sou Kondisyon: Yon Trèv Frajil nan Gòlf la

Sesefe sou Kondisyon: Yon Trèv Frajil nan Gòlf laSesefe sou Kondisyon: Yon Trèv Frajil nan Gòlf laSesefe sou Kondisyon: Yon Trèv Frajil nan Gòlf la
Publicité

New Jersey ,Etazini,08 Avril 2026 -Tinouvel.com


Tradiksyon atik Juan Chingo Révolution Permanente

Lagè nan Mwayen Oryan an


Sesefe sou Kondisyon: Yon Trèv Frajil nan Gòlf la


Anons Donald Trump pou yon sispann batay pou de semèn ak Iran depann de reouvèti estratejik detwa Ormuz la sa montre  se yon poz taktik nan yon konfli ki te ap vin pi grav  de jou an jou  . Trèv sa a se rezilta presyon diplomatik aktè tankou Pakistan te fè, e ki enplike, dapre plizyè sous, entèvansyon endirèk Lachin nap siyale se pa yon tounan estriktirèl, men pito ouvèti  yon peryòd  ki chaje ak ensètitid.

Teheran te dakò pou l antre nan negosyasyon pandan peryòd sa a, pandan li di klèman  lagè a pa fini . Demand Iran an pou yo dedomaje li , ansanm ak reklamasyon li pou kontwole trafik nan detwa Ormuz la, montre pozisyon pou l te negosye angran moun pa te rive  febli  yo definitivman. Okontrè, fèmti detwa a anvan ak kapasite li pou fikse kondisyon pou reouvèti li te ranfòse avantaj estratejik li sou  echikye rejyonal la.

Rezilta pwovizwa a pa favorab ditou pou Washington. Iran kenbe kapasite kle nan pwogram nikleyè ki rive sou rezo alye rejyonal li yo epi li demontre kapasite rezistans militè yo. Rejyon an, pa sou chimen pou l estabilize, kounye a li plis ekspoze ak yon seri nouvo kriz, pandan  alye Etazini yo ap fè fas ak yon deteryorasyon nan sekirite yo ak koyezyon politik yo.

Pou Donald Trump, trèv sa a sèvi an menm tan kòm yon siy feblès ak yon pòt sovtaj  politik. Eskalad an te riske alimante yon vag kondanasyon mondyal toupatou, pandan  menas li yo kont Iran te deja jenere yon gwo malèz menm nan pwòp baz politik li. Kidonk, trèv la pa reflete yon pozisyon fòs, men pito limit yon estrateji ki te kòmanse  kontproduktiv. Olye pou l ranvèse dinamik sa a, li konfime li. Ejemoni ameriken an montre siy frajilite k ap ogmante, epi epizòd sa a parèt kòm yon nouvo manifestasyon ewozyon sa a.

tinouvel.com@gmail.com
@ti_nouvel
www.haitianmediaunited.com
Sous :Révolution Permanente

 

Retour à l'accueil
Partager cet article
Repost0
Pour être informé des derniers articles, inscrivez vous :
Commenter cet article